Aller au contenu

Fowòm validasyon Kaye Nasyonal revandikasyon peyizan, 16-17 Avril 2018

Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA), ansanm ak tout òganizasyon, mouvman ak rezo patnè li yo nan tout rejyon peyi a, pran plezi pou envite w patisipe nan FOWÒM NASYONAL pou valide Kaye Nasyonal Revandikasyon peyizan yo, kap fèt jou kap 16 ak 17 Avril 2018, nan lokal PALAIS DE L’ART ki chita nan Delmas 33.


Banner-PAPDA

Depi plizyè lane, PAPDA ak patnè li yo nan tout peyi a te angaje yo nan yon pwosesis fòmasyon, ranfòsman kapasite, dyalòg ak rechèch pou rive konstwi yon zouti revandikatif pou kore pledwaye mouvman sosyal ak popilè a ap mennen pou rive fè Leta ayisyen mete anplas politik piblik ki makònen ak reyalite epi defi reyèl peyi a ap travèse. Se konsa, PAPDA ak patisipasyon plis pase 400 òganizasyon patisipe nan pwosesis la pou bati 3 kaye rejyonal : Gran Nò, Gran Sid, Lwès-Sant, epi yon kaye Nasyonal ak sipò GRAMIR kòm konsiltan.

Apre anpil travay, pwosesis la akouche yon KAYE NASYONAL REVANDIKASYON PEYIZAN ki se rezilta fòmasyon, konsansis, dyalòg ak refleksyon tout gwo mouvman ak òganizasyon nan peyi a sou domèn Ekonomik, Politik, Sosyal, Kiltirèl.

Anpil delege ap soti tout kote nan peyi a pou vin patisipe epi valide kontni kaye nasyonal revandikasyon peyizan yo epi mete kanpe estrikti ki pou kontinye mennen mobilizasyon pou defann revandikasyon sa yo. Anpil lòt delege mouvman peyizan ak patnè entènasyonal ap vin pote kole ak nou nan gwo inisyativ sa. Se pou sa, nap mande òganizasyon w lan pou li vin pote kole ak nou epi vin patisipe nan aktivite a, paske nou konnen angajman w nan defann dwa moun ak revandikasyon popilasyon an.

Aktivite yo ap kòmanse jou kap Lendi 16 Avril soti 10h nan maten pou rive 4trè nan apremidi, epi Madi 17 Avril soti 8h30 pou 5h nan apremidi. Pou fasilite tout planifikasyon lojistik, nap mande w pou ou kapab konfime patisipasyon òganizasyon ou an pandan wap bay non delege ki ap vini an, ak yon nimewo referans. Konfimasyon sa dwe fèt pou pita Jedi 12 Avril 2018 la. Pou tout enfòmasyon ak konfimasyon, ou kapab rele nan +509 3166 2020 / +509 33 30 70 00 / +509 3389 9832 / +509 28163931 oubyen ekri nou nan jeanpierreri@yahoo.fr.

Nou espere nou tout ap patisipe ak nou, konsa nou kapab gade ansanm kòman akonpaye òganizasyon peyizan yo ak tout lòt òganizasyon nan milye riral la nan batay yap mennen pou transfòme peyi a.

Nou mete chapo nou byen ba pou nou salye tout patnè, kanmarad yo.