Aller au contenu

Kanpay SE RA, SE TA! Pou derasinen Vyolans sou Fanm

De ti mo pou n fè konesans ak Kanpay Vyolans sou Fanm, SE RA SE TA!

Kanpay Vyolans sou Fanm, SE RA SE TA! Se yon Kanpay pou konbat “aseptsyon sosyal ak banalizasyon” vyolans sou fanm. Ki vle di fason sosyete a, asepte, tolere, zak vyolans fanm yo viktim nan sosyete a paske yo se fanm. Kidonk, yon Kanpay pou derasinen vyolans sou fanm.

Kanpay Vyolans sou Fanm Se Ra, Se Ta!, se yon gwo mouvman rejyonal ki tanmen, nan yon premye moman nan 3 peyi nan rejyon Amerik Latin ak Karayib la – (ALAK), Ayiti, Bolivi, Brezil, Gwatemala. Nan yon dezyèm ak twazyèm moman, Kanpay la ap gen pou l touche lòt peyi ALAK yo. Se Rezo Sante Fanm Amerik Latin ak Karayib – RSMLAC ki ap fè kòdinasyon an pou Rejyon an. An Ayiti, se Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA, ki gen reskonsablite mennen Kanpay la.

Kanpay sa a se pitit vant yon inisyativ ki sòti nan Novib, OXFAM peyi Olann. Kalite Kanpay sa a fèt deja nan plizyè peyi nan 2 kontinan Azi ak Lafrik. Kanpay la te toujou fèt sou non “We Can”/ Nou Kapab. Men nou menm òganizasyon fanm nan rejyon (ALAK) an, rive negosye pou chanje non ak logo kanpay la, yon fason pou yo pi koresponn ak lang, kilti rejyon nou an. Konsa, Kanpay la ap fèt nan rejyon an sou non, Kanpay Punto Final nan lang panyòl, pou Ayiti, nou rele li, Se Ra, Se Ta!.

Kanpay Vyolans sou Fanm, Se Ra, Se Ta!, ap poze pwoblèm vyolans fanm viktim nan sosyete a, paske yo se fanm (vyolans espesifik) nan yon apwòch pou konbat fason sosyete a asepte kalte vyolans sa a sou tout fòm li, menm jan li asepte pwoblèm diskriminasyon ak dominasyon fanm yo, vin jwenn vyolans espesifik sa a pèmèt epi ranfòse dominasyon fanm. Konsa gwo objektif kanpay SE RA, SE TA!/Punto final, se:

kontribye nan elimine aseptasyon sosyal vyolans sou fanm sou tout fòm li tan l ap chita aksyon li yo sou chanjman mantalite ak valè ki marande avèk yon seri lide tou fèt ki plante rasin yo nan kilti sosyete a ki favorize pouvwa dominasyon gason sou fanm.

Kanpay Vyolans sou Fanm, SE RA, SE TA! ap rapousuiv prensipal objektif, tankou:

• Ankouraje chanjman nan kwayans sosyal ak konpòtman ki marande ak koze diskriminasyon, inegalite, rapò debalanse fanm ak gason ki ranfòse epi ankouraje vyolans sou fanm nan rejyon Amerik Latin ak Karayib la.

• Konstri yon pozisyon kolektif divès sektè nan kominote yo epi ranfòse repons sosyal ak enstitisyonèl pou fè prevansyon pwoblèm vyolans sou fanm la;

• Fè pwomosyon yon mobilizasyon sosyal aktiv atravè alyans nan mitan sektè yo;

• Ranfòse rezo fanm yon mannyè pou rann pi vizib epi denonse vyolans espesifik sou fanm; batay rèd mare pou rive fè pwomosyon chanjman sa yo onivo enstitisyon nou yo, onivo kilti nou; menen aksyon ansanm pou fè prevansyon kont vyolans sou fanm.

Pou rive atenn objektif sa yo, Kanpay la nan estrateji li, chita anpil sou alyans ant divès sektè. Alyans sa reyini 3 gwoup moun: 1) Ajant/Ajan chanjman – 2) Alye – 3) Aktè/Aktris… ki gen pou jwe yon wòl enpòtan nan Kanpay SE RA SE TA! pou derasinen vyolans sou fanm.

Parapòta ki moun yo ye, ki enstitisyon yo reprezante, 3 gwoup moun sa yo pral kontribye nan fason pa yo epi bay lebra ak òganizasyon ki nan kanpay la pou nou rive derasinen vyolans sou fanm ak tifi epi plante yon pye bwa lavi k ap donnen fri ak jèm pou mennen vyolans sou fanm nan tobout li.

Alyans yo ap fèt onivo:

. Gwoup moun, enstitisyon nan mouvman sosyal la, nan rezo yo,
ki ap konbat vyolans sou fanm nan kominote yo, ki ap mennen aksyon nan kominote yo epi ki kapab enfliyanse opinyon yo;

.Moun, kominote nan divès lokalite,
ki deside defye/konbat nòm ak pratik sosyal ki ap donnen vyolans sou fanm;

.Enstitisyon nan domèn edikasyon (Lekòl, Inivèsite, Sant fòmasyon kote etidyant ak pèsonèl yo kapab deside pou yo aji kòm Ajant/Ajan chanjman epi transfòme konpòtman ak pratik ki pote diskriminsayon sou fanm;

. Estrikti nan domèn kominikasyon onivo lokal, nasyonal ak rejyonal
ki kapab kontribye nan fè deba piblik sou koze diskriminasyon, inegalite nan mitan fanm ak gason, rapò yo genyen ak vyolans sou fanm; kontribye nan fè konnen kanpay la
 Moun ki selèb (anpil moun konnen, anpil moun koute yo),
ki kapab apiye kanpay la epi rive jwenn api anpil lòt moun pou kanpay la…

An Ayiti, prensipal aksyon Kanpay la ap fèt nan komin Laskawobas nan Plato Santral. Zòn sa a, te chwazi sou baz divès kritè ki te defini nan rejyon an pou chak peyi idantifye yon kominote pou mennen aksyon kanpay la sitou onivo travay pwoksimite pou chanjman mantalite yo.
Sòti 2009 kote Kanpay la koumanse boujounen an Ayiti, rive 2011, nou rive reyalize prensipal aksyon sa yo:

– Reyalizasyon ankèt “Dyagnostik sou sitiyasyon vyolans sou fanm nan Komin Laskawobas” ki fèt anndan 5 lokalite/zòn nan Lascahobas – 2009;

– Prezantasyon rezilta ankèt sa a, nan okazyon selebrasyon 25 novanm 2009, Jounen Entènasyonal Kont Vyolans Sou Fanm;

– Mete sou pye kòdinasyon lokal (Laskawobas) ak Nasyonal (Lwès)

-Aktivite Mizanrelasyon ak Aktè-Aktris, òganizasyon nan komin Laskawobas

– Atelye diskisyon sou rapò ankèt dyagnostic yo avèk reprezantan RSMLAC

– Prezantasyon Kanpay la nan rankont ak divès reprezantan òganizasyon/enstitisyon;

– Mobilizasyon plis pase 20 Ajan/Ajant chanjman, fanm, gason, jèn ki pran angajman pou yo aji kòm modèl nan chanjman konpòtman epi mennen aksyon sansibilizasyon nan tèt kole ak òganizasyon ki enplike nan kanpay la;

– Patisipasyon nan echanj, diskisyon, rankont onivo rejyon an.

– Rankont ak òganizasyon fanm, òganizasyon kominotè miks Alye Kanpay la nan Laskawobas

Reyalizasyon Atelye echanj nan Pòtoprens sou reyalizasyon Kanpay Se Ra, Se Ta!

– Travay sou zouti, lòt dokiman, pwogramasyon aksyon ets
Pou kounye a gen plis pase 30 òganizasyon nan Laskawobas ak nan Pòtoprens ki dakò ak prensip Kanpay Vyolans Sou Fanm, SE RA, SE TA! epi ki deside patisipe nan kanpay la swa kòm manm, swa kòm alye.

Solidarite Fanm Ayisyèn, SOFA mete ak lòt òganizasyon nan Laskawobas ak nan Pòtoprens fòme Kòdinasyon nasyonal Kanpay Vyolans sou Fanm, SE RA, SE TA!

Nan Laskawobas:

• Kòdinasyon pou Aksyon sou Sante ak sou Devlòpman Ayiti – COSADH

• Mouvman Fanm Lawòy – MFL

• Platfòm Òganizasyon Fanm Laskawobas – POFADEL

• Solidarite Fanm Ayisyèn Laskawobas – SOFA

Onivo Lwès:

• Gwoup k ap Apiye Refijye ak Rapatriye – GARR

• Mouvman Fanm Ayisyèn pou Edikasyon ak Devlòpman – MOUFHED

• Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun – POHDH

• Rezo Fanm Radyo Kominotè Ayisyen – REFRAKA

• Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA

Wè, Koute, Pale, Aji,

Vyolans sou Fanm, SE RA, SE TA!

Li dokoman sou PDF:

SE_RA_SE_TA_-_Presentation_version_creole_-_2011.pdf