Aller au contenu

Pozisyon Inisyativ MPDP sou revokasyon k ap fèt nan anpil faktori

Nou menm òganizasyon k ap batay pou remanbre mouvman demokratik ak popilè a, ki regwoupe andedan Inisyativ MPDP a, ap suiv ak anpil endiyasyon, zak abitrè anpil patwon ap poze nan faktori yo pou fè reprezay sou ouvriye ak ouvriyèz k ap defann dwa travay yo.


Apre Konsèy Siperyè Salè a (KSS), fin pwopoze pouvwa anplas la pou li fikse salè minimòm nan a 225 goud, plizyè milye ouvriye te pran lari nan mwa desanm 2013 la pou denonse desizyon ireskonsab ak enjis KSS la te pran an. Patwon nan divès faktori te deside mete an disponiblite plizyè ouvriye, pou tèt yo te ale manifeste pou reklame dwa yo. Malgre sa, patwon sa yo pa rete la ak zak reprezay yo. Nan plizyè faktori, patwon yo revoke plizyè ouvriye, poutèt aktivite sendikal ak patisipasyon yo nan manifestasyon pou defann enterè yo kòm ouvriye/ouvriyèz. Nan faktori (IW) ki pou André Apaid, dirijan yo revoke 20 ouvriye nan mwa desanm ak janvye epi nan faktori ONE World Apparel, ki se pwopriyete Charles Henry Baker, dirijan yo revoke 6 ouvriye ki se manm Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman (SOTA) nan dat 8 janvye 2014. Pratik reprezay antisendikal sa yo, se yon abitid nan faktori yo. Paregzanp, nan yon rapò ankèt Better Work Haïti te fè soti nan mwa novanm 2011, li te fè konnen, One World Apparel te revoke plizyè ouvriye pou aktivite sendikal, nan mwa sektanm 2011.

Inisyativ MPDP ap raple pou tout patwon anjeneral ak reskonsab Leta yo, dwa pou moun fè sendika epi defann dwa ak enterè yo, garanti nan atik 35-3 Konstitisyon an, nan atik 225 Kòd travay la ak nan atik 8 Pak entènsyonal sou dwa ekonomik sosyal ak kiltirèl moun yo, Leta ayisyen ratifye enstriman jiridik entènasyonal sa a nan mwa out 2012. Kidonk, revokasyon ouvriye yo ilegal. Se yon vyolasyon dwa yo kòm travayè epi tou, se yon vyolasyon Konstitisyon an ak Kòd travay la.

Poutèt sa, Inisyativ pou mete kanpe Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè mande pou :

1) Ministè Afè Sosyal sispann fè tèt li tounen enstriman nan men patwon yo epi pou li pran reskonsablite li kòmsadwa nan dosye revokasyon abitrè sa yo;

2) Palman an revize lwa sou salè minimòm nan, yon mannyè pou leve konfizyon y ap chache foure nan kesyon an epi pèmèt ouvriye yo touche yon salè ki jis, ki ka pèmèt yo fè fas ak ogmantasyon akselere kou lavi a nan peyi a;

3) Chanm komès ak lòt asosyasyon patwon yo pran yon pozisyon klè sou pratik antisendikal yo ki riske fè faktori yo tounen yon «zòn nan dwa pou travayè yo»;

4) Tout òganizasyon demokratik ak popilè konsekan yo kontinye apiye batay ouvriye yo pou chanje kondisyon travay yo epi rive jwenn yon salè ki chita sou jistis sosyal;

5) Patwon faktori ki konsène yo, reyentegre tout ouvriye ki jwenn revokasyon abitrè yo.

Pòtoprens, 20 janvye 2014

Lis òganizasyon ki manm Inisyativ MPDP:

· Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP),

· Pati KAN PÈP LA,

· Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA,

· Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK),

· Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS),

· Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS),

· Kay Fanm,

· Ayiti Djanm,

· Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA),

· Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè / Latibonit (MRPST),

· Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo),

· Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB),

· Mouvman Demokratik Popilè (MODEP),

· SEK GRAMSCI,

· Gwoup Refleksyon Moise Louverture (GRML),

· Mouvman Oganizasyon Gwoupman Peyizan Karis (MOGPK),

· Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak Desantralizasyon Nò ak Nodès (MODOD),

· Kòdinasyon Rejyonal Nip (KORENIP),

· Konbit Pou Yon Lòt Ayiti (KPLA),

· Mouvman Peyizan Papay (MPP),

· Konbit Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA),

· CHANDEL,

· Kolektif Solidarite Pou Idantite ak Libète (KSIL),

· Komite Relèvman Divivye (KRD),

· Konbit Peyizan Nip (KPN),

· Coordination Des Militants Pour Le Developpement 11e et 12e / Petit-Goâve (CMD-OD),

· Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn (FGPB),

· Platfòm Revandikatif Peyizan Latibonit (PREPLA),

· Fédération Nationale Des Producteurs de Riz Haïtien (FENAPRIH),

· Konbit Peyizan Grandans (KPGA),

· Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK)

Pou otantifikasyon :

Ernst MATHURIN / GRML

Eveline Larrieux / SOFA

Ollery Saint Louis / Ayiti Djanm

Pierre André Geffrard / KRPBB

Guy Numa / MODEP