Aller au contenu

Mesaj moun nan kan yo nan okazyon jounen Mondyal Lojman

Nou menm kap viv nan kan yo, nou se moun tankou tout moun. Nap viv san sekirite, lavi nou menase, pitit fi nou yo fin gaspiye. Tout kan yo gen menm pwoblem yo. Zòt fè tankou yo pa wè sa k ap fèt la. Kounye a ensekirite a vin rèd, lajistis demisyone, depi 12 janvye n ap viv anba tant pa jan gen yon mo pou di.

Kan nou yo, pa gen dlo ni twalèt menmm an favè nou pa gen sante, yo chita vann jistis, pa gen kote pou nou rete koze prela pi rèd. ONG yo lage divizyon nan kan yo nan distribiye chèltè pa moun pa, y ap kraze kan yo san kondisyon.

Zafè lekòl menm vin pi rèd. Nou konnen nou se pitit sòyèt, nou tounen bourik travay bay chwal galonnen. Ann leve kanpe nou pap rete chita. Kounye a sa pi rèd menm jounalis viktim.

Egzanp :

Kanaran timoun 12 zan ak 13 zan ap ansent anba tant.

Site soley pa gen sekirite.

Chanmas moun yo ap viv anba labou, pa gen sekirite.

Tapi vè moun sa yo ap viv tankou bèt ki lage.

Plas fyète menm sa pi rèd, Koray, Boulos, Izole elatriye.

Nou deside pou atik 22 konstitisyon an respekte kif è leta obligasyon pou bay tout pitit peyi a bon jan kay pou yo rete.

Pran teks orijinal la sou PDF.:
Mesaj moun nan kan yo nan okazyon jounen Mondyal Lojman

Mesaj moun nan kan yo nan okazyon jounen Mondyal Lojman