Aller au contenu

Twòp se Twòp-Ki sektè, ki gwoup, ki moun ki dèyè ak ki chofè tren lanmò sa ?

Inisyativ MPDP, k ap goumen pou defann dwa pou pèp Ayisyen an viv alèz san kè sote sou bout tè sa ki rele li chèmèt chèmètrès, voye senpati ak solidarite bay paran, fanmi, zanmi ak kanmarad Daniel Dorsainvil ak Girldy Larèche kriminèl yo ansasinen jou samdi 8 fevriye a. Inisyativ la pataje soufrans ak vant kòde fanmi Dorsainvil ak Larèche ki twouve yo dlo nan je jounen jodi a alòske yo te travay pou mete 2 potorik militan ak militant nan sèvis peyi a.


Tren lanmò a pase sou Daniel ak Girldy nan 2014 la, menn jan li te pase sou komèsan Antoine Ismeri nan lane 1993, menm jan sou pè Jean Marie nan lane 1994, menm jan sou pè Ti Jean nan lane ?, menm jan sou senatè Yvon nan lane 1999, menm jan sou jounalis Jean Dominique nan lane 2001, menm jan sou poèt Jacques Roche nan lane 2004, menm jan sou pwofese Anil Louis Juste nan lane 2010! Kilè lajistis ap resi pran desizyon ak dispozisyon pou fèmen vann enpinite kriminèl sa a?

Se avèk anpil kòlè, anpil endiyasyon, Inisyativ MPDP konstate jouranjou gen yon kantite pitit konsekan peyi a ki kontinye pèdi lavi yo pandan otorite yo ap banalize lavi nan mete tout zak kriminèl ki fèt anba dra ensekirite, komsi « zafè ensekirite » se pa reskonsablite otorite yo pou prevni krim anndan sosyete a. Otorite yo ap banbile sou do popilasyon an, san kè sote paske yo deja gen pretèks ensekirite pou yo mete devan, pou bouche enkapasite ak enpinite, lè se pa konplisite. Jodi a nou paka konte ankò zak ansasinay k ap fèt nan peyi a depi lontan epi nou bouke konte kadav:

• Paske otorite yo pa pran reskonsablite yo ;

• Paske otorite yo antre nan konivans pou asire pouvwa yo ;

• Paske pa gen anyen ki fèt pou frennen tout kalite mafya sa yo ki fin pran peyi a anotaj ;

• Paske otorite yo pa fè anyen pou kèk pisans etranje sispann voye detrake ak kriminèl ba nou ;

• Paske otorite yo pito sèvi ak grangou epi mizè pèp la pou fè pwopagann ak demagoji olye yo chache reyèlman amelyore sitiyasyon lavi l ;

• Paske otorite yo chwazi kite aparey lajistis la anba men lamafya olye yo fè refòm lajistis la ;

• Paske, pou oligachi a ak miltinasyonal yo ka kontinye piye peyi a, li pa dwe janm genyen yon Leta ki chita sou dwa moun, sou jistis ak jistis sosyal.

Se zantray tout manm Inisyativ MPDP a k ap dechire devan kadav Frè ak Sè nou, kalite militan ak militant sa yo ki deja pa anpil ki prale nan kondisyon sa. Inisyativ la ap koube l byen ba devan kadav sa yo, ki vin ogmante lis pitit pèp la ki viktim paske pouvwa Leta a pran pòz kèpòpòz pou l maske enkapasite l, lè se pa konplisite l. Chak fwa kalite zak kriminèl sa yo rive n ap poze tèt nou kesyon, men nou pa jwenn mo pou esplike fòm represyon degize sa.

Ki dispozisyon serye Leta ayisyen, ap pran pou pwoteje popilasyon an ? Eske se chak fwa chwal la fin pase y ap kontinye rele fèmen baryè ? ki fòm ipokrizi sa ye ? Eske lè otorite yo pa pran reskonsablite yo devan manda yo genyen, se pou n kase fèy kouvri sa ?

Inisyativ MPDP, vle mete vwa nou ansanm ak vwa tout paran, fanmi, zanmi kanmarad Daniel ak Girldy pou nou mande Leta Ayisyen pran dispozisyon pou dosye sa a pa tounen yon fèy ki pouri nan dlo. Leta Ayisyen dwe mennen tout demach pou kriminèl sa yo ak konplis yo, jije kòmsadwa. Pou Daniel, Girldy ak fanmi, zanmi, kanmarad ak tout pèp Ayisyen an jwenn jistis. Jistis pa yo se jistis anpil lòt ki te deja tonbe nan menm kondisyon sa.

Fwa sa a, Ankèt la pap “se poursuit e se rapoursuit” jouk yo pase nou nan tenten! Fòk òganizasyon dwa moun yo, òganizasyon enfimyè yo, òganizasyon nan Nò ak Nòdès yo, òganizasyon nan MPDP a, nou tout kenbe bâton pèleren nou, pou nou kontinye mobilize, pou egzije Leta ayisyen jwe wòl li san patipri kèlkelanswa moun ki ankòz la. Wòl Leta Ayisyen se fè dosye jistis sa abouti, enfòme popilasyon an sou kouman ankèt la ap mache, bay enfòmasyon sou kriminèl yo. Zak ansasinay sa ki fèt sou Daniel ak Girldy, dwe sèvi egzanp pou pouse otorite ayisyèn yo demare pye sistèm jistis la pou pèmèt lajistis pran bon jan desizyon. Ede retabli diyite ak respè lavi nan peyi a se sèl mwayen pou garanti lavi tout moun.

Inisyativ MPDP, mande tout òganizasyon nan mouvman sosyal ayisyen an, mobilize pou mande jistis pou Daniel ak Girldy. Pou jijman kriminèl tout kalite ki enplike nan lanmò defansè dwa moun lan ak pwotektris lasante moun lan fèt nan larèg dwatèt yon mannyè pou kriminèl yo jwenn santans yo merite. Inisyativ MPDP, mande pou tout pati ak òganizasyon politik konsekan ak tout òganizasyon sosyal ak popilè ki angaje yo, mete ansanm ak pèp la nan yon gran mouvman pou n rive frennen tout bon vre tren lanmò sa.

SAN DANIEL AK GIRLDY KOULE, FÒK YO TOUNEN ANGRÈ POU KONTINYE PWOTEJE DWA AK SANTE MOUN JAN YO T AP FÈ L LA !