Nou, òganizasyon ki nan mouvman demokratik ak popilè a, nou te reyini nan pòtoprens, pou nou reflechi sou sitiyasyon peyi a ak reyalite okipasyon an, nan okazyon 10zan MINISTA nan peyi a. Nan refleksyon sa yo, nou te chita sou veritab wòl MINISTA ap jwe nan peyi a, konsekans okipasyon an genyen sou peyi a nan nivo ekonomik, politik ak sosyal epi sou estrateji batay kont okipasyon an.
Sou wòl reyèl MINISTA nan peyi a
Nasyonzini ak akolit li yo te toujou vle fè nou kwè, fòs okipasyon an la pou mete lapè, pwoteje dwa moun epi pou ranfòse enstitisyon yo. Men an reyalite, nou konstate veritab wòl MINISTA, se pwoteje enterè miltinasyonal yo epi sekirize pwojè kominote enperyalis la gen pou peyi a. Nan sans sa a, djòb MINISTA, se garanti aplikasyon politik neyolibral la, garanti eksplwatasyon san limit fòs kouraj travayè ak travayèz yo ak piyaj resous peyi a, an patikilye tè, min lò, resous ki anba lanmè ak sou zile yo. MINISTA la tou pou li kreye kondisyon politik pou fasilite eleksyon yon seri dirijan san kolòn vètebral, ki soti nan eleksyon fo mamit, kote se kominote enperyalis la k ap bay rezilta yo. Konsa, miltinasyonal yo ak pisans enperyalis yo ap gen anba grif yo yon seri dirijan, ki pare pou bay tout richès peyi a, nan kad politik ”Haiti is open for business” la.
Sou konsekans okipasyon an sou peyi a
Apre 10zan okipasyon, nou konstate peyi a vin pi depandan nan tout nivo. Sou plan ekonomik, peyi a vin pi pòv, kondisyon lavi klas popilè yo vin pi malouk. Kidnapin ak komès dwòg vin tounen yon biznis Leta. Nan nivo politik, se etranje k ap chwazi dirijan pou peyi a. Pandan dizan sa a, MINISTA fè e defè. Yo masakre anpil sitwayen nan katye popilè yo, yo vyole espas Inivesite a, jan yo te fè sa nan dat 24 me 2010 nan Fakilte Etnoloji, yo vyole jenn gason ak jenn fanm elatriye. Pi gwo konsekans prezans fòs okipasyon an se epidemi kolera a ki deja touye anviwon 10 mil moun epi voye preske yon milyon sitwayen al kouche sou kabann lopital. Nou konstate tou gen anpil timoun ki fèt san papa, kay vin pi chè, enstitisyon yo vin tonbe nan lagraba. Tout sa lakoz, imoralite, kòripsyon vin anvayi tout kò sosyete a epi peyi a tankou yon bato k ap navige san gouvènay, ki sou wout pou plonje pi fon nan lanmè.
Sou batay kont okipasyon an
Nou menm òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a, nou pran angajman pou nou ranfòse batay kont okipasyon an. Fòs okipasyon an dwe kite peyi a san pèdi tan, jan rezolisyon sena a te deja mande sa. Se pou sa n ap mande tout fòs viv sosyete a, pou yo pran responsablite yo, pou rantre nan batay pou fòse sòlda MINISTA yo kite peyi a san pèdi tan.
Pou fini, nou mande
1) Pou palman an voye jete san pèdi tan, akò syèj Nasyonzini te siyen ak Gerard Latortue dèyè do konstitisyon an
2) Pou Leta Ayisyen pran responsablite li bò kote Nasyonzini, pou fòse l repare peyi a epi dedomaje tout viktim kolera, kadejak ak represyon MINISTA fè nan peyi a
3) Pou tout òganizasyon ki rete konsekan nan sosyete a, makonnen fòs yo ansanm, pou fòse fòs okipasyon an kite peyi a ak tout tyoul k ap sipòte yo
Moun ki siyen Pou
Kolektif la : Wisler Charles
Kòdinasyon an : Yves Pierre-Louis
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen : Vena Charles
FRAKKA : Petit Jean Dérinx
MOMVIK :Borgellin Vilner