Aller au contenu

Savann Dyann se pou ti peyizan, li pa ni pou vann ni pou fè kado

Nou menm ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa : Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), Kolektif Jistis Min (KJM), Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH), Enstiti Kiltirèl Karl Levèque (ICKL), Mouvman Demokratik ak Popilè (MODEP) ak Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA) salye Kouraj, Angajman ak detèminasyon pèp ayisyen ki pa janm sispann kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo nan tout Peyi a nan batay pou byennèt kolektif la. Nap salye tou òganizasyon ki pa janm sispann batay kont lamizè, ensekirite, enjistis, diktati, epi ki kontinye ap pote kole nan tout batay kont dappiyanp kap fèt sou resous peyi a.

Nou menm regwoupman òganizasyon ki siyen nòt sila sezi wè kouman prezidan defakto Jovnel Moyiz, malgre manda Konstitisyonèl li fini depi jou ki te dimanch 7 fevriye 2021 an, deside pran plis pase 8600 ekta tè pou bay Andre Apaid, yon boujwa reyaksyonè, pou tabli yon zòn franch ki tabli sou 4 komin ki chita sou 3 depatman nan peyi a, ki se se Senmichèl Delatalay (Latibonit), Mayisad (Sant), Piyon ak Senrafayèl (Nò) pou plante yon zèb ki rele Stevia pou voye vann konpayi Koka Kola. Desizyon sa ki pran ak yon ARETE PREZIDANSYÈL ki parèt nan Jounal ofisyèl peyi a“LE MONITEUR”, nan dat 8 Fevriye 2021. Desizyon sa pran nan yon kontèks kote peyizan ayisyen lage debra balanse malgre enpòtans yo nan kenbe dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay. Desizyon sa montre aklè karaktè antipeyizan, antinasyonal pouvwa anplas la, pou satisfè yon ti klik boujwa kap piye peyi a, e ki mare sosis yo ak gwo antrepriz miltinasyonal yo kont enterè majorite popilasyon an.

Desizyon pou retire tè nan men ti peyizan pou bay gwo palto André Apaid Jr. montre aklè lè ansyen prezidan an t ap di “ti rès la se pou pèp la”, pèp li a se boujwa reyaksyonè, apatrid, ki alye pouvwa a li tap pale pou li kapab kontinye okipe ilegalman tèt Leta a (dapre Atik 134-2 Konstitisyon 1987 Amande), pandan revandikasyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl popilasyon an pa janm fè pati ajanda pouvwa anplas la. Prezidan de fakto a pran desizyon retire 8,600 ekta tè nan men ti peyizan pou bay yon sèl neyokolon pou pwodui zèb pou voye vann antrepriz kapitalis Koka Kola, alòske nou nan yon moman kote plis pase 4 milyon moun nan peyi a ap soufri anba gwo grangou ; yon bon kantite ladan yo se peyizan kap travay latè, se fanm ak timoun.

Ansanm òganizasyon sa yo ap pwofite denonse pwosesis dap piyanp k ap fèt sou tè peyizan nan 4 kwen peyi a patikilyèman nan gran Nò kote depi rejim PHTK pran tèt peyi a epi mete tout yon sistèm an plas pou non sèlman pran tout tè ti peyizan yo te okipe bay gwo potanta nan oligachi a ak nan pouvwa tèt Kale a. Men tou mete yon seri gang nan tout zòn sa yo nan konplisite ak Lajistis epi nan Lapolis yon fason pou anpeche peyizan yo revandike dwa yo. Pa gen lontan sa Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) te sibi gwo zak kraze brize atoufè ak KAZEK zòn nan kap travay pou konpayi Stevia S.A, kote yo detwi tout enfrastrikti Lekòl Feminis Agwoekoljik la ki koumanse devlope sou 13 ekta tè nan Savann Dyann. Nou vle raple teren sa se Leta ayisyen, atravè Ministè Agrikilti ak INARA, te bay ak òganizasyon an nan lane 2017. Malgre SOFA te siyen yon pwotokòl akò ak Minis Agrikilti nan epòk la, Mesye Carmel André Béliard, nan mwa Septanm 2017, sa pa anpeche nan mwa Me 2020, gwo bawon pouvwa tèt kale a sou lobedyans prezidan defakto a ak ekip konpayi Apaid la te debake nan zòn nan, pou di tè a rele l chè mèt, chè metrès. Li te voye vagabon li peye ak konplisite kèk otorite tankou minis Patrix Sévère, Fresner Dorcin ak KAZEK zòn nan pou devaste tout sa yo te jwenn nan epas la epi agrese medam manm SOFA yo fizikman.

Jounen jodia se menm espas sa prezidan defakto a bay fanmi Apaid ak gwo sòm lajan pou pwodui Stevia. Kesyon nap poze tèt nou koman yon kote otorite nan pouvwa a ansanm ak Apaid ak klewonnen tè a se pou fanmi Apaid epi yon lòt kote Prezidan defakto a oblije pran yon arete pou mete tè sa aladispozisyon fanmi Apaid? Li enpòtan pou n souliye yon ansanm desizyon Pouvwa Tèt Kale a pran depi 10 dènye lane sa yo montre a klè rejim PHTK vle kraze nèt agrikilti peyi a patikilyèman agrikilti peyizàn nan. N ap raple nan lane 2013, ansyen prezidan Mateli te fè dappiyanp sou plis pase 1000 ekta tè peyizan nan Twoudinò pou te tabli yon fo zòn franch agrikòl pou pwodui yon fo bannann atravè AGRITRANS. Malgre Atik 36.1 Konstitisyon 1987 Amande a mande pou tè sa yo retounen vin jwenn peyizan yo, si pwojè a echwe, zago loray toujou kenbe tè peyizan yo anba men yo. Yon pwojè ki montre aklè se te yon kamouflay pou te twonpe popilasyon nan objektif politik ekip Tèt Kale a, pou te fè dappiyanp sou tè yo epi mete peyizan yo deyò nan kad “akimilasyon kapitalis la”. Se politik sa kap aplike anpil kote nan Gran Nò a kote y ap fè va sou tè yo pou tabli zòn franch ak piye resous natirèl (min) peyi a. Sitiyasyon peyizan nan Prevwayans, Savanolèt (4yèm Seksyon kominal Wanament) montre aklè se yon pwojè anti peyizan, yon rejim antipeyizan, antinasyonal.

Nan Savann Dyann se plizyè dizèn milye fanmi peyizan kap viv e kap travay pou kontinye kenbe diyite peyi a. Kòman yon Prezidan de fakto kapab pran yon Arete pou fè yon sèl fanmi kado l, yon fason pou l kapab toujou kenbe pouvwa ilegalman? Kòman pou yon sèl moun ta ka genyen plis pase 8,600 ekta tè yon sèl kote ki sou 3 depatman, alòske yon ti peyizan ayisyen genyen sèlman 0.62 ekta (pou sa ki gen chans gen yon ti mouchwa tè). Eske sa vle di peyizan ayisyen se etranje nan peyi yo? Eske sa vle di batay lendepandans lan te fèt sèlman pou yon ti klik ki nan pouvwa ak yon ti gwoup fanmi ki pa gen anyen pou wè ak enterè peyi a? Peyizan ayisyen nan tout rakwen peyi a, sitou sila yo ki chita nan depatman Nò, Latibonit ak Plato Santral deklare Savann Dyann pa ni pou vann, ni pou fè kado bay boujwa enperyalis antipèp, antipeyizan. Savann Dyann dwe rete nan men peyizan ayisyen pou kontinye pwodui manje ak fè elvaj pou asire dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay. E sosyete a dwe mete resous ak envestisman pou amelyore kantite ak kalite manje yap prodwi deja.

Nan sans sa, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), Kolektif Jistis Min (KJM), Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH), Enstiti Kiltirèl Karl Levèque (ICKL), Mouvman Demokratik ak Popilè (MODEP) ak Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA), ap mande:

– Tout moun nan peyi a leve kanpe pou mande ansyen prezidan Jovenel Moyiz kite pouvwa a prese prese pou fasilite peyi a reprann chimen demokrasi ak dwa grandèt li;

– Otorite kap vin reprann direksyon peyi a pou anile tout Dekrè, Arete ak tout lòt desizyon pouvwa PHTK a te pran kont ti peyizan ayisyen yo, sitou nan sa ki gen pou wè ak dappiyanp kap fèt sou tè yo;

– Defini politik piblik ki kapab ede devlope agrikilti peyizan agwoekolojik yon fason pou nou rive jwenn dwa grandèt majè peyi a nan zafè lamanjay (souvrènte alimantè) ak ranfòse ekonomi peyizan an.

– Bay Enstiti Nasyonal pou Refòm Agrè (INARA) bon jan estrikti ak mwayen pou li mennen yon Refòm agrè entegral (dapre Atik 248, Konstitisyon 1987 Amande) ki kapab garanti yon lòt modèl eksplwatasyon resous yo sitou tè agrikòl yo nan kad yon modèl agrikilti ki chita sou agwoekoloji ak ekonomi peyizan an.

– Mete yon bout nan tout aktivite mete zòn franch sou tè agrikòl ak eksplwatasyon min ki menase lavi, anviwònman ak byennèt kolektif la.

Tè Savann Dyann se pou peyizan!
Mobilizasyon se zam peyizan genyen pou defann Dwa pou yo gen tè
Prizon pou Prezidan de fakto ak mafya enperyalis kowonpi !

Origène LOUIS, Tèt Kole (TK)

Camille CHALMERS, PAPDA

Sabine LAMOUR, SOFA

Théagène DAUPHIN, MODEP
MODEP

Alermy PIERVILUS, POHDH

Marc-Arthur FILS-AIME, ICKL

Franndy LESPERANCE, PAPDA

Pou kontak:
Origène LOUIS, TK: +50937868573
Camille CHALMERS, PAPDA: +50938371999
Alermy PIERVILUS, POHDH: +50946443776

Telechaje vèsyon PDF nòt la:

naA_t_pou_lapraA_s_savann_dyann_4_mas_2021.pdf