Aller au contenu

Deklarasyon 18 me 2011 : Se nou ki dwe sèl mèt bout tè nou an

Soti 18 me 1803 pou rive 18 me 2011, sa fè deja 208 lane depi zansèt nou yo te kreye drapo peyi a nan vil Akayè. Nan yon jès ki te gen anpil detèminasyon ak fèmte, Jeneral anchèf lame endijèn nan, Jean Jacques Dessalines, te rache pati blan an nan ansyen drapo fransè a, epi li te kole moso ble a ak moso wouj la. Drapo sa a ki te senbòlize inite nan mitan Ansyen Lib yo ak Nouvo Lib, te montre volonte sila yo te genyen pou yo viv lib san yo pa deside pran lòd nan men lòt nasyon. Se sa k fè yo te chwazi kòm eslogan VIV LIb OU MOURI. Atravè pawòl sa a, yo te vle di yo pito mouri pase pou yo kontinye viv nan lesklavaj, sou lòd lòt peyi, elatriye.


Li dokiman PDF. :

Deklarasyon 18 me 2011