Aller au contenu

NÒT POU LAPRÈS SOU ARETE SALÈ MINIMÒM LAN

Sa pa t twò etone n lè nou aprann gouvènman Mateli-Lamòt la sòti yon Arete sou salè minimòm lan ki koresponn ekzakteman ak pwopozisyon eskandal konsèy siperyè peze souse a te remèt: malgre mistifikasyon “pèp” y ap klewonnen an, nou te toujou konnen trè klèman gouvènman sa a se osèvis boujwa tou sèl li ye. Pou sa ki te gen dout toujou, Arete sa a vin pwouve nou sa ankò pi rèd.


Pou kòmanse, gouvènman an pran kont reta li pou soti Arete a, bagay ki fè se toujou 200 goud sanginè yo te ensiste peye nan faktori yo pandan plis pase 4 mwa atant sa a. Anplis, jan divès avoka, palmantè, ekonomis… te fè remake l, desizyon sa a baze sou yon entepretasyon ki pa nan enterè ouvriye yo: li ajiste “alabès” lwa 2009 la ki te planifye pou salè a ta 300 goud depi oktòb 2012! Ankò, Arete a pa rete sou pwosedi pou fikse tarif yo pou ouvriye ak ouvriyèz yo reyalize 300 goud ‘pwodiksyon’ a. Presizyon ki te nesesè, lè n konsidere abi ki konn fèt. Konsa, yo lage desizyon an nan men patwon yo sèlman. Baryè louvri pou rann tarif yo enposib, yon mannyè pou prije jouk nan zo epi konsa desounen tout klas ouvriyè a nèt. Se siy ki montre se yon apwòch pou lespwatasyon layite kò l san limit. Tou sa nan aplike plan enpeyalis “open for business” la, (ki di: zòn franch, agwo-endistri, tourism… sou tè ak nan san travayè ayisyen) yo deja ap mete sou pye san gade dèyè, lavil kou nan zòn riral.

Pi rèd, Arete gouvènman an pa kenbe kont (menm nan yon minimòm!) lavi travayè yo, ki di repwodiksyon yo, ki di valè lajan yon travayè ta dwe ap touche pou mennen yon vi minimòm, pou li menm ak fanmi l. Se sèlman kesyon ‘konpetitivite’ anndan sistèm kapitalis la, li pran an konsiderasyon. Ki vle di: kapasite boujwa isit yo pou yo ogmante lespwatasyon an piplis pase boujwa lòt peyi epi, konsa, kapab swadizan atire envestisè nan peyi a. Ogmante esplwatasyon an, se li ki avantaj konparatif yo, anfas lòt boujwazi ki rantre nan menm oryantasyon kapitalis neyoliberal k ap devlope nan rapò peyi enperyalis ak peyi domine yo. Genyen menm ki montre salè minimòm 225 goud la ap plase salè mwayen ouvriye ayisyen nan yon nivo ki plis pase 175% PIB peyi a. Kidonk ouvriye ayisyen ki pral touche 225 goud la, se privilejye yo ta ye! Sa montre nou ak ki kalite sinism boujwa yo gade travayè yo. Sa pa di yo anyen lè gen rechèch ki fèt ki montre minimòm pou yon travayè ka viv ak fanmi l jounen jodi a se 1,100 goud pou piti! Ki fè, pandan 500 goud ouvriye-ouvriyèz yo te mande a, yon sèten mannyè, te kenbe kont konpetitivite y ap pale a (pa rapò ak 1,100 goud ki nesesè pou nou viv la), yo menm yo pa konsidere lavi travayè yo POU ANYEN!

Piblikasyon Arete sa a montre tou MEPRI total gouvènman an genyen pou deklarasyon, konferans ak nòt pou laprès tout sendika, tout pwogresis, nan yon sèl vwa, yon sèl kè te fè, kote klèman yo TE DEREFIZE 225 GOUD PWATRINÈ sanginè yo vle ap foure nan gagann ouvriye ak ouvriyèz yo. Pi rèd, MEPRI total pou MOBILIZASYON ouvriye-ouvriyèz yo te fè pou yo te eksprime dezakò yo ak rekòmandasyon Konsèy la nan mwa desanm 2013 la. MEPRI pi total ankò pou kouraj ouvriye-ouvriyèz yo ki, apati zak libète sa a, jwenn revokasyon nan men patwon yo.

Sou yon lòt bò, MEPRI total sa a mache ak manti sou mezi akonpayman gouvènman an te di l ap aplike depi desanm 2013 e ki pa janm vini! Jounen jodi a, se, ankò yon fwa, san dat, san garanti y ap vini ak yo kòm palyatif paske yo rekonèt se yon salè mizè yo bay ouvriye yo. Ki fè, jan nou deja konprann: y ap chèche LOLO nou yon lòt fwa ankò. Ata “èd ti manman cheri elatriye…” yo di y ap bay yo, se pou nonsèlman ranfòse kliyantèl politik yo men, ankò, fin rann pèp la mandyan, pandan y ap ranplase boujwa k ap peye nou mal. Tout sa ak lajan pa nou ankò: “lajan Leta”, men ki di lajan kontribyab yo, kidonk menm lajan pèp la ankò!

Egal : Arete gouvènman Mateli-Lamòt la se chache l ap chache kraze tout kapasite pou klas ouvriyè an aktivite a ta repwodyi tèt li tout bon. Se sa k fè yo konte sou chomaj la sou yon bò ak, sou yon lòt bò, sou lamizè pwòp yo menm jeneralize a, pou ede yo mete plan makab yo a an aksyon. Tout vwayaj Tayiwann, tout pwopagann “open for business”, se vann gouvènman boujwa sa a ap vann mendèv a pi bon mache pwòp yo menm istorikman fin kreye. Fas ak sa, pa gen lòt wout, se REZISTE! POU PLAN KAPITALIS NEYOLIBERAL SA A PA PASE MENMSI YO VLE FÈ NOU PRAN L KÒM YON PASAJ OBLIJE POU PEYI NOU AN SÒTI ANBA MIZÈ, RANTRE NAN SA YO VLE FÈ PASE POU “DEVLOPMAN” AK “MODÈNITE”. Alòske yo byen konnen se yon gwo manti y ap bay pèp la. Arete a montre nou sa! NOU MENM, NOU PA AKSEPTE L! FAS AK SA, SE REZISTE! REZISTE! REZISTE!

Se sa k fè n ap envite tout kamarad ouvriye-ouvriyèz, tout òganizasyon popilè ki santi Plan lanmò sa a se nou tout li pral tere, tout pwogresis konsekan ki kanpe sou enterè mas pèp la tout bon, vin jwenn SENDIKA OUVRIYE AK TRAVAYÈ YO Jedi PREMYE ME 2014 k ap vini a, nan yon mach k ap soti devan pak endistriyèl SONAPI depi 9 è nan maten, pase kafou ayewopò, monte Nazon, desann Bwavèna, pase devan Ministè Afè Sosyal pou abouti devan Moniman Dessalines la sou Chanmas. Nou pral pwoteste epi manifeste dezakò nou devan Arete sanginè sa a ki demontre nou ankò yon fwa kouman gouvènman Mateli-Lamòt sa a, SE ENTERÈ BOUJWA SÈL L AP SÈVI! PA GEN KESYON PÈP K AP REGLE VRE. SE ENTERÈ KLAS YO, GRANNÈG PARÈY YO, K AP DEFANN. KONT NOU!

ABA ARETE KRIMINÈL GOUVÈNMAN MATELI-LAMÒT LA!

VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A!

VIV LIT REZISTANS TOUT KAN PÈP LA!