Aller au contenu

NAN OKAZYON JOUNEN LATINOAMERIKEN LIBÈTE LAPRÈS, 7 JEN 2014, PATI KAN PÈP LA MANDE POU CONATEL REVOKE LISANS RADYO MINUSTAH FM

Pati Kan Pèp La di :Ayi bobo pou tout medya, tout jounalis Ayisyen patriyòt ak pwogresis k ap make jounen Latino Ameriken libète laprès, samdi 7 jen 2014 la.

Pati Kan Pèp La, voye yon gwo kout chapo bay tout medya, tout jounalis ayisyen patriyòt ak pwogresis pandan y ap make jounen latino ameriken libète laprès la, samdi 7 jen an. Pati Kan Pèp La, pwofite okazyon sa a, pou voye yon chay ankourajman bay tout medya ak tout jounalis ki angaje nan batay pou demokrasi, nan batay kont tout pratik diktatoryal, tout pratik makout, fachis ak nazi, nan batay kont fòs okipasyon an, pou rejwenn dwa granmoun peyi a.


Nan okazyon jounen Latino Ameriken libète laprès la, Pati Kan Pèp La ap mande kijan gouvènman ayisyen fè pran desizyon bay fòs okipasyon MINISTA a yon frekans radyo pou fonksyone nan peyi a. Desizyon sa a, vyole lespri Konstitisyon 1987 la ak lwa peyi a sou kesyon telekominikasyon. Se yon bagay ki kareman entèdi nan Dekrè 12 oktòb 1977 ki defini règ ak prensip pou fonksyonman sèvis telekominikasyon ak radyodifizyon nan peyi a.

Atik 60 ki nan chapit IV dekrè sa a di aklè : « La concession permettant l’exploitation d’une station commerciale de radiodiffusion est EXCLUSIVEMENT[1] accordée à des ressortissants haïtiens ou à des sociétés commerciales composées en majorité d’haïtiens. Ces dernières sociétés ont un statut propre et ne peuvent être des filiales ou des sociétés subsidiaires d’entreprises nationales ou étrangères ».

Pandan otorite peyi a ap sevi ak dekrè sa a pou yo eseye mete baboukèt nan bouch laprès ayisyèn yo pa aplike atik ki entedi pou etranje posede frekans radyodifizyon nan peyi a. Pati Kan Pep la ap mande eske Radyo MINUSTAH FM nan ap fonksyone nan klandestinite san otorizasyon fòmèl CONATEL.

Pati Kan Pèp la mande tout otorite konpetant yo pou yo annile viteprese lisans yo bay MINUSTAH e fèmen touswit Radyo MINUSTAH FM ki yon lòt fwa ankò chak jou ap souflete diyite Pèp ayisyen. Nou mande Palman ayisyen an ak tout òganizasyon ki nan sektè a tankou ANMH ak tout lòt sektè ki dakò pou travay nan sans pou reprann dwa granmoun peyi a pou ede nou jwenn rezilta sa a.

Pati Kan Pèp la pwofite Jounen Latinoameriken libète lapres la pou denonse konpòtman ak deklarasyon plizyè reskonsab nan Gouvènman an ki ta sanble anvi fè represyon sou laprès e annile konkèt peyi a fè sou kesyon libète lapawòl.
Pati Kan Pèp La denonse gwo antrepriz manipilasyon ki ap fèt onivo entènasyonal pa ekzanp kont Gouvènman Bolivaryen Nicolas Maduro ap dirije. Pati Kan Pèp la ap denonse dezenfòmasyon sistematik Radyo MINISTA ap fè pou manipile sèvo popilasyon pou fè nou aksepte okipasyon kòm yon bagay nòmal. Anplis de pwòp radyo pa yo, fòs okipasyon MINISTA an ap sèvi ak lòt medya ak jounalis ayisyen pou ranfòse machin pwopagann manti yo a. Nou wè plizyè Televizyon tankou TNH pa ezite difize emisyon MINISTA prepare. Se yon sitiyasyon inakseptab, lè gen medya ak jounalis ayisyen ki dakò fè travay sa a pou MINISTA ; lè gen moun, gwoup, òganizasyon ak enstitisyon ki dakò envite radyo MINISTA.FM nan konferans pou laprès, ki dakò ba yo entèvyou, kareman yo patisipe nan eseye lejitime fòs okipasyon an nan peyi a.

Pou make jounen Latino Ameriken libète laprès la, Pati Kan Pèp La mande tout medya ak tout jounalis Ayisyen patriyòt ak pwogresis, ranfòse konviksyon pou nou pa kolabore avèk fòs lokipasyon an. Pati Kan Pèp La mande popilasyon an pa kapte radyo MINISTA.FM. Se yon jès patriyotik ki di nou pap apiye yon fòs lokipasyon kriminèl ki touye fanmi nou, ki fè kadejak sou pitit fi ak pitit gason nou.
Aba fòs lokipasyon MINISTA, Aba tout manipilasyon ak dezenfòmasyon nan medya yo, Viv yon Ayiti granmoun.

Marc Athur Fils-aime
Sekretè Jeneral


[1] Se nou menm ki souliye