Aller au contenu

Neyoliberalis, Pwogram Ajisteman Estriktirèl ak Privatizasyon nan peyi d Ayiti

Depi lemonn egziste, moun te toujou gen bezwen: bezwen manje, kay, rad, dlo, … Men resous (latè, lajan, moun, zouti ak machin, elatriye) pou satisfè tout bezwen sa yo trè piti. Pa gen okenn peyi sou la tè ki gen tout resous li bezwen. Konsa, chak peyi vin blije fè echanj, komès ak lòt pou l ka jwenn resous li pa genyen. Se ansanm echanj sa yo, ekonomis yo rele KOMES ENTENASYONAL.
Nan komès ant tout peyi yo, gen de (2) kokenn chenn lide: Pwoteksyon ak Liberalis. Se dezyèm lide a (Liberalis la) ki vin pran yon lòt fòm ki rele NEYOLIBERALIS oubyen PLAN NEYOLIBERAL.


Lè n gade se plan sa a peyi rich yo (Etazini, Japon, Almay, lafrans, Angletè, Kanada, Itali ak Larisi) ap fòse peyi nou an ak peyi pòv yo aplike, li enpòtan anpil anpil pou n wè ansanm sa l ye, mezi ladan ak pwogram ki itilize mezi sa yo. Men anvan, vin nou eseye wè sa pwoteksyonis la ak liberalis la ye.

PWOTEKSYONIS LA AK LIBERALIS LA: SA YO YE?

Pwoteksyonis la se yo kokenn chenn lide ki di Leta dwe rantre nan ekonomi yon peyi pou l pwoteje kont peyi etranje. Dapre patizan l yo, lè yon peyi pwoteje fwontyè l, li vann plis pwodui aletranje e l achte mwens pwodui lòtbò, l ap vin pi rich. Pwoteksyonis la ap:

  • Pèmèt plis moun jwenn travay paske konkirans avèk lòt peyi kapab bay endistri, antrepriz nasyonal yo pwoblèm e li ka fè vin gen plis moun nan chomay;
  • garanti devlòpman endistri ki fèt yo;
  • fè ekonomi nasyonal la vin pi estab, pi ekilibre.
    Liberalis la, bò kote pa l, se yon kokenn chenn lide ki vle Leta retire kò l nan ekonomi an. Ekonomis k ap defann lide sa a fè konprann yon peyi dwe louvri fwontyè l, louvri ekonomi l, fè komès lib e libè ak lòt peyi. Konsa l ap:

    • fè gen konkirans k ap fè pri yo bese e moun peyi sa a ap benefisye l; konkirans ap fè genyen tou konpetisyon e l ap pèmèt devlòpman mache (Mache se yon kote oubyen mwayen ki pèmèt achtè ak vandè yon byen/pwodui rankontre) yo;
    • favorize repatisyon pwodiksyon an ant tout peyi; chak peyi ap espesyalize l nan aktivite l ka jwenn plis kòb ak avantaj.

Neyoliberalis la sa l ye menm? Ki mezi ki ladan n?

NEYOLIBERALIS LA (PLAN NEYOLIBERAL LA): SA L YE? MESI KI LADAN L?

NEYOLIBERALIS LA: SA L YE?

Neyoliberalis la, ki rele ankò Plan Neyoliberal oubyen Politik Neyoliberal, se yon nouvo fòm liberalis la ki parèt depi lane 70 yo. Ekonomis Neyoliberal yo mande pou Leta retire kò l nan ekonomi an. Anndan l nou jwenn anpil mezi, vin nou wè mezi sa yo.

NEYOLIBERALIS LA: MEZI KI LADAN L?

Pami mezi anndan Plan Neyoliberal la, nou ka site:

1. Privatizasyon antrepriz Leta yo;

2. Louvri vant ekonomi peyi a ak lòt e fè komès lib e libè;

3. Bese valè lajan Leta konn depanse nan lasante, ledikasyon, sekirite sosyal, elatriye.

4. Pwodui pou vann sitou ak lòt peyi;

5. Bay sektè prive a plis jarèt;

6. Kite kòb moun konn ap touche ba (sitou nan faktori yo) pou pèmèt etranje vin envesti nan peyi a e pèmèt yo fè anpil benefis;

7. Modènize ekonomi an;

8. Kreye yon klima estab pou envèstisman ak pou vann pwodui aletranje;

9. Libète nan mache chanj yo, nan pri yo, nan voye kòb al lòtbò (transfè lajan), libète pou revoke moun, elatriye.
Tout mezi sa yo fè pati yon gwo pwogram ki rele PWOGRAM AJISTEMAN ESTRIKTIREL (PAE) (nan lang franse PAS); se pwogram sa a, Bank mondyal (BM) ak Fon Monetè Entènasyonal (FME) mande peyi pòv yo aplike.

PWOGRAM AJISTEMAN ESTRIKTIREL LA: SA L YE, BI LI AK MEZI KI LADAN L?

PWOGRAM AJISTEMAN ESTRIKTIREL (PAE) LA: SA L YE?

Se yon non yo bay ak yon ekip mezi Bank Mondyal (enstitisyon finansyè entènasyonal ki ede peyi ki manm li yo rekonstui tèt yo e devlope ekonomi yo. Li te kreye an Jiyè 1944) ak Fon Monetè Entènasyonal (Enstittisyon entènasyonal kite kreye an 1944. Wòl li se: fè ansòt lajan chak peyi ka konvèti nan yon lòt; prete peyi pòv yo kòb avèk kondisyon; veye ekilib ant tout lajan) mande peyi ki dwe oubyen ki vle jwenn bourad nan men yo aplike.

PWOGRAM AJISTEMAN ESTRIKTIREL LA: BI LI

Bi pwogram Ajisteman estriktirèl (PAE) la se:
– Chanje jan sosyete yo te konn mache pandan lane 50 ak 60 yo;
– Kaba nèt ak politik sosyal Leta a (Leta Pwovidans lan (Leat-Pwovidans lan bi li se: Kreye menm kondisyon pwogrè pou tout moun kèlkeswa diferans ki genyen ant moun yo; korije inegalite. Leta sa a chita sou anpil enstitisyon k ap bay sèvis piblik, pran taks sou moun ak ba yo asirans (travay, aksidan, maladi, vye granmoun, manman k ap fè pitit, chomaj);
– Chanje wòl Leta anndan sosyete a.

KONTNI AK MEZI NAN PWOGRAM AJISTEMAN ESTRIKTIREL (PAE) LA

Pwogram Ajisteman Estriktirèl (PAE) a soti nan chanjman ki te genyen nan kondisyon ekonomik yo pandan lane 1973 la (Kriz ekonomik ane 1973 la). Li gen sis (6) eleman ladann: liberalizasyon mache finans lan, komès, chanje politik taks, bloke oubyen elimine salè minimòm, desose Leat ak pwodui pou vann ak lòt peyi. Vin nou wè eleman sa yo grenn pa grenn.

Liberalizasyon mache finans lan

Nan pwen sa a gen sis (6) mezi:

1. Liberalizasyon to chanj (Mache chanj se kote yo achte ak vann lajan (deviz), pri souo mache chanj lan se to chanj)

2. Bese valè kredi Bank santral (enstitisyon Leta ki la pou fè lajan, kenbe lajan lòt peyi, mennen bak peyi a nan nivo politik lajan ak kredi) bay Leta

3. Moute valè kredi Bank Santral bay sektè prive a

4. Elimine sa lalwa te di sou to enterè maksimòm (To enterè sou kredi se Bank Komèsyal ki dwe fikse sa)

5. Bank komèsyal yo dwe pi lib pou fè sa yo vle

6. Bank Santral dwe obsève Plafon finansye (se yo seri limit bank yo pa dwe depase; youn nan limit sa yo se lè yo mande Bank Santral kenbe nan kès li kat (4) mwa enpòtasyon an dola meriken).

Liberalizasyon komès

Pwen sa a gen twa mezi:

1. Bese tarif ladwann (se valè kòb Leta fè ou peye lè yon machandiz ap janbe fwontyè (enpòtasyon/ekspòtasyon). Yo kalkile li 2 fason: a pati valè machandiz la ak pwa li.) sou enpòtasyon

2. Elimine tout tarif ladwann sou ekspòtasyon peyi d Ayiti

3. Elimine tout kota (kantite machandiz ou pa ka depase lè ow ap enpòte) kite ekziste sou pwodui agrikòl yo ki ap rantre nan peyi a.

Chanje politik taks la (politik fiskal)

1. Bidjè Leta dwe pat pou pat, ekilibre

2. Ogmantasyon taks dirèk (lajan yo pran sou yon moun menm oubyen yon antrepriz) sou tout moun

3. Kreye Inite Gran kontribyab (IGK, nan lang franse UGC) nan DGI

4. Bese taks sou moun ki rich

5. Ogmante taks endirèk

Bloke oubyen elimine salè minimòm

Dezose Leta

1. Bese kantite moun k ap travay nan Leta

2. Elimine tout regleman ki jennen mèt konpayi yo

3. Privatizasyon

4. Bese depans sosyal Leta

Powdui pou vann ak lòt peyi

Agrikilti k ap pwodui viv nan peyi a dwe disparèt. Sa nou dwe pwodui se bagay nou ka voye vann lòtbò (sou-tretans, kilti flè, amngo, fri, legim, elatriye). Pou sa ka fèt, y ap mande pou n aplike politik sa yo:

1. Politik enpòtasyon manje

2. Politik djòb

3. Politik manje sinistre

4. Politik rebwazman

5. Politik envestisman

6. Politik kredi

7. Politik repatisyon tè (distribisyon tè)

Pou n Fini

Neyoliberalis la (ak tout Pwogram Ajisteman Estriktirèl ak Privatizasyon an) lakòz gwo leve kanpe nan peyi pòv yo e menm peyi rich yo. Se konsa nou wè:
– Plan sa a, nan peyi Chili,, mache ak diktati, gwo represyon ak vyolans;
– Gouvènman Pewou blije kraze zo moun pou yo pa leve kanpe kont plan sa a;
– Plan sa a pa bay okenn rezilta nan peyi Meksik; peyi sa a vin plis dwe, vin gen plis pwoblèm ak pòv. Benefis izin petwòl peyi Meksik la sèvi pou peye dèt;
– Te gen gwo leve kanpe nan peyi Venezyela, Dominiken, Lafrans, Almay, elatriye kont plan sa a.

Tout leve kanpe sa yo fè n wè nesesite pou nou menm pa bò isit òganize n apati resous peyi ak fòs majorite pèp la pou n rive a devlòpman peyi a.

(Bonny Jean Baptiste)