Aller au contenu

Vyolasyon dwa moun deplase yo nan Pòtoprens

Kolektif pou defans dwa lojman, ki regwoupe divès òganizasyon, ladan yo FRAKKA, GARR, POHDH, PAPDA, denonse ak tout fòs yo, zak malonèt yon ekip 5 polisye ansanm avèk plizyè nèg ame fè, nan lannuit madi pou louvri mèkredi 21 desanm 2011 la, sou plizyè dizèn fanmi deplase ki t ap viv sou Plas Jeremi, depi tranblemann tè 12 janvye a.


Kolektif la te pran kontak ak responsab Meri Pòtoprens pou konnen dekiprevyen. Responsab Kominikasyon nan Meri a deklare : «Meri Pòtoprens pa mele ni de prè ni de lwen nan sa ki pase nan Plas Jeremi an. Anplis tou, Meri a kont sa k fèt la, nan jan li fèt la, paske te gen vyolans ladan». Sa ta vle di se yon zak polisye yo deside poukont yo ak ekip atoufè yo, nan mitan lannuit.

Kolektif la mande Direksyon Lapolis la ansanm ak lajistis pou pran sanksyon kont tout polisye ki mele nan zak sa a ansanm ak tout sivil ame ki te akonpaye yo a.

Zak ratibwazay sa a sou deplase nan Plas Jeremi te koumanse nan zòn minui konsa nan lannuit madi 20 pou louvri mèkredi 21 desanm 2011 la, lè yon responsab Komite Asosyasyon Jen Bapedchoz, ki rele Dominique, te rantre sou Plas la pou idantifye fanmi ki te anba tant yo. Apre sa, yon eskwad jenn gason, ak baton, jilèt, kouto nan men, debake sou plas la epi fè ratibwazay sou moun yo an prezans lapolis, dapre temwayaj plizyè viktim Kolektif la te rankontre. Jenn gason sa yo te gen anvlòp lajan sou yo e yon fwa yo fin lonje lajan bay fanmi ki anba tant la, lapoula yo kraze tant la. Nan prese pou fè degèpisman chanpwèl sa a, mesye yo pa bay fanmi yo tan. Se konsa gen tant ki kraze sou timoun ak ti bebe ki t ap dòmi anndan yo; se annapre paran yo t al chache pitit yo anba debri yo. Gen moun ki pa gen tan sove anyen. Kolektif la remake fanm ansent, paran ak timoun ki te dezole pou sa ki te rive a.

Gen yon kenzèn tant ki rete kanpe sou plas Jeremi toujou, men se pa pou lontan, paske yo menase pase yo anba dife. Dapre sa Kolektif la aprann, modòd la, se pou plas Jeremi blanch paske gen yon koudjay ki pwograme samdi 24 desanm, e gen kòb ki deja distribye pou sa, selon deklarasyon plizyè viktim.

Kolektif la ap mande ki kote ekip sa yo jwenn lajan ak pouvwa konsa pou y ap fè kalite vyolans sa yo, nan mitan nan nuit, sou yon bann viktim tranbleman tè 12 janvye a, san pèsonn pa frennen yo. N ap fè remake zak sa yo pase nan menm nuit kote prezidan Matelly t ap fè aktivite bay kado sou Chanmas kote yon bann deplase ap viv.

Kolektif la ap raple Ayiti se youn nan peyi manm Nasyonzini ki konsène nan sa yo rele Prensip Direktè pou moun deplase yo. Youn nan sa prensip yo mande Leta, se planifye ansanm ak fanmi ki blije deplase akòz yon katastwof, espesyalman avèk fanm yo, kote y ap reloje yo nan tèt poze e nan respè dwa ak diyite yo. Kolektif la mande gouvènman an pou l pran tout mezi pou l fè gwoup ame sa yo ki jwenn konplisite lapolis pou mache nan nuit pou atake deplase yo, sispann. Si otorite yo pa fè anyen, Kolektif la ap konsidere sa kòm yon fòm patisipasyon y ap bay nan gwo vyolasyon dwa moun sa a.

Kolektif la mande otorite Lakomin Pòtoprens ak Ministè Afè Sosyal pou prese prese, yo pran mezi pou ede moun sa yo ki viktim yon dezyèm fwa, jwenn yon kote pou rete.

Pou Kolektif pou Defans Dwa Lojman

Colette Lespinasse

Kowòdonatris GARR