Aller au contenu

ATANSYON ! MALÈ PANDJE SOU TÈT FILYÈ DIRI A NAN LATIBONIT

Plizyè rezo oganizasyon tankou RACPABA (Rasanbleman pou Avansman Koperativ Pwodiksyon Apwopriye ak Byennèt Altènatif), Jaden Lakay, FENAPRIH (Federasyon Nasyonal Pwodiktè Diri Ayisyen) ak APMP (Asyosyasyon Pwodiktè Mowo Pèy) envite laprès nan yon konferans k ap fèt :
Jedi 5 desanm 2013 la a 11è nan maten nan lokal PAPDA, # 20 Rue Jean-Baptiste, Canapé-Vert.


Nan 20 ane ki sot pase yo, gen anpil aksyon enpòtan ak envestisman ki fèt nan Vale a, Leta ayisyen, pwodiktè ak pwodiktris yo, enstitisyon entènasyonal yo fè anpil efò pou ogmante pwodiksyon diri lokal la, pou amelyore kalite a, pou òganize chenn pwodiksyon an e sitou pou fè pwomosyon lokal yo epi ankouraje kolaborasyon ant sektè biznis prive yo, enstitisyon Leta yo ak òganizasyon baz yo pou fasilite distribisyon pwodui a. Aksyon sa yo bay kèk rezilta enteresan paske depi nan finisman ane 2012 la, kèk nouvo konpayi kòmanse enstale kò yo pou ranmase diri, fè transfòmasyon epi vann sou mache a. Sezon rekòt gran kanpay la apèn derape, yon nouvo operatè tanmen aktivite l nan nivo komèsyalizasyon an sèlman, prensipal aktivite l se ranmase diri an pay (paddy) nan men òganizasyon peyizan yo, pwodiktè-pwodiktris yo ak Madan Sara yo, li mete l nan depo, apre li moulen l li, li mete l nan sak nan izin li fenk enstale nan rejyon an.

Jan nouvo operatè sa yo debake ak fòs nan filyè diri Latibonit lan riske kreye yon dezòd sou mache a. Sitiyasyon sa a lage gwo tèt chaje kay aktè ki nan sistèm nan depi lontan espesyalman koperativ pwodiksyon ak lòt òganizasyon k ap feraye nan filyè a, pwodiktè yo, pwopriyetè ti moulen yo, Madan Sara yo, e menm Leta.

Nou konte sou prezans medya yo pou ede nou klewonnen pozisyon pwodiktè ak pwodiktris epi tout lòt sektè k ap viv sou filyè diri a nan Latibonit.

Pou òganizasyon yo :

Dieula BIEN-AIME

Prezidan RACPABA