Aller au contenu

FRAKKA ak SEPJASA mande pou kisa lwa sou Akademi Lang Kreyòl la kwoke nan palè nasyonal?

Depi plis pase yon lane, palmantè yo vote lwa sou akademi lang Kreyòl la. Yon aksyon mas popilè yo, tout moun ak òganizasyon pwogresis aplodi. Alòske jis jounen jodi a, prezidan Mateli pa pipliye lwa a paske (Lwa sou akademi lang kreyòl la pa gen vèsyon fransè. Epi pa gen lwa sou òtograf kreyòl) daprè deklarasyon youn nan konseye prezidan an.


Lè nou analize premye rezon an, li montre nou kouman dirijan nou yo toujou kenbe konpòtman kolonize yo, konpòtman restavèk yo. Men tou, nou konnen prezidan Mateli se yon moun ki an tranzit nan peyi a. Se sa yo rele kominote entènasyonal la ki mete l sou pouvwa pou pèmèt gwo konpayi kapitalis transnasyonal yo kontinye piye richès peyi D ayiti, ki donk Prezidan sa a pa gen okenn atachman ak pwogrè pou peyi a.

Dezyèm rezon an menm, montre yon lòt fwa ankò, nivo inyorans dirijan nou yo ansanm ak yon seri swadizan konseye k ap touche lajan Leta. Paske lwa sou òtograf kreyòl la egziste depi 1979. Epi atik 5 konstitisyon 1987 la di “Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak fransè, se lang ofisyèl repiblik la”. Konstitisyon an pa janm di lang kreyòl la restavèk lang fransè a. Prezidan an pa janm refize pibliye lwa ki ekri sèlman an fransè yo,nou ka imajine nou pou ki rezon.

N ap raple, pou prezidan Mateli ak tout konseye li yo, nan lane 1983 UNESCO konsakre 28 oktòb kòm jounen entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Alòske menm enstitisyon sa a pwoklame 21 fevriye kòm jounen entènasyonal lang manman. Peyi Sechèl ki genyen yon popilasyon 80 mil moun sèlman, adopte Kreyòl kòm youn nan lang ofisyèl peyi a. Kote yo pwodwi materyèl pedagojik ak dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl. Yon ansyen Majistra vil Nouyòk, pran yon lwa ki mete kreyòl kòm youn nan lang obligatwa nan administrasyon piblik vil la.

Pou nou menm ki se Ayisyen nan tout zantray nou, se yon konpòtman lawont lè peyi a gen yon prezidan ki pa respekte lang anviwon 10 milyon moun pale. Lang kreyòl la ki se premye eleman ki fòme idantite Ayisyen kòm pèp, yon prezidan ki pa rekonèt sa, touye Desalin yon lòt fwa ankò. Li klè pou nou se yon prezidan ki pa respekte tèt li, se pou sa li pa respekte sitwayen ak sitwayèn yo, li pa respekte peyi a. Se yon prezidan ki la pou sèvi enterè yon ti ponyen boujwa ak enterè enperyalis entènasyonal la ki mete l sou pouvwa, prezidan sa a paka swiv okenn ideyal Desalin. Yon prezidan ki konte sou fòs okipasyon pou kenbe l sou pouvwa, pa ka swiv wout Desalin.

Konsa, nou dwe konprann, batay pou defann lang kreyòl la, antre nan kad lit ant klas dominant ak klas domine yo nan sosyete a, lit kont eksplwatasyon ak dominasyon enperyalis entènasyonal la. Ki donk, batay pou defann lang kreyòl la, makònen ak batay pou libète lapawòl, batay pou jwenn tè ak kay pou nou rete, dwa pou n jwenn bon jan edikasyon gratis san pwopagann manti, dwa pou n jwenn travay san nou pa bezwen pwostitiye tèt nou, pase diyite nou anba pye, dwa pou n jwenn bon jan enfòmasyon nan plas yon machin pwopagann manti k ap deranje sèvo timoun yo.

Batay sa a dwe mennen klas domine yo, sa vle di majorite a pran pouvwa politik la, k ap pèmèt nou kontwole aparèy ideyolojik la. Lè sa a, n ap aplike pwojè sosyete Jan Jak Desalin t ap pote a, klas dominant yo touye l poutèt sa. Se konsa nou kapab aplike politik lengistik lòt Ayiti nou pral konstwi a. Pa egzanp, nan mete yon “enstiti Lang Kreyòl” nan chak peyi kote nou gen anbasad, pou fè pwomosyon pou lang ak kilti pèp Ayisyen an.

Annatandan, FRAKKA ak SEPJASA mande:
– Pou prezidan Mateli pibliye lwa sou akademi lang kreyòl la san okenn kondisyon;
– Pou tout moun, tout gwoup ak òganizasyon konsekan nan katkwen peyi a, leve kanpe pou fòse prezidan an pibliye lwa sou akademi lang kreyòl la.

Fòk nou konnen, batay pou defann lang kreyòl la, se batay pou kenbe idantite nou kòm pèp

.

Pòtoprens vandredi 25 oktòb 2013.

Sanon Reyneld

Sekretè Egzekitif FRAKKA

Jean Claudy Henry

Responsab SEPJASA