Aller au contenu

Mobilizasyon premye me : Travay wi, esklavaj non!

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè. Nan okazyon premye ane sa a, divès òganizasyon tankou Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman, Centrale Nationale des Ouvriers haïtiens (CNOHA), Confédération des Forces Ouvrières(CFOH), Union des Normaliens Haitiens (UNNOH), Batay Ouvriye, Kolektif pou Dedomajman Viktim Kolera, Rezo Fanm BAI envite w nan yon seri mobilizasyon sou kondisyon travay nan peyi a. Nan okazyon sa a, n ap gen : konferans deba k ap fèt vandredi 27, samdi 28 ak dimanch 29 avril sou enpòtans premye me a. Madi premye me 2012, n ap òganize yon mach k ap kòmanse devan pak endistriyèl Sonapi apati 9è nan maten pou al bout devan palman an. Premye me 2012, nou pral mande:


– Respekte dwa travayè/èz pou yo òganize yo an sendika/pou patwon yo sispann revoke travayè/èz k ap defann dwa yo

– Pou ministè afè sosyal fè patwon yo respekte lwa sou salè minimòm nan nan soutretans yo

– Pou palman an voye pwojè lwa senatè Anacacis fè sou travay lannuit la nan poubèl

– Pou pouvwa anplas la fè bak sou bann pwojè ekonomik k ap lage peyi a nan plis mizè ak malsite

Madi premye me, ann manifeste pou respè dwa travayè ak travayèz yo. N ap tann ou a 9vè tapan, devan pak endistriyèl la (SONAPI). Travay wi, esklavaj non!