Aller au contenu

Nòt pou Laprès SOFA sou koze lanmò Jij Jean Serge Joseph

Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA, koube li byen ba devan kadav Jij Jean Serge Joseph, ki mouri nan kondisyon dwòl samdi 13 jiyè 2013 la. SOFA prezante kondoloyans li bay Madanm, Pitit, Fanmi ak tout lòt pwòch Jij Enstriksyon an, menmjan ak tout gwoup nan sektè lajistis la lanmò brital sa a frape.


Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA gen gwo tèt chaje, devan diferan deklarasyon k ap fèt sou lanmò Jij la. Tan li konstate, sitiyasyon latwoublay ak sispisyon ki antoure lanmò sa a demontre nan ki prekarite peyi d Ayiti ap naje, ak kijan enstitisyon peyi a pa janm rive nan yon wotè ki kapab enspire popilasyon an konfyans ak respè yo ta dwe merite. SOFA regrèt konstate tou, kouman divès entèvansyon youn dèyè lòt, Prezidan repiblik la fè sou plizyè radyo, pa kadre ak prensip serenite, tèt frèt, fonksyon li okipe a egzije. Kòmkwa nan peyi d Ayiti, yon chèf deta pa gen obligasyon pou li vole pi wo, sèvi ak kouwa reglemantè yo, epi aji selon pwotokòl sa merite.

SOFA deplore fason Prezidan an apwoche divès eskandal k ap pete nan antouray li. Prezidan an bliye, dwa sitwayèn ak sitwayen peyi a genyen pou yo kritike, pou yo poze kesyon, pou yo revandike, kèlkanswa sektè yo ye. Li twò fasil, pou tout zak ki fèt, tout eskandal ki pete, alapapòt, otorite yo kwè, yo kapab jistifye yo, senpman lè yo deklare se konplo. Koze konplo sa a pa kapab tounen baboukèk pou anpeche Ayisyèn ak Ayisyen jwe wòl kontrepouvwa yo;

SOFA kondane ak tout fòs li, entèvansyon Lapolis ak Fòs okipasyon MINISTA a fè madi 16 ak mèkredi 17 jiyè 2013 la sou popilasyon Lestè nan Ba Latibonit, k ap revandike pou enstans ki konsène yo, pran responsablite yo pou limyè fèt sou lanmò Jij Joseph. Fanmi Jij la, popilasyon an nan Dwa yo pou yo jwenn laverite sou sa ki te pase ki vin abouti nan kriz ki lakòz lanmò Jij la. Se yon Dwa, se yon Devwa epi se yon Responsabilite sitwayèn. SOFA ap fè otorite yo ak lapolis sonje, anpeche popilasyon an manifeste se vyolasyon Dwa Moun.

Nan non Patri a ki pou nou tout, nan memwa Jij Joseph, nan respè konstitisyon peyi a ki konsakre respè lavi moun, nan prensip endepandans chak pouvwa yo, nan Dwa n pou nou manifeste, SOFA mande :
-Pou enstans ki konsène yo onivo lajistis, pran responsablite yo, san presyon, nan larègdwatèt pou mennen bonjan ankèt sou lanmò Jij la, pou limyè blayi, pou fikse responsablite chak antite, chak moun ki gen pou wè ak dosye sa a.

-Pou direksyon lapolis la pran responsablite li, pou idantifye epi pran mezi ki nesesè kont responsab lapolis ki bay lòd tire sou popilasyon an ki t ap manifeste; kote plis pase 5 moun blese, 2 timoun pran gaz lakrimonjèn, ki lakòz yo lopital joukaprezan.

SOFA ap fè sonje, Lajistis la se pou tout moun, respè enstitisyon yo se yon garanti pou Eta de dwa.

Pòtoprens, 19 jiyè 2013

Pou SOFA,

Marie Frantz JOACHIM

Kòdonatris Jeneral