Pou nou pa dòmi bliye, nan okazyon 27èm anivèsè dechoukaj diktati makout fachis Divalye yo, FRAKKA vin rafrechi memwa jèn yo, memwa mas pèp la ak tout pwogresis yo an jeneral sou enpòtans senbolik dat sa a genyen nan listwa lit demokratik nan peyi a.
Pou kòmanse, FRAKKA salye kouraj ak konviksyon tout moun ki te viktim anba diktati a, ki kontinye batay pou yo jwenn jistis sitou moun ki depoze plent kont Janklod Divalye, ki kontinye batay pou yon lòt sosyete, ki kontinye batay pou anpeche fanmi makout yo ki sou pouvwa jounen jodi a, retounen chouke rejim sanginè, retwograd yo a yon lòt fwa ankò nan peyi a.
Youn nan leson sosyete a kapab tire 27 lane aprè, se lejitimite popilè lavalas yo te genyen pou yo te jije makout yo, men yo pa t fè sa. Jounen jodi a, makout yo ap banbile nan demokrasi, yo awogan, yo mèm ap pwovoke viktim ki pote plent kont yo. Makout yo ap fè demagoji lajistis kont viktim yo, kont moun k ap batay pou plante demokrasi nan peyi a. Lòt gwo leson nou kapab tire, 27 lane aprè, makout yo retounen anfòs vin kontwòle aparèy Leta a. Se nan kontèks sa a Jij Kavès Jan rekonpanse Diktatè a nan yon òdonans ki deklare (yo pa ka jije Janklod Divalye pou krim kont limanite). Alòske sosyete a ak lemond antye rekonèt rejim makout Divalye a ansasinen anviwon 30 mil moun, plizyè milye lòt Ayisyen te oblije pran egzil. N ap raple youn nan masak ki make listwa rejim makout la se sa yo te rele « Les vêpres de Jérémie » kote makout yo masakre 27 moun nan 3 fanmi : 8 Villedrouin, 5 Drouin, 14 Sansaricq). Pami viktim sa yo, te gen Regine Sansaricq ki te gen 2 lane, sanginè yo voye tibebe a anlè, yo atrap li ak yon pwent epe. Madam Chenier Villedrouin ki te gen 85 lane, kriminèl yo antere l tou vivan. Sèl zak makout yo te repwoche viktim yo, se paske yo te milat. Apre masak la, makout yo piye, vòlè tout byen viktim yo. Sa a, se youn nan mak fabrik makout yo, fè krim epi volè byen viktim yo.
Pou tout jèn ki pa vle dòmi bliye, kòm nou pa gen yon sistèm edikasyon k ap aprann nou listwa reyèl peyi a, nou dwe fè rechèch nan pale avèk moun sou teren epi fè rechèch nan jounal, nan liv. Nan sans sa a, FRAKKA rekòmande nou li « Le prix du sang, Tòm 1, Tòm 2, de Bernard Diedrich , Le Triangle de la mort, de Claude A. Rosier». Nou pwofite salye mewa kanmarad Rosier ki mouri yon fason sispèk, nan moman li te nan demach pou pote plent kont Janklod Divalye. Nou konnen, makout ka fè tout bagay ki mal, men makout pap janm chanje.
Pou memwa ak pou listwa, n ap raple 7 fevriye 1986 se pa t yon loray kale, se te pito rezilta anpil travay anba chal mouvman kominis Ayisyen avèk tout lòt patriyòt pwogresis te mennen kont diktati a, kont klas dominant yo ak enperyalis entènasyonal la ki t ap apiye rejim fachis la.
Pou make 27èm lane soulèvman popilè 7 fevriye 1986 la:
– FRAKKA apiye san kondisyon demach kolektif viktim diktati Divalye a ki pote plent kont Janklod Divalye ;
– FRAKKA mande pou lajistis jije, kondane Janklod Divalye pou krim kont limanite ak koripsyon epi dedomaje viktim ak fanmi viktim yo ;
– FRAKKA lanse yon apèl bay tout pwogresis, tout militan lagoch Ayisyèn pou rasanble fòs nou pou n mennen yon batay manch long pou fòse fòs okipasyon MINISTA a kite peyi a.
Batay kont tout diktati ladwat ak lekstrèm dwat ak batay kont lokipasyon se yon devwa sitwayen ak sitwayèn.
Jean Gardy Souverain
Trezorye annapre
Sanon Reyneld
Sekretè Egzekitif
Telechaje tèks la: