Aller au contenu

Fowóm Óganizasyon Peyizan yo sóti 3 pou rive 5 avril 2014 nan Dofouno Ti Rivyè Latibonit.

Nan ki kontèks fowóm sa a ap óganize.
Menm jan ak mwa avril 2008, peyi a te boulvèse anpil nan lane 2012 ak 2013, te gen manifestasyon tout kote nan peyi a kont lavi chè, kont koripsyon, kont tantativ retou diktati, kont okipasyon MINUSTAH, pou travay, pou sèvis de baz. Enstitusyon dwa moun yo, oganizasyon peyizan yo, yon gwo pati nan près la te kritike jesyon politik, kont oldóp gouvènman an sou sistèm jistis la, kont desizyon ekonomik yo ki marye ak jesyon resous natirèl peyi a, elatriye. Tout mouvman sosyal nan peyi a rejte pawól ki fè kwè bagay yo ap byen mache an Ayiti malgre pwogram alimantasyon mondyal te di pou lane 2012 gen 6.7 milyon ayisyen kap viv nan ensekirite lamanjaj kote 1,7 ladan yo nan sitiyasyon.


Malgre tout sa, je gouvènman rete deyò nan fè dilatwa, nan fè konnen lap atire envestisman, li minimize revandikasyon mouvman sosyal yo daprè anpil sektè nan lavi nasyonal la, pandan lap mal itilize lajan Leta. Pandan tan sa a, depi plizyè mwa, óganizasyon peyizan yo, asosyasyon fanm yo, oganizasyon jèn yo, sendika yo, asosyasyon pwofesyonèl yo ap rele anmwe anba lavi chè a, chomaj, grangou ak koripsyon.

Gouvèman Martely-Lamothe la, ap vanse nan pran mezi politik ekonomik neyoliberal kont peyizánri ayisyèn an tankou degèpisman peyizan yo sou tè yo, tè ki ap fè manje pou mete zón franch endistriyèl, zón agrikól ak eksplwatasyon min lò, iridium, nikèl, kabonat, kwiv elatriye. Siyal politik Mately-Lamót la pèmèt antrepriz miltinasyonal yo, gwo komèsan yo, grandon yo pote boure sou tè ki ka pwodui manje yo, tankou yo fè l nan Nodès ak nan Nò peyi a, yo ap degèpi peyizan yo sou tè yo kote yo deja apante plizyè santèn ekta. Gen anpil fwa se prezidan peyi a, se minis jistis la, se minis finans la, ak anpil lòt ofisyėl ki deplase pou ankouraje degèpisman peyizan yo pandan gen yon pakèt ayisyen kap travèse fwontyè a pou ale travay tè nan peyi panyól ou byen kap pran kanntè.

Telechaje dokiman ak tout pwogram lan: Fowom_nasyonal_oganizasyon_peyizan_soti_3_pou_rive_5_avril_2014_nan_Dofouno.pdf