Aller au contenu

Oganizasyon ayisyèn yo voye jete pwojè ZLEA a

  • ZLEA

Nou menm fanm ak gason ki repranzante plis pase 80 òganizasyon nan peyi a e ki sòti nan 8 depatman, nou te reyini nan Otèl Kristofè nan Pòtoprens nan dat 12, 13 ak 14 novanm 2003 pou nou analize pwojè ZLEA a.


Pandan 3 jou nou koute analiz ak enfòmasyon ki sòti nan bouch CLED, Group Croissance, Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Pwofesè nan Inivèsite, Ministè agrikilti, Biwo Odonatè nasyonal Iniyon Ewopeyèn, ONG entènasyonal tankou Oxfam Angletè ak Médecins sans frontières (MSF), nan bouch plizyè òganis ak ONG ayisyen, nan bouch reprezantan òganizasyon de baz yo ak nan bouch plizyè espesyalis ki sòti nan PAPDA.

Nou konstate:

– Gouvènman peyi d Ayiti, sitou biwo ki plase pou fè suivi akò entènasyonal yo pa enterese bay enfòmasyon sou kisa lap regle nan negosyasyon sa yo;
– Delegasyon Gouvènman ayisyen ap monte desann lòt bò dlo pou vann peyi a ti moso pa ti moso nan negosye yon seri akò chanpwèl kap menase lavi moun ak diyite nou kòm pèp;
– Dyalòg pou Gouvènman an se pawòl anlè lè nou konsidere yo pa janm vle lanse yon deba sou ansanm papye lap siyen so do pèp la tankou akò sou ZLEA, tankou angajman pou mete ZLEA kanpe an 2005;
– Sitiyasyon ekonomik mas pòv yo ap degrade chak jou piplis e siyati pwojè ZLEA a pral agrave sitiyasyon tout travayè nan kontinan e lap angrave pwoblèm ti peyi pòv yo;
– Gen gwo enterè dèyè pwojè ZLEA epi moun ki ap sibi konsekans yo se mas pòv yo, peyizan, fanm, etidyan, timoun, ti antrepriz yo. Move sitiyasyon sa a sòti tou nan mare vant Pèp la nan pye tab peyi meriken;

Pandan 3 jou sa yo nan deba ak nan atelye nou te kontan diskite sou divès aspè pwojè ZLEA. Nou dekouvri ZLEA reprezante yon gwo danje pou tout Pèp kontinan an.

ZLEA a se yon zouti ki la pou ranfòse dominasyon ekonomik ak politik enperyalis meriken sou kontinan an e li ka detwi dwa granmoun pèp nou yo; fè plis mizè blayi, kraze ekonomi peyizan yo; demantibile sektè ti antrepriz yo; demantibile Leta e anpeche li jwe wòl li nan kesyon sèvis piblik de baz; detwi ak privatize sèvis piblik yo; depafini piplis ak anviwònman kap vin yon senp machandiz pou fè biznisman kapitalis fè plis lajan; fè peyi nou yo vin pi depandan nan ekonomi ak plis defisi kòmèsyal e nan peye plis dèt sèkèy madoulè nap peye depi plizyè syèk; ZLEA ap pèmèt lame peyi Etazini mete plis baz militè e mete plis represyon ak plis kontwòl sou Pèp nou yo ak sou fwontyè nou yo.

Nou konstate ZLEA se pwolonjman menm politik ajisteman estriktirèl Enstitisyon tankou FMI, Bank Mondyal enpoze nan peyi a depi koumansman ane 80 yo ak konplisite Gouvènman restavèk (ak kèk eksepsyon nan kontinan an) nou toujou genyen depi ane 80 yo jouk jounen jodia. Politik sa yo fè youn ak pwosesis eksplwatasyon san gade dèyè klas dominan yo. Nou wè kijan politik liberalizasyon afekte pwodiktè peyizan kap pwodui depi dikdantan ak zong li pou li founi mache lokal la manje e ogmante pwoblèm ensekirite nan zafè manje.

– Nou denonse reyinyon Minis Kòmès yo ki fèt nan Miyami kote nou pa konnen kisa Gouvènman ayisyen an ap defann ni kouman lap negosye enterè pèp ayisyen an;
– Nou deklare, nou pa voye moun patisipe nan reyinyon, nou pa reskonsab okenn zak ni papye yo ta siyen nan non nou menm pèp ayisyen;

Dapre konsta yo nou te rive fè nan tout deba ak atelye travay nou te genyen, Nou ekzije:

1. Gouvènman an pou li rann piblik tout angajman li pran sou do nou nan kad pwojè ZLEA

2. Nou mande pou Gouvènman an kanpe sou tout negosyasyon nan
kad ZLEA jouk nou rive fè yon referandòm popilè kote tout popilasyon an ap rive bay pozisyon yo si wi ou non yo dakò pou nou rantre nan ZLEA a.

3. Pou gen bon jan patisipasyon tout sektè nan tout konsiltasyon kap fèt sou tout dosye ki gen pou wè ak lavni peyi a. Yon ti gwoup pa kapab ap deside nan plas tout moun.

4. Gouvènman an dwe lanse yon veritab deba sou kouman pou nou rive tabli bon jan mwayen pou popilasyon an rive bay dizon li sou yon plan batay kont lamizè soti nan seksyon kominal pou rive nan depatman yo.

– Nou apiye tèt kale deklarasyon òganizasyon peyizan ki soti nan 13 peyi ki te rasanble nan Okap nan kad Twazyèm asanble Pèp Karayib yo te fè kote yo te denonse ZLEA kòm youn nan prensipal lènmi rejyon an jodia;
– Nou mande tout sektè nan peyi a: fanm kou gason, peyizan, etidyan, ti machann, sendika, pwofesyonèl, inivèsitè, entelektyèl, atis, ekriven, elèv lekòl, paran èlèv lekòl, pwofesè, chomè, òganizasyon baz tout kalte, asosyasyon patron yo, chanm komès yo, pou yo leve kanpe pou yo defann enterè yo ak enterè peyi a ki menase anndan ZLEA a;
– Nou mande yo pou yo patisipe nan tout mobilizasyon ki gen pou objektif bloke kous kapitalis la nan fè peyi pòv yo tounen depo fatra ak pwodui pèpè;
– Nou mande pou tout popilasyon peyi a bay dizon yo sou ZLEA a nan siyen petisyon nasyonal kont ZLEA pou nou di ki sa nou vle pou peyi a;
– Nou mande yo pou yo koumanse yon kanpay bòykòt pwodui pèpè nan konsome sa ki pwodui lakay nou pou ankouraje peyizan lakay;
– Nou apiye batay Mouvman peyizan ap mennen nan Nòdès la pispesyalman nan Pitobè kont enstalasyon zòn franch sou tè fètil. Nou mande pou yo sispann fè represyon nan zòn sa a. Nou kondane plan Hispaniola la kap pote plis mizè sou fwontyè e kap konwomèt dwa gran moun nou sou teritwa a.
– Nou apiye tout travay pledwaye Alyans Sosyal Kontinantal (ASC) ap fè nan chache lòt kalte modèl entegrasyon ki respekte dwa granmoun pèp yo.
– Nou apiye mobilizasyon kap fèt nan tout kontinan an, tankou plebisit ki fèt Brezil, Meksik ak Ajantin ak tout lòt gwo mobilizasyon kote Pèp nan kontinan tankou nan Bolivi ak Ekwatè
– Nou apiye mobilizasyon pou yon jistis global mouvman sosyal nan tout kontinan an ap reyalize nan dat 19-21 novanm nan Miyami pou denonse reyinyon Minis Kòmès yo ak oryantasyon diskisyon yap menen yo. Avèk yo nap di tout Pèp nan kontinan nan kont pwojè ZLEA a.

Nou menm reprezantan plis pase 80 òganizasyon kite reyini nan Otèl Kristofè soti 12 pou rive 14 novanm lan, nou deklare:

– Nou lanse yon mobilizasyon manch long nan tout peyi a kont ZLEA a ak tout sa ki ta anpeche volonte pèp la pou li goumen kont lamizè
– Nou apiye twazyèm rankont kontinantal kap fèt nan peyi Kiba sòti 26 pou rive 29 janvye 2004 nan la Havan Kiba. Nou ankouraje patisipasyon òganizasyon ayisyèn yon an rankont sa a kote nou pwal fè bilan e defini estrateji mobilizasyon pou peryòd 2004-2005 la.
– Nou pral kreye toupatou, nan kat kwen peyi a ti komite mobilizasyon ak patisipasyon tout sektè pou fè pwopozisyon altènativ fas ak pwojè ZLEA nan menm sans ak dokiman ASC a: “Altènativ pou Amerik yo“.