Ayiti, se pitit yon batay revolisyonè ki te long. Si ak seremoni ou byen kongrè Bwa Kayiman 14 out 1791 lan, lagè kont esklavay la pran yon karaktè òganize, men santiman revòl la te toujou abite chak grenn esklav. Anvan menm yo te kòmanse mawonnen, yo t ap souke kò yo nan bato ki t ap mennen yo bò isit. Ak Boukman ak tout lòt militan fanm tankou gason ki te patisipe nan moman solanèl la, mak fabrik enzireksyon an chanje. Li soti nan yon ‘’chak moun sove po w » pou li rantre nan yon lame òganize ak tout disiplin epi moral yon lit revolisyonè mande. Mas esklav yo, yo te rele nouvo lib yo, te fòme fòs prensipal lit la ki te toujou anfas ansyen lib yo ki te fòme fòs dirijan lit la. Pèp revolisyonè a ak viktwa sa a kreye yon peyi ak tout kontradiksyon klas ki te kòmanse mare depi lagè kolonyal. Rapò sosyal klas yo malgre yon mòd pwodiksyon tou nèf, pa te chanje anpil apre 1804.
Pi fò moun nan peyi a kontante fete Premye janvye kòm premye jou lane a, yon tradisyon kretyen ki soti pou etenn santiman patriyotik nou. San nou pa bliye jan lanati regle tèt li, li enpòtan pou nou sonje jou nou deklare Ayiti endepandan, yon jès ki te boulvèse mòd fonksyonman tout peyi ak tout klas sosyal ki te chita sou leskalvaj.
Jounen premye janvye a vle di pou nou nan Kan Pèp La viktwa esklav yo, ansyen tankou nouvo, sou mòd pwodiksyon esklavajis la. Premye janvye a vle di pou nou tou nan fòmasyon sosyal ayisyen an, kreyasyon yon klas tipeyizan pòv. Kidonk, yon moman pou nou sonje kout ba mas esklav yo pran nan nouvo rapò sosyal la. Alòske yo te lite pou yon lòt kalite lavi kote nan libète ak diyite, yo ta dwe mèt mwayen pwodiksyon yo ki se tè . Se pou tèt sa, yo pa janm sispann goumen pou mennen nan dènye bout li revolisyon sa a ki te kanpe nan wout.
Jounen jodi a, lit la chanje fòm san li pa chanje mak fabrik. Pouvwa Mateli/ Lamòt la ap pouswiv politik ansyen prezidan Preval a ak yon figi di nou pa jwenn depi jan prezidan Lesko te fè konpayi ameriken SHADA kado pi bon tè nan peyi a. Se te pou te plante pye bwa pou fè kaoutchou ak pit. Gouvènman sa yo retounen ak menm fòs la pou mete peyizan yo deyò sou tè yo nan avantay boujwa isit ak miltinasyonal lòt bò dlo. Yo plonje tèt bese nan aplike politik neyoliberal la ki genyen objektif vann peyi a ti kal pa ti kal pandan yo kache dèyè yon bann fo pwomès. Yon politik ki echwe tou patou sou latè.
Peyizan yo kòmanse tire leson sou move rezilta yo jwenn nan Wanament ak nan Karakòl. Y ap òganize rezistans yo byen fò nan Nòdès ak Nan Lilavach. Ti plantè nan Leyogàn deja ap rele chalbari kont pwojè miltinaysonal sa yo ki vle mete bannann pou vann aletranje nan plas kann ki bay anpil pwodwi ki sèvi anndan peyi a. Kalite politik sa a pa vle di sèlman fè dappiyan sou tè peyizan yo. Li atake tout fason mas popilè lavil tankou nan milye riral konn viv. Li mete kilti pèp ayisyen an an jeneral andanje.
Jou premye janvye sa a dwe tou yon jou refleksyon. Yon refleksyon nan mitan sektè revolisyonè ak tout kan pwogresis peyi a sou kòman pou yo travay nan tètatèt ak mas yo nan mitan mas yo pou antame dezyèm faz revolisyon 1804 la. Ak lespwa fwa sa a, se travayèz ak travayè yo ki dwe fòme ni fòs prensipal, ni fòs dirijan lit la pou tiboujwa mele ak grandon, kapitalis bout mamit ak enperyalis la pa vòlè viktwa a nan men yo.
Pou Pati Kan pèp La
Marc-Arthur Fils-Aimé
Sekretè Jeneral.