Aller au contenu

Deklarasyon BATAY OUVRIYE nan okazyon selebrasyon 8 mas 2012

Kamarad ouvriye, zanmikamarad travayè tout kalite, pwogresis konsekan, Pèp Ayisyen an jeneral, nou tout ki reyini jounen jodi a pou reyalize mach istorik sa a. Jodia 8 mas 2012, nou menm divès òganizasyon k ap batay pou pèp ayisyen leve kanpe pou li kase chenn esplwatasyon, dominasyon ak opresyon l ap sibi nan peyi a, nou vini pou nou reklame vre sans 8 mas jounen entènasyonal fanm genyen an. Nou vin di klèman, 8 mas sòti nan batay fanm klas ouvriyè a, batay fanm sosyalis nan kòmansman 20tyèm syèk la Ozetazini ak an Ewòp. Se vre an 1977, lè Nasyonzini deklare 8 mas jounen entènasyonal fanm, li pèmèt lit pou fè respekte dwa fanm yo vin pran yon pi gwo anplè.


Kamarad ouvriye, zanmikamarad travayè tout kalite, pwogresis konsekan, Pèp Ayisyen an jeneral, nou tout ki reyini jounen jodi a pou reyalize mach istorik sa a. Jodia 8 mas 2012, nou menm divès òganizasyon k ap batay pou pèp ayisyen leve kanpe pou li kase chenn esplwatasyon, dominasyon ak opresyon l ap sibi nan peyi a, nou vini pou nou reklame vre sans 8 mas jounen entènasyonal fanm genyen an. Nou vin di klèman, 8 mas sòti nan batay fanm klas ouvriyè a, batay fanm sosyalis nan kòmansman 20tyèm syèk la Ozetazini ak an Ewòp. Se vre an 1977, lè Nasyonzini deklare 8 mas jounen entènasyonal fanm, li pèmèt lit pou fè respekte dwa fanm yo vin pran yon pi gwo anplè. Li vin gen yon karaktè inivèsèl, li pa rete nan mouvans lit peyi oksidantal yo sèlman. Li klè chak peyi gen listwa li oswa ekspresyon kiltirèl li sou kesyon 8 mas la, men nou pa ka asepte pou 8 mas tounen yon lit ant fanm kont gason. Ni li pa non plis, yon jou pou fè komès oswa demagoji politik. Ni nonplis pou, sou pretèks “lit fanm”, nou nan kòkòt ak figawo ak tout fanm reyaksyon e k ap dominen nou. 8 mas, se yon dat istorik nan listwa batay limanite. Men anvan tout bagay, 8 mas rete yon komemorasyon lit pou JISTIS SOSYAL, kont lesplwatasyon kapitalis, kont opresyon ak dominasyon enpeyalis.

Nou menm an Ayiti, 8 mas 2012 la, nou pran lari pou nou pote revandikasyon nou non sèlman souDWA FANM k ap pase anba pye akòz sitiyasyon vyolans ekonomik ak politik global nan peyi a. Men nou pran lari a tou pou denonse kalite politik degrenngòch k ap fèt anba kontwòl gouvènman enpeyalis tankou USA, Lafrans, Kanada ansanm ak lòt ki di se swadizan “zanmi pèp ayisyen” yo ye epi ki fè pati bra ame ki rele Minista a, pou pa gen okenn chanjman vre nan peyi a. Se blòf, se manti! Pandan y ap regle dòt kesyon, an patikilye: ekonomik, politik ak estratejik sou do mas popilè yo.

Se poutèt sa, anfas gwo pwojè anti pèp sa a k ap dewoule devan nou, jodi a 8 mas 2012, nou dwe gen yon vizyon estratejik ki ale pi lwen nan batay n ap mennen yo. Fòk se yon GWO OUVMAN LEVE KANPE ki fèt nan tout peyi a pou nou di NON a labitrè, NON a jan politik ap fèt nan peyi a, NON a prezans Minista/Kolera ak tout lòt gouvènman k ap foure bouch yo nan zafè peyi nou!
Se poutèt sa, nou dwe retounen nan sous kote 8 mas la sòti, kidonk nan zantray lit klas ouvriyè fas a lesplwatasyon kapitalis. Nou dwe wè peyi nou an fè pati yon sistem global ki pwodyi opresyon, esplwatasyon ak dominasyon de klas sou dòt k ap sibi. Nou dwe gade kòman pou nou kreye, rejenere oswa ranfòse mouvman pou JISTIS SOSYAL la, MOUVMAN PWOGRESIS REVANDIKATIF la pou fòme yon FÒS ak yon PWOGRAM POLITIK KLÈ, pou ATAKE PWOJÈ KLAS DOMINAN AK ENPEYALIS yo ki an aplikasyon jodi a nan peyi a. Mouvman sa a dwe ranmase revandikasyon ouvriye yo, ti peyizan yo, tiboujwa defavorize yo, chomè yo, anfen: tout klas oswa kategori sosyal ki nan KAN PÈP la, kit lavil, kit nan zòn riral peyi a.

8 mas 2012 la, se yon okazyon pou nou poze nesesite MOIBILIZASYON òganizasyon pwogresis yo, òganizasyon revandikatif ki nan kan pèp la pou pote yon lòt kalite ALTÈNATIV sou SÈN POLITIK la. Pwojè klas dominan yo ak enpeyalis yo bout. Yo pa kredib ankò ! Fòk tout moun ki konsyan ke peyi a ap fè fon, ke mond kapitalis la an kriz, ke pwojè neyoliberal la fè fayit, ke pwojè neyoliberal sa a ap voye tout travayè ansanm ak tout pwogresis nan twou, fòk tout moun konsyan sa yo mete tèt yo ANSANM pou LIMANITE pran yon LÒT WOUT. Nan lemond antye, pwogresis tout kote konsyan de sa. Vreman vre, se yon mouvman antikapitalis k ap devlope/bouje nan divès kote nan lemond jodi a. E, si nou klè sou sa, fòk nou jete tèt nou nan batay la ak tout fòs nou, ak tout detèminasyon nou! NOU KAPAB! Si nou òganize nou, fòs la se nan nou li ye!

Menm jan zansèt nou yo te siprann limanite nan lit yo te mennen ki pèmet nou te sòti nan sistèm esklavajis/kolonyalis la, nou dwe MOBILIZE nou, òganize nou pou nou sòti anba sistèm opresyon, esplwatasyon ak dominasyon ki tabli nan peyi a jodia.

8 mas se komemorasyon apò lit fanm klas ouvriyè te mennen kont sistèm esplwatasyon kapitalis la. An nou aprann de sa pou nou pote kontribisyon pa nou nan lit limanite ap mennen jodia pou demen ka yon lòt jan!

8 mas 2012 an Ayiti, se lansman yon KRI RALIMAN fòs pwogresis yo pou di NON! NON kont vyolans politik debride ki tabli nan peyi a ! NON alabitrè ! NON A PWOJÈ EKONOMIK AK POLITIK DOMINASYON AK LESPWATASYON ENPEYALIS LA KI SE TITÈL AN APLIKASYON E K AP DEWOULE DEVAN JE NOU!
VIV YON LÒT AYITI kote gen JISTIS SOSYAL, kote Pèp Ayisyen an kontwòl souverènte ekonomik ak politik li.

8 mas 2012: jounen entènasyonal Fanm Travayèz:
BATAY LA FENK KÒMANSE!

VIV ALTENATIV KI PÒTE VIZYON AK ENTERÈ TRAVAYÈ DOMINE AK ESPLWATE YO NAN FONDMAN L !

BATAY OUVRIYE – 8 Mas 2012