Aller au contenu

Dènyè piblikasyon PAPDA: Zouti Peyizan

Dokiman sa a PAPDA atravè Pwogram li PPSA ap
prezante a, ranmase anpil nan eksperyans l ap
mennen ak òganizasyon peyizan yo nan zòn pilòt
tankou Kap-wouj-Sidès, Pewoden-Latibonit.


Se yon gid ki pou bay bourad nan travay peyizan yo
ap reyalize, nan pwodiksyon manje pou sòti peyi a
nan depandans li ye a. Gid la pote yon ansanm
enfòmasyon sou zafè agrikilti byolojik, modèl
VEDEK ap pwomouvwa nan Kapwouj, kote lap
pataje divès teknik lap eksperimante tankou
pwodiksyon engrè òganik, pwodiksyon vètè
(lombriz) ki swa lakay fanmi yo oubyen nan sant
eksperimantasyon. Dokiman an louvri yon pòt pou
plis echanj, plis refleksyon pou mennen nou nan
chimen kote nou ka rive gen mwayen ak zouti pou
sistematize eksperyans nou yo kòm altènatif kle
pou gide desizyon nan sektè a.

Ou kapab li oubyen pran dokiman sa isit la:

Zouti Peyizan