Depi kèk lane Leta ayisyen pa sispann aplike yon seri politik ekonomik ki mete andanje lavi moun, bèt, anviwonnman, patrimwàn istorik, agrikilti ak latè nan peyi a. Politik ekonomik Leta, kominote entènasyonal la ak boujwa pa bò isit yo vle aplike a toujou chita sou tè, pou byen presize, politik ekonomik yo chita sou dap piyanp sou tè ak destriksyon lavi peyizan, ekonomi, agrikilti, elvaj, ak anviwonman peyizan yo.
Nan denyè moman sa yo, sitou apre tranblemantè 12 janvye 2010 la, kapitalis yo, Leta ak boujwa deside devlope yon seri mega pwojè, ki pa nan avantaj popilasyon lokal la, tankou : eksplwatasyon min, zòn franch endistriyèl, zòn franch touristik, agwo endistri, elatriye.
Nan kad aplikasyon pwojè sa yo, peyizan nan divès depatman nan peyi a espesyalman nan Nò ak Nòdès ap sibi gwo pèsekisyon, entimidasyon ak vyolans anba men gwo chabrak nan Pouvwa Tèt Kale a, Grandon ki vle fè dap piyanp sou tè yo. Aprè divès mesaj, foto ak videyo nou rive jwenn kap sikile sou rezo sosyal yo, yon ansanm òganizasyon tankou : Kolektif Jists Min (KJM), Platfòm Òganizasyon Ayisyen pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA), Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH), Enstiti Kiltirèl Karl Lévêque (ICKL), BATAY OUVRIYE, Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, Mouvman Payizan Papay (MPP), SÈK GOMAN, Mouvman pou Desantralizasyon ak Devlopman nan Nò ak Nòdès (MODÒD) te reyalize yon vizit nan depatman Nò ak Nòdès peyi a soti 25 pou rive 29 Oktòb 2020 an nan lide pou konprann pi byen sitiyasyon sa. Nan kad vizit sa, delegasyon an konstate :
a) gen anpil dappiyanp ak anpil vyolans k’ap fèt sou tè ak sou moun k’ap viv nan kominote yo, espesyalman nan Prevwayans (Wanament), Pistè (Limonad), Kazimi (Ferye);
b) anpil otorite nan pouvwa Tèt Kale a ak nan Lajistis, tankou jij de Pè, Komisè gouvènman, chaje misyon, Palmantè ak ansyen palmantè, mete ak moun ki nan lapolis, ki gen ak yo sivil ame (pafwa moun lajistis ap chache) ak yon seri fanmi ap fè anpil fo papye pou ka vin vòlè tè kote peyizan yo ap viv depi plizyè dizèn lane.
c) peyizan nan Prevwayans, Kazimi, Pistè, Karacol, Gran Basen ak kèk lòt zòn ankò ap viv sou gwo presyon, laperèz ak ensekirite epi se Gwo Chabrak nan pouvwa a ki itilize Lajistis k’ap kreye sitiyasyon sa yo
d) Gwo chabrak nan Leta ak nan lajistis pase anba pye desizyon legal INARA pran nan dat 20 Sektanm 2020 pou mete tè nan lokalite Prevwayans an « karantèn», ki se yon tè Leta te mete peyizan kite chape anba masak diktatè dominiken Trujillo depi lane 1937.
e) Nan lokalite Prevwayans nan lane 2014, gen pou pi piti 2 peyizan ki deja pèdi lavi yo anba bal Lapolis ak sivil ame epi plizyè kay peyizan ki kraze anba traktè gwo chabrak sa yo
f) Nan Prevwayans, Kazimi, gwo chabrak k’ap fè dap piyanp sou tè yo kontinye lage plizyè dizèn manda sou baz fo akizasyon dèyè tout prensipal moun ki pa dakò ap dap piyanp sou tè.
g) Plizyè peyizan lage nan mawon akoz bandi ak zam ki lage dèyè yo
h) Leta ayisyen pa fè anyen pou pote peyizan yo sekou. Nan anpil kote, se Leta ki pase anba pye pwòp dekrè yo te pran pou bay peyizan yo tè
Nan manman lwa peyi a, Atik 19 la rekonèt se moun ki ap travay tè ki dwe gen tè. Nan sans sa, ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa voye yon gwo kout chapo pou tout kalte òganizasyon peyizan nan Nò ak Nòdès, espesyalman peyizan nan Prevwayans ki rive konprann yo gen dwa pou gen tè pou yo travay ak devwa pou reziste malgre vyolans, entimidasyon, masak Estime St-Juste kise yon ansyen vis delege PHTK, mete ak Komisè Gouvènman Fòlibète a Me Kerby Pierre, jij depè Jean Eugène, Majistra komin Wanament la Luma Démétrius, akonpaye ak Lapolis ak bandi ame al fè sou yo malgre desizyon sajès ak legal INARA pran pou mete tè ki gen konfli a nan karantèn.
Kòman pou yon ti ponyen moun ta ka vle fè dappiyanp sou yon tè ki nan domèn prive Leta, epi pou yo ta vin reklame li kòm byen prive yo? Eske yon komisè Gouvènman kapab deside pou kont li (ak fo jijman) vin kraze desizyon Leta ayisyen sou Prezidan Esténio Vincent te pran pou sove lavi moun ki abite Prevwayans yo?
Ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa ap denonse ak tout fòs yo dap piyanp k’ap fèt sou tè nan Nò ak Nòdès. Nou denonse ak tout fòs nou tout represyon, pèsekisyon, arestasyon ilegal ak abitrè, mazak ak tout lòt aksyon kriminèl vòlè tè ap fè sou peyizan nan Prevwayans, Kazimi, Granbasen, Pistè.
Sitiyasyon an make san ! Pou evite beny san sa ki anonse a devan papòt kay peyizan yo, ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa ap leve vwa l pou l mande pou :
1- Otorite nan Pouvwa Tèt Kale a kanpe sou tout operasyon dap piyanp k ap fèt sou tè nan Nò ak nan Nòdès:
2- Peyizan nan Prevwayans, Kazimi, Pistè, Karakòl ak tout lòt kominote yo kontinye fè tande vwa yo ak rete mobilize pou defann lavi yo, tè yo, agrikilti ak elvaj yo;
3- INARA itilize Inite Sekirite Refòm Agrè a kise USRA pou entèvni prese prese pou fè atoufè k‘ap vin fè deblozay sou tè yo respekte mezi karatèn nan.
4- OPC ak lòt òganizasyon dwa moun yo pou yo mennen prese prese misyon pou fè yon ankèt nan divès lokalite ki gen dappiyanp sou tè yo, pou evite peyizan yo viktim menm jan sa te fèt nan Masak Jan Rabèl nan lane 1987 ak nan lòt kominote ankò ;
5- OPC, ak tout lòt òganizasyon dwa moun yo pou pote asistans legal bay kamarad ki nan prizon yo akoz y’ap defann dwa yo, epi ki sibi anpil maltretans ak menas sou lavi yo ;
6- Lajistis retire prese prese plis pase 20 manda ak fo akizasyon ki sou tèt peyizan nan Prevwayans ak 5 manda kont peyizan Kazimi ki ap reziste kont dap piyanp sou tè yo
7- CSPJ mennen yon ankèt serye sou tout jij ki enplike nan ede gwo chabrak nan pouvwa ak grandon fè dap piyanp sou tè
8- Medya yo al founi je gade epi konprann sitiyasyon sa yo nan kominote yo yon fason pou enfòme rès popilasyon an sou sa ki ap pase a epi ede peyizan yo fè revandikasyon yo rive pi lwen
9- Tout òganizasyon dwa moun, òganizasyon popilè pote kole nan ede denonse zak vyolans k’ap fèt sou peyizan yo k’ap defann tè yo.
Batay pou defann dwa tè peyizan yo, se batay pou defann dwa tout moun genyen pou yo viv!
Batay pou dwa tè peyizan yo, se batay pou asire dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay!
Peyizan, kale je n, mobilize n pou n jwenn viktwa !!!
Òganizasyon ak enstitisyon ki siyen nòt sa
MODEP
PAPDA
KJM
POHDH
Tet Kole tipeyizan Ayisyen
Batay Ouvriye
ICKL
MODOD
Sèk Goman
MPP
SKDK
Pou otantifikasyon :
Origène Louis
TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN
Ricot Jean Pierre
Platfòm Òganizasyon Ayisyen pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA)
Alermy Piervilus
Platfòm Òganizasyon Ayisyen nan Dwa Moun (POHDH)