Aller au contenu

Pozisyon Kolektif la sou zak pwovokasyon ak briganday ki fèt nan Fakilte Etnoloji, jou vandredi 17 fevriye a

Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomaje Viktim Kolera yo, ki gen ladan divès òganizasyon nan mouvman sosyal popilè a ap suiv ak anpil kè sote, jan peyi nou an ap plonje nan briganday ak rejim Tèt kale Martelly a. Kolektif la konstate, depi pouvwa neyodivalyeris Michel Martelly a fin tabli, se eskandal sou eskandal k ap pete toupatou nan enstitisyon Leta yo. Pandan tan sa a, tout pòt kontinye ap louvri san rete pou envestisè etranje vin fè tiyon sou do travayè ak travayèz yo.


Otorite nan Leta a ap goumen youn ak lòt. Palmantè ap denonse palmantè, minis ap denonse Premye minis epi laprezidans ap goumen ak ni palmantè, ni Premye minis. Pandan kriz sa a ap deplòtonnen nan pi wo nivo Leta a, prezidan repiblik la pa rive fè diferans ant jesyon Leta a ak jesyon yon cha kanaval. Prezidan an ap eseye tabli piti piti, yon pouvwa bout di nan peyi a. Zafè ansyen militè k ap antrene toupatou nan peyi a, ak gwo zam nan men yo, se yon egzanp aklè ki montre prezidan an deside lage peyi a nan yon veritab katchouboumbe, pou fòs okipasyon Loni an ka toujou rete tèt kale nan peyi a.

Dènye kou ki touye koukou a, se briganday ak zak kraze brize yon gwoup bandi ki te gen nan tèt li prezidan Martelly te fè nan Fakilte Etnoloji, vandredi 17 fevriye nan apremidi. Dapre enfòmasyon yo, prezidan repiblik la te soti petyonvil ak yon gwoup 200 manifestan. Lè yo rive sou channmas, manifestan yo, bandi yo, ak prezidan kale tèt la nan tèt yo ak yon gwoup neg ame an sivil, te fè tantativ pou rantre nan Fakilte a. Etidyan ki te la nan moman an, te fè rezistans pou anpeche dezòd sa a fèt, paske nan Fakilte a te gen kou ak yon kòlòk entènasyonal ki t ap fèt ladan. Se nan moman sa a, bandi yo kraze miray ak baryè yo epi antre nan lakou fakilte a. Bandi yo bat plizyè etidyan. Lapolis arete 4 pami etidyan yo. Bandi yo vòlè òdinatè, enprimant, telefòn pòtab, vantilatè epi kraze vit machin ak anpil materyèl biwo yo andedan Fakilte a.

Prezidan repiblik la fè debakman an chango sa a nan Fakilte a, san avèti otorite ki nan tèt Fakilte a ak otorite ki nan tèt inivèsite a. Ki moun ki t ap responsab si yon malè te rive prezidan an andedan Fakilte a? Eske konpòtman ti sourit sa a dwe rive jouk nan pratik yon prezidan repiblik? Eske yon jès konsa se pa avili lap avili enstitisyon Leta yo, an patikilye prezidans lan? Noumenm nan Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje Viktim Kolera yo, nou denonse ak tout fòs nou, politik ti sourit ak gwo ponyèt, otorite ki pi wo plase nan Leta a, ap mennen nan tèt peyi a. Nou denonse ak tout fòs nou, zak vyolasyon espas Inivèsite a.

N ap raple pou tout moun, se pa premye fwa mòd debakman an chango sa yo fèt nan inivèsite a. Nan lane 1992, pandan koudeta a, militè ak manm FRAPH te debake nan Fakilte Syans, kote yo arete epi maspinen etidyan ak pwofesè, poutèt yo pat dakò ak koudeta a. Nan dat 5 desanm 2003, bandi ki te kwè yo t ap sèvi prezidan Aristid, debake nan Fakilte Syans Zimèn, yo maltrete etidyan, pwofesè epi yo kase pye ansyen rektè Paquiot. Briganday sa a te vin mete luil sou dife mobilizasyon ki t ap fèt kont pouvwa Aristid la. Men, nan okenn nan briganday sa yo, prezidan kite la nan epòk la pat janm mele dirèkteman. konpòtman sa a pa depaman ak konpòtman fòs okipasyon an, lè nou sonje debakman gwo ponyèt MINISTA te fè nan Fakilte Etnoloji nan dat 24 me 2010, kote sòlda brezilyen yo te maspinen epi arete etidyan Frantz Mathieu Junior.

Pou tout rezon sa yo, Kolektif la mande :

1) Pou tout etidyan ak pwofesè viktim yo al pote plent kont pouvwa tèt kale prezidan Martelly a ak tout bandi ki te enplike nan zak kraze brize sa yo
2) Pou dirijan Fakilte Etnoloji ak dirijan ki nan tèt Inivèsite a akonpaye viktim yo pou yo ka jwenn jistis ak dedomajman
3) Pou prezidan Martelly prezante eskiz piblik, pou zak kraze brize ki fèt nan Fakilte Etnoloji a.
4) Pou komisè gouvènman an mete aksyon piblik an mouvman kont tout bandi ki te enplike nan zak gwo ponyèt ki fèt nan Fakilte Etnoloji a

Pou Kolektif la :

Oxygène David

Urbain Garçon

Siméon Wisly