Aller au contenu

Fowòm entènasyonal : « Ki finansman pou ki rekonstriksyon ?» 27, 28, 29 Avril 2010

Platfòm Ayisyen kap plede pou yon lòt kalite devlopman (PAPDA) kontan envite ou patisipe nan yon fowòm l ap reyalize 27, 28 ak 29 avril 2011.

Tèm santral Fowòm sa se « Ki finansman pou ki rekonstriksyon ? ». Evenman sa a se yon etap nan yon seri aktivite fòmasyon, refleksyon kritik ak mobilizasyon kap poze kesyon enpòtan sou konjonkti nap viv jodia e sou ki kalite repons nou dwe pote a kriz ki ap anvlimen depi tranbleman tè a e sou altènativ nou dwe konstwi ansanm. Pandan fowòm sa a nap reflechi sou chapant sistèm finansye a nan peyi nou an, sou bèl eksperayns ekonomi solidè an Ayiti ak lòt kote e kijan nou kapab konstwi altènativ solid pou peyi nou an. Pandan Fowòm nan tou nap mete nou dakò sou kèk priyorite nan kad pledwaye ak batay nap pwal devlope ansanm nan mwa kap vini yo.


Ap patisipe nan fowòm sa a plizyè kanmarad ayisyen ak etranje, òganizasyon ayisyen ak etranje ki gen anpil tan travay sou pwoblèm sa yo. Ap genyen kanmarad kap sòti nan divès peyi (Brezil, Trinidad ak Tobago, Ajantin, Venzwela, Repiblik Domikèn) e ki se manm mouvaman Jibile Sid, mouvman sendikal (FITUN) ak lòt mouvman solidarite.

Avèk lèt envitasyon sa a nap jwenn pwogram fowòm nan an detay. Nap mande nou pou nou konfime patisipasyon nou pou pita jou kap 25 avril 2011 nan local PAPDA, No 20, Ri Jan Batis Kanape Vè. Oubyen nan telefòn sa yo : 509-29443931 (Guerdie Démosthènes) / 509-37789633 (Mme Lamour). PAPDA ap ranbouse frè transpò pou delege kap sòti an pwovens dapre pri Leta fikse e nap asire lojman ak manje nan Potoprens.

Prezans nou ak patisipasyon nou enpòtan pou fowòm nan ka reyisi.

Camille Chalmers

Directeur Exécutif