Aller au contenu

Antèn Ouvriye – nòt pou laprès

Pòtoprens jedi 13 desanm 2012

Nòt pou laprè

Antèn Ouvriye voye yon mesaj solidarite byen fò bay pwofwsè lekòl kominal k ap fè grèv pou mande lameri pòtoprens peye yo 8 mwa travay. Nou pwofite denonse zak represyon lapolis fè kont pwofesè grevis yo.

Nan yon peyi kote moun ap mouri anba grangou, lavi a vin mil fwa pi chè, lameri Pòtoprens fè 8 mwa li pa peye pwofesè lekòl kominal yo. Nou kwè sa a se yon gwo krim otorite sa yo fè kont manman ak papa sa yo ki gen timoun ak tèt yo pou yo okipe. Alòske gouvènman Mateli Lamòt la depanse plizyè milyon dola ameriken pou fè anpil pwopagann sou koze lekòl gratis epi fè yon bann vwayaj initil aletranje.


An nou fè yon ti kalkil. Yon pwofesè lekòl kominal ap touche anviwon 4 mil goud chak mwa. Alòske prezidan Mateli bay tèt li 20 mil dola ameriken pèdiyèm pou yon jou, ki egal a anviwon 800 mil goud. Sa vle di, lajan pèdiyèm yon jou prezidan an, ap peye yon pwofesè lekòl kominal 20 lane travay. Se yon bèl egzanp bourik travay pou chwal galonnen. Kouman sitwayen ak sitwayèn peyi a fè asepte yon nivo inegalite konsa. Ki sa ki bay yon prezidan dwa pou l sèvi avèk richès peyi a pou l ap viv ak fanmi l tankou wa, tankpou prens, poutan majorite moun nan popilasyon an ap viv nan kondisyon ki pa fèt pou bèt? Nou menm nan Antèn Ouvriye, nou kwè reyalite sa a dwe revòlte konsyans tout ouvriye, travayè ak tout mas popilè yo.

Pwofesè yo kapab remake, dènye zak gouvènman Mateli Lamòt la fè kont etidyan yo, montre aklè yo pran wout pou retounen ak rejim diktati fewòs makout Divalye yo. Ki donk, yo tou pre pou ansasinen tout moun k ap revandike dwa yo, ki mele diktatè yo, pwofesè lekòl kominal ta mouri nan fè grèv. N ap raple pwofesè yo, se moun vivan ki batay.


Antèn Ouvriye mande Lameri Pòtoprens :

– peye pwofesè lekòl kominal yo 8 mwa travay yo

– Amelyore kondisyon travay pwofè yo

– Mete kantin nan nan lekòl kominal yo pou elèv ak pwofesè yo

Pou direksyon Antèn Ouvriye :

JULES Reginald