Aller au contenu

Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) sou eleksyon 28 novanm 2010 yo

Depi nan lane 1986 pèp ayisyen an te pran responsabilite istorik li nan kwape diktati kriminèl, antipèp Divalye yo ki te yon kòd ki tap pann mas yo pou plen pòch boujwazi raketè, klas dominant restavèk yo ak gran manjè ki te nan tèt Leta nan peryòd la. Venkat lane (24) apre, ti mari pa monte timari pa desann kadejak sou pèp la pirèd. Dènye eleksyon chanpwèl yo montre kouman se pa pwoblèm peyi ankò mwens pwoblèm mas popilè yo ki te nan sant sa kap fèt yo. Ann nou pran kèk egzanp pou montre sa :


1- Depi lè yo di nou nan demokrasi a, yon demokrasi pèpè ki taye sou modèl enperyalis la, sa fè sèt (7) gwo eleksyon peyi a konnen. Men, ansanm eleksyon sa yo se yon veritab dans malfini kote yo mennen pèp la danse tankou poul. Nan sans sa a, nou pap bliye labatwa san rejim militè yo te fè an 1987 pou pote Leslie Manigat sou pouvwa a, nan eleksyon 1988 yo. Eleksyon sou eleksyon pwoblèm pèp la pa janm poze, pèp la vote pou pote ènmi li sou pouvwa a. Si yo di demonkrasi se pouvwa pèp la pou pèp la, demokrasi pèpè a, se pouvwa klas dominant yo, pou laboujwazi ak mafya nasyonal kou entènasyonal fè lajan sou do pèp la epi kont pèp. Nou pa bezwen konn li nan lèt fen pou konprann eleksyon nan sistèm kapitalis la se kòd yo mete nan kou pèp la pou pann li pi byen. Si w kwè nou manti, al mande mas moun ki te leve al benyen nan montana pou mande respekte vòt Preval la an 2006. Yo tout ap di w sa k te pase yo lè yo leve kanpe kont grangou klowoks la boujwa rakatè, grandon ak enperyalis la te fabrike pou koupe trip yo. Mas yo ap di w tou, sa k te pase yo yo apre kat siklòn te fin mete yo sou lagraba nan lane 2008 la. Ouvriye ak anpil lòt moun nan mas yo, pap bliye tou, pozisyon pouvwa sa a ak palmantè raketè yo te pran kont yo, nan batay pou salè mizè 200 goud la. Pi pre nou la, y ap di w sa k ap pase yo depi apre 12 janvye, san bliye tray y ap pase anba epidemi KOLERA-MINISTA a. Yon lòt bò, tout moun konnen ki moun ki ap fè e defè sou do pèp la. Si w konnen nou manti al mande BOULOS, Baker, Klèb boudon an, Gwoup bosan, fanmi Vòb ak lòt tilolit gwo trip ki ap dechèpiye peyi a depi digdantan . Dayè konbyen moun ki janm mande kote kandida yo jwenn lajan pou fè kanpay yo ? Kesyon finansman eleksyon yo tounen yon veritab mekanis kontwòl ak dominasyon enperyalis la ak boujwazi brasèz la .

2- Nou pap bliye tou, eleksyon tisourit sa yo fèt nan yon kontèks kote peyi a ap viv dega ak blesi tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Jouk nan moman n ap pale a, plis pase 1 milyon 300 mil moun ap viv nan 1300 kan, anba dra chire, anba tant sal, kote yo ekspoze anba tout kalite danje. Eleksyon tisourit yo fèt nan yon kontèks kote mas yo ap fè fas ak yon epidemi kolera ki ap pote ale nan peyi san chapo pa banm e pakèt konpatriyòt nou paske yo paka jwenn yon lit seròm oral, yo paka jwenn yon sant sante pou pote sekou ak maladi a, paske yo ap viv nan kras, yo ap bwè dlo ki pa fèt menm pou bèt bwè elt. Nou pap bliye kouman KOERA-MINISTA te koumanse fè dega nan peyi a, jan nou tout konnenn l la nan kad yon leta manfouben, restavèk, kolabo ki ap sèvi enterè boujwazi koutye a, boujwazi revandèz ak gran don yo nan peyi a . Pou nou lide pou fè eleksyon nan kondisyon sa yo se yon bagay sinik, ki pa koresponn ak okenn sansibilite imèn, ak okenn etik ; sitou lè nou konsidere kantite kòb ki ap gaspiye pou fè eleksyon tisourit yo. Mezanmi ki sans sa genyen pou yo ap agase pèp la nan fè kanpay nan avyon, ak gwo foto tout kote, ak espòt nan tout radyo, televizyon, jounal ak tout mi peyi a pou mande pèp la vote ? Vote ki sa ? Vote pou kisa ? Eleksyon rache pwèl, demokrasi pèpè, kandida mafya, machann peyi !!!

3- Si yo di nan demonkrasi eleksyon se ekpresyon souverènte pèp la, ki sans eleksyon anba okipasyon-titèl ki transfòme tèt li an yon administrasyon dirèk avèk CIRH la? Pou kisa eleksyon alòske tout moun konnen se Bill Clinton ki ap dirije peyi a pou omwen senk (5) lane ankò si pa gen leve kanpe kont okipasyon an ? Ki sans eleksyon sa yo genyen lè nou konnen se yon egzèsis enperyalis la ap mennen pou chita dominasyon ak eksplwatasyon l sou peyi a , sou mas yo ? Nou ka wè sa byen nan dènye elksyon-rachepwèl ki fèt nan peyi a kote enperyalis la atravè Nasyonzi, OEA KARIKÒM kontwole pwosesis la : lojistik eleksyon an, finansman eleksyon an, obsèvasyon eleksyon an, enpresyon bilten, «epirasyon » lis elektoral yo, distribisyon kat, plasman biwo vòt yo, transpò bwat bilten apre operasyon vòt yo epi kontwole sant tribilasyon an. Menm jan ak 2006, nou konstate se pa vòt pèp ki ap detèmine ki moun k ap vin nan tèt peyi a, se sitou anbasd yo, reprezantan enperyalis yo, MINISTA, OEA, KARIKOM ak tout lòt tchoul klas dominant lokal ak entènasyonal la ki pwoklame pwochen restavèk ki ka sèvi enterè yo pi byen.

Angwo, se negosyasyon diplomatik yo ki bay rezilta eleksyon yo. Ala yon demokrasi papa !! Moun k ap mobilize pou kandida yo jounen jodi a pa dwe bliye kandida sa yo pa gen anyen pou wè ak enterè yo.Yo tout kont nou! Kèk egzanp sèlman sifi pou montre vrè vizaj kandida yo. Nou pa dwe bliye kouman sèten nan yo te travèse kadav pèp la pou al pran pouvwa a nan lane 1988. Nan moman pèp la t ap batay kont koudeta 30 sektann 1990 la, sèten kandida te pran plezi nan kore Sedras ak Michel Fraswa epi fè banbòch kanaval pou yo. Jouk jounen jodi a, yo manm FRAP nan ekip kanpay yo. Akote kandida ki pa janm respekte pawòl yo tankou sa te fèt nan akò Alexis te siyen ak pwofesè yo nan lane 1997, akote kandida k ap fè ouvriye pase mizè nan faktori, nou sonje batay Beker te mennen kont 200 goud la, akote kandida ki t ap koupe rache nan lajan PETROCARIBE a. sèten kandida menm trayi pati yo te ladan epi ki pa gen chans patisipe nan kous la. Yo pito prete lòt chapo oubyen kreye lòt chapo. Moun sa yo se aganman. N ap raple, nan deba anvann vote, Sweet Micky te di si li prezidan, l ap konvoke MINISTA epi travay sou yon kalandriye depa pou l al fè wout li. Menm Sweet Micky sa a, nan yon konferans pou laprès li bay nan dat 6 desanm, li deklare : « Moun sa yo se zanmi nou, nou paka kite yo ale ». Kelkeswa kandida ki pase nan ekip aganman kolabo sa yo, nou ap pran nan Twa Wa. Tout moun deja konnen 3 wa sa yo kilès yo ye.

Kidonk, batay la jounen jodi a, se pa defann kandida aganman machann peyi. Nou dwe batay pou pèp la soti anba okipasyon, nan kras, anba tant, tapi chire ak dra sal, pou gen bonjan refòm agrè,pou gen lojman sosyal, sèvis sosyal de baz pou mas yo,pou retabli diyite mas yo elt . Toutotan MOINISTA prezan sou teren an, nou pap janm soti nan eleksyon ti sourit sa yo. Se pouvwa anplas la, boujwazi kokorat la, kominote enperyalis la ak tout MINISTA ki ban nou eleksyon ti sourit sa yo menm si nou wè restavèk ki nan KEP ap fè je chèch tankou yo te kontwole sakap fèt la.Yo pa vo anyen, yo sèlman ap fè yon soustretans pou enparyalis ak oligachi mafyozo a. Nou dwe batay san pran sou kont maladi kolera-MINISTA a, Kont sitiyasyon ki bay kolera, kont leta manfouben-mafyozo a epi tou, pou pèp la soti anba tant, pou li jwenn kay pou li rete. Fòk nou batay tou, kont tout politik dominasyon, eksplwatasyon ak eksklizyon ki anpeche pèp la jwenn lopital, lekòl ak bonjan dlo pou li bwè. Nan sans sa a, fòk nou voye jete byen lwen nan poubèl modèl devlopman Bill Clinton ak akolit li yo ap devlope nan peyi a. Pou fini, veritab batay la jounen jodi a, se batay pou tabli yon veritab alenativ politik popilè revolisyonè ki pou pran gouvènay peyi a, ansanm ak pèp la.

Aba dominasyon enperyalis la !!!

Aba eksplwatasyon !!!

Aba eleksyon ti sourit !!!

Viv yon Ayiti granmoun !!!

Viv lit pèp la !!!

Pou MODEP :

Guy Numa

Nixon Boumba