Aller au contenu

Sitin nan Pòtoprens anfavè dwa lojman epi kont degèpisman gwo ponyèt viktim katastwòf 12 janvye yo

Se lendi 3 oktòb 2011 lan, Kolektif òganizasyon pou defans Dwa Lojman nan peyi Dayiti òganize yon sitin devan Ministè Afè Sosyal ki chita nan Avni Chal Simnè nan Pòtoprens pou mande yon kanpo sou degèpisman k ap fèt nan divès kan andann peyi epi fè respekte dwa popilasyon an genyen pou yo jwenn bon jan kay pou yo rete.

« Aba represyon ak degèpisman gwo ponyèt kont moun k ap viv anba tant yo ; viv respè dwa tout Ayisyen-Ayisyèn pou yo jwenn yon kote pou yo rete nan diyite jan atik 22 Manman Lwa peyi a mande sa ; nou vle kay, nou pa vle kalòj ; otorite Leta yo dwe bay peyi a yon bon jan politik nasyonal lojman ; olye Leta geri bosko l sou CIRH, pito li remanbre enstitisyon piblik yo tankou EPPLS (Antrepriz Piblik pou Pwomosyon Lojman sosyal) ». Se prensipal lide ki travèse sitin lan tankou divès aktivite sou dwa lojman Kolektif la deja fè nan twa dènye jou sa yo.

Solidarite lòt pèp nan Karayib la

Depi 9 vè nan maten, manm Kolektif la ak reprezantan kan te rasanble devan lokal Ministè Afè Sosyal nan Avni Chal Simnè ak pankat nan men pandan yo t ap lanse chante ak eslogan. Pami patisipan yo tou, te gen reprezantan òganizasyon Gritos de los Excluidos (Rel moun yo mete sou kote yo). Delege sa yo ki te vin pote solidarite yo ak Ayisyen/Ayisyèn k ap jemi anba tant soti nan plizyè peyi nan Karayib la, tankou Repiblik Dominikèn, Potoriko ak Kiba. Te gen reprezantan peyi Chili, Lafrans, Etazini tou nan sitin nan.

Yo te temwen kijan vè 11zè nan maten responsab nan Ministè Afè Sosyal peyi Dayiti te derefize resevwa yon lèt pwopozisyon ak rekomandasyon Kolektif la te pote pou minis Afè Sosyal la, Gérald Germain, sou koze dwa lojman an ak sitiyasyon malè pandye ki sou tèt viktim 12 janvye yo. Sa te pwovoke pandan yon bon moman gwo tansyon devan baryè Ministè a kote ajan sekirite yo te vle fèmen baryè ak tout fòs sou manifestan yo ki te an kolè sitou lè ajan yo te koumanse bourade kèk ladan yo. Finalman, se gras ak entèvansyon Direktè jeneral Ministè a, yo te aksepte resevwa lèt la nan men Kolektif la e bay akize resepsyon tankou sa fèt nan nenpòt ki biwo piblik.

Sitin sa a manm Kolektif òganizasyon k ap defann Dwa Lojman an te òganize nan tèt kole ak divès komite kan nan peyi a, devan Ministè Afè Sosyal, fè pati yon seri inisyativ regwoupman òganizasyon sa yo pran pou respè dwa lojman an tounen yon reyalite nan peyi Dayiti. Kolektif la gen ladan l òganizayon sa yo : GARR, PAPDA, POHDH, FRAKKA, SJR-Ayiti, Batay ouvriye ak DOP.

Sous:http://www.garr-haiti.org/spip.php?article837