Aller au contenu

Jistis sosyal ak anviwonmantal pou Ayiti

Jou ki te 21 mas ak 12 avril 2012, PAPDA te envite plizyè òganizasyon manb li ansanm ak lòt patnè li yo nan yon rankont kote li te fè yon rapèl sou orijin mo-bilizayon anviwonmantal yo sou latè, kisa Riyo+20 an ye epi ki rezilta li te bay. konsa nou te konstate bilan negatif tout pwosesis sa a te genyen.


PAPDA ap travay pou en-plike Ayiti nan mobilizasyon mondyal sa a pou plizyè rezon, ladan yo nou ka site:

1. Katastwòf anviwon-mantal kap menase peyi a chak jou pi plis

2. Menm jan peyi a te leve flambo libète a kote li di dwa moun se pou tout moun, menm jan sa a nou kwè li enpòtan pou Ayiti patisipe nan kokennchenn mobili-zasyon pèp sou latè pou di anviwonman an se pou nou tout li ye, se pa yon machandiz e fòk nou pwoteje l.

Objektif rankont sa yo se te:

1. Ranmase plis enfòmas-yon sou sitiyasyon anvi-wonnmantal nan peyi a.

2. Chache enplike lòt òganizasyon nan reyali-zasyon aktivite nou prevwa fè yo.

Oganizasyon ki te patisipe nan rankont sa yo se: FRAKKA, ITEKA, CERFAS, Tèt Kole Ti Peyizan Ayi-syen, SAKS, Fon Lambi, Caritas Haiti, RNDDH, PAJ, REFRAKA, POHDH, MITPA .Nou konte sou patisipasyon yo.

Nap envitew telechaje bilten an pou plis detay: Riyo_20-bilten-2.pdf