Aller au contenu

Pozisyon nou sou desizyon Konsèy Siperyè Salè a pran sou salè minimòm nan

Inisyativ pou mete kanpe yon Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè konstate kijan Konsèy Siperyè Salè a, depi nan premye zak li poze nan fason li ajiste salè minimòm pou diferan kategori enstitisyon ak antrepriz yo, chwazi san grate tèt, vyole lwa 2009 sou salè minimòm nan epi pase anba pye dwa ak revandikasyon travayè ak travayèz yo nan peyi a. Nan rapò konsèy Siperyè Salè a voye bay pouvwa Egzekitif la, KSS la fikse pi piti salè jounalye :


– moun k ap travay nan Leta, a 300 goud;

– moun k ap travay nan bank, konpayi transfè, mezon asirans, magazen, konpayi k ap vann kouran elatriye, a 260 goud;

– travayè ak travayèz nan endistri k ap eksplwate min, koperativ, kès popilè, gwo komès, enprimri, konpayi k ap vann gaz yo elatriye, a 240 goud;

– travayè ak travayèz k ap travay nan faktori, restoran, otèl, agrikilti ak près kominotè, ap touche 225 goud;

– moun k ap travay kay moun, a 125 goud.

Lè nou gade griy salè KSS la fikse a, nou pa konprann poukisa se nan Leta sèlman li fè yon ajisteman ki ta vle koresponn ak ogmantasyon lavi chè a? Sou ki baz KSS la mete salè yon travayè k ap travay nan eksplwatasyon min, yon aktivite ki gen anpil danje ladan, nan menm nivo ak yon travayè k ap travay nan yon kès popilè ? Kouman li fè deside pou, yon travayè nan agrikilti ak nan près kominotè, gen menm salè ak yon travayè nan faktori ?

Konsèy Siperyè Salè a sanble se reprezantan patwon sèlman ki anndan l, pa genyen reprezantan pou defann enterè ak dwa travayè yo? Nan moman kote ouvriye yo ap mobilize pou mande 500 goud kòm salè minimòm, KSS la pran desizyon pou desann salè a piba pase pri ki koresponn ak sa lwa sou salè minimòm lan ekzije a. Dapre lwa sou salè minimòm lan, ouvriye ak ouvriyèz yo nan faktori yo te dwe touche 300 goud depi lane 2012. Men, kòm balans Leta a se sou bò sektè prive a li panche, se enterè patwon yo sèlman l ap defann, li pa janm pran dispozisyon pou fè respekte lwa sou salè minimòm 2009 la. Olye Konsèy la mete sou 300 goud la, li desann salè a 225 goud. Dènye desizyon KSS la, vin anvlimen sitiyasyon salè a ni nan faktori yo ni nan lòt kategori antrepriz yo. Sa ki montre aklè, konsèy la gen patipri pou sektè prive a.

Devan sitiyasyon sa a , Inisyativ Pou Mete Kanpe Yon Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè, denonse desizyon ilegal, anti pwogrè, anti sosyal, Konsèy Siperyè salè a, ki se yon vyolasyon lwa sou salè minimòm lan. Inisyativ la kwè : pa kapab gen pwogrè sosyal ak ekonomik si pa gen respè diyite ak enterè travayè yo! Pa kapab gen refondasyon nasyon ak demokrasi serye si lelit ekonomik yo ap trete pèp la tankou «li pa moun»! Nan sans sa a, Inisyativ Pou Mete Kanpe Yon Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè, mande tout òganizasyon ak militan, k ap goumen pou peyi a rejwenn dwa granmoun li epi chanje eskanp figi l, pote kole ak ouvriye, ouvriyèz yo nan batay y ap mennen pou yon salè ki chita sou jistis sosyal epi pou yo travay nan pi bon kondisyon.

Pòtoprens, 9 desanm 2013

Lis òganizasyon ki manm inisyativ MPDP a :

Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP), Pati KAN PEPLA, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS), Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS), Kay Fanm, Oganizasyon politik Ayiti Djanm, Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA), Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè / Latibonit (MRPST), Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo), Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB), Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), SEK GRAMSCI, Gwoup Refleksyon Moise Louverture (GRML), Mouvman Oganizasyon Gwoupman Peyizan Karis (MOGPK), Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak Desantralizasyon Nò ak Nodès (MODOD), Kòdinasyon Rezistans Nip (KORENIP), konbit Pou Yon Lòt Ayiti (KPLA), Mouvman Peyizan Papay (MPP), Kontra Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA), CHANDEL, Kolektif Solidarite Pou Idantite ak Libète (KSIL), Komite Relèvman Divivye (KRD), Konbit Peyizan Nip (KPN), Coordination Des Militants Pour Le Developpement 11e et 12e / Petit-Goâve (CMD-OD), Federasyon Gwoupman Peyizan Belfonten (FGPB), Platfòm Revandikatif Peyizan Latibonit (PREPLA), Fédération Nationale Des Producteurs de Riz Haïtien (FENAPRIH)

Pou otantifikasyon:

Ernst MATHURIN / GRML

Eveline Larrieux / SOFA

Ollery Saint Louis / Ayiti Djanm

Pierre André Geffrard / KRPBB

Guy Numa / MODEP