Aller au contenu

Piblikasyon PAPDA: POLITIK PIBLIK YO NAN PEYI D’AYITI: JOUK KILÈ NAP KOUPE FACHE AK POLITIK RESTAVÈK YO ?

Nan dokiman sa, pwofesè Belizaire poze anpil kesyon sou politik piblik ki ap aplike nan peyi d Ayiti depi 20 dènye lane sa yo. Ki wòl aktè etranje yo jwe nan desizyon dirijan ayisyen yo ap pran ? Pwofesè Belizaire fè yon konparezon ant nivo patisipasyon aktè lokal yo (Ayisyen yo) ak nivo patisipasyon aktè entènasyonal yo nan elaborasyon plizyè dokiman politik piblik nan dènyè tan sa yo tankou CCI, DSNCRP, PDNA ak PARDN.


Menm nan kontèks apre katastwòf 12 janvye 2010 la, Gouvènman ayisyen an ak tout Enstitisyon finansyè
entènasyonal (IFI) yo mete ak gwo peyi kapitalis yo, pa chanje ; yo toujou rete soude ak remèd chwal, plan lanmò a. Nan plizyè dokiman li ekri, Gouvènman ayisyen an rekonèt se plan lanmò sa a ki lakòz
pwodiksyon nasyonal la kraze, e se li menm tou ki baz tout soufrans popilasyon an. Nan analiz li yo, pwofesè Belizaire dekouvri, malgre
tout pawòl sa yo, Leta ayisyen ak tout aktè entènasyonal yo pa
deside koupe fache ak plan lanmò sa yo. Sa ki plis bay kè kase a, se
nivo patisipasyon aktè ayisyen yo ki preske pa egziste ditou nan
pwosesis definisyon politik piblik yo, sitou lè nou konsidere dènye
dokiman yo ki se : PDNA ak Plan Aksyon pou remete peyi a kanpe ak
Devlòpman Nasyonal (PARDN). Yon kazak pakoti
« Rekonstriksyon » kominote entènasyonal la taye pou mete sou peyi
a ; se yo ki deside epi enpoze Leta ayisyen (Leta restavèk la), san
sosyete ayisyen an pa janm gen okazyon pou di mo pa li nan bagay
sa. Se kèk grenn «ekspè atoufè entènasyonal » ki ap deside sou lavni
peyi d Ayiti san patisipasyon tout konpetans lokal ; eske nou ka di
gen yon Leta ki granmoun tèt li nan kontèks sa ? Lè nou konsidere
tout kesyon sa yo, apre konklizyon analiz li a, pou reponn ak tout
pwoblèm definisyon politik piblik yo nan peyi a, pwofesè Belizaire
pwopoze pou mete anplas yon Leta popilè ak ranfòsman mouvman
sosyal altènatif yo.

Ou kapab li oubyen telechaje dokiman sa a sou sit la

POLITIK PIBLIK YO NAN PEYI D’AYITI: JOUK KILÈ NAP KOUPE FACHE AK POLITIK RESTAVÈK YO ?