Aller au contenu

NÒT POU LAPRÈS Pozisyon SOFA sou Konjonkti Elektoral la

  • SOFA

Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), yon òganizasyon feminis, popilè k ap goumen pou defann, pwoteje epi fè respekte dwa fanm nan peyi a nan tout nivo te reyini tout dirijant li nan dat 19 ak 20 desanm 2009 pou fikse pozisyon nou sou konjonkti elektoral la. SOFA konstate depi 23 lane eleksyon ap fèt nan peyi a, kondisyon ak sitirasyon fondamantal fanm yo pa janm chanje. Sa vle di, dirijan ak dirijant nou vote yo pou fè aparèy leta a fonksyone, pa janm pran responsablite yo, yon fason pou nou kab jwenn bon jan sèvis sou tout nivo teritwa a.

Tout dirijan ak dirijant ki pase sou pouvwa a soti 87 rive jounen jodi a, pa janm pran dispozisyon pou mete estrikti sou pye pou satisfè revandikasyon fanm yo ak mas popilè a anjeneral. Depi 23 lane n ap mande Sant sante ak lopital pou n kab sispann mouri nan fè pitit, lekòl primè gratis jan konstitisyon 87 la prevwa l toupatou nan peyi a, dlo potab ki rive lakay nou pou n kab sispann mache 5, 10 kilomèt pou al cheche dlo pandan lavi tifi yo andanje, ankadreman teknik pou n kab pwodui ase manje pou n vann epi manje ak fanmi nou, wout pou n kab gen posiblite al vann pwodui nou fin fè yo san nou pa mete lavi nou andanje sou tèt kamyon, bon jan lwa pou fanm ki viktim vyolans jwenn jistis epi pou fanm yo rive jwi tout dwa yo elatriye….

Bilan sa a montre klè klas politik la echwe. Li pa bay yon pwèlyèm nan repons noumenm fanm nou t ap tann yo bay revandikasyon nou yo. Okontrè koripsyon, politik moun pa, zanmitay, fanmitay, demantibilay enstitisyon peyi a, dilè dwòg fè kenken. San konte mannèv y ap fè ki kab lakòz chirepit nan mitan òganizasyon popilè yo. Sitirasyon sa a ta dwe fè noumenm òganizasyon fanm popilè meprize eleksyon fevriye 2010 yo ki demontre aklè se yon lòt maskarad k ap prepare ak konplisite peyi enperyalis yo ansanm ak tout bra lame yo MINUSTHA. Vin jwenn machin ki pral kondui eleksyon an, KEP a, montre kouman li osèvis yon Pati Politik. Mete sou sa, pi fò platfòm politik ki parèt sou teren an pa prezante okenn pwogram ki montre yo pral transfòme leta a ak soyete a.

Kanta kandida yo menm, si lajistis te fè travay li, anpil ladan yo ta dwe ap manje prizon. N ap panse ak kandida ki ale sou labanyè Inite kòm Senatè sou depatman Nò, Nip ak Grandans, menm jan ak tout lòt ki fè zak kont sosyete a. SOFA estomake pou wè ni Lajistis, ni KEP a pa pran okenn dispozisyon kont Bertand Sinal (alyas Doktè Sègo), kandida pou depite nan Pò Sali sou labanyè Inite nan Sid. Kandida sa a, ki gen akizasyon krim kadejak sou yon tifi minè; malgre tout demach ak denonsiyasyon manman timoun nan fè. Avèk kalte kandida sa yo , mete sou sa, mannèv k ap fèt pou Inite pran pouvwa, nou deja wè lenmi pèp la vle fè yon enstitisyon enpòtan tankou Palman an, tounen yon rampa pou pwoteje kriminèl, kadejakè, batè fanm, dilè dwòg, vòlè, koriptè elatriye.

Anmenmtan tou, noumenm nan SOFA, nou gen gwo tèt chaje, lè nou konnen jwèt ki pral jwe nan eleksyon fevriye 2010 yo pral detèmine eleksyon prezidansyèl ak kolektivite teritoryal yo. Konsa tou, rezilta eleksyon sa yo kapab pote gwo modifikasyon nan fonksyonman sistèm Leta a. Se 49èm lejislati a ki pral vote amandman Palmantè 48èm yo te vote pou fè nan konstitisyon an. Amandman sa yo ki prezante gwo enterè politik gwoup oswa Pati Politik ki dominan an kapab chanje nan avantaj yo ki depaman ak enterè mas pèp la.

Devan gwo defi sa a ki prezante devan nou nan SOFA, nou kwè li enpòtan pou se valè demokratik popilè yo ki gide chwa noumenm fanm nou pral fè lè n ap vote yon kandida. Konsa, tout fanm ki pral vote yon kandida dwe poze tèt yo kesyon sa yo:

– Ki sa kandida sa a pral defann nan lachanm pou fè revandikasyon fanm yo ak mas pèp la vanse ?
– Ki enterè kandida sa a ap defann? Ki enterè li montre pou sikonskripsyon ak depatman li vle reprezante an? ki pratik li genyen nan zòn nan ?
– Eske kandida sa a konn fè move zak tankou touye moun, fè kadejak sou fanm, bat fanm, pa okipe pitit?
– Eske non kandida sa a te site oubyen li te mele nan move zak tankou : dwòg, vòlè tè, vòlè lajan leta, pran lajan ak byen leta pou fè kanpay?

Sofa kòm òganizasyon k ap defann dwa fanm, pral founi je l gade dewoulman eleksyon sa a epi fè rapò pou denonse tout magouy. Nan sans sa a, manm SOFA yo pral fè obsèvasyon pandan eleksyon an ap dewoule.

SOFA kòm òganizasyon k ap fè revandikasyon ap pwofite pou pote pawòl fanm yo nan deba k ap fèt pandan peryòd elektoral la.
SOFA kòm yon òganizasyon fanm ki anndan mouvman sosyal la pa gen yon kandida l ap apiye. SOFA pap mache dèyè okenn kandida, SOFA pap fè kanpay pou okenn kandida.

Noumenm nan SOFA rete kwè batay pou soti anba sistèm kapitalis patriyaka k ap toupizi fanm ak mas pèp la ale pi lwen pase eleksyon. Se pousa, mouvman popilè a dwe rete je kale, mete tèt nou sou zepòl nou, pa kite kandida vire lòlòj nou pou dekonstonbre òganizasyon nou. Se pou sa, SOFA ap mande tout òganizasyon mouvman popilè a makonnen fòs nou, veye koutye enperyalis ak tout rat do kale ki vle pran woulib sou do pèp la. N ap kontinye lite jouk mayi mi pou kontinye konstwi sosyete egalego.

LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PEP LA !

Pòtoprens, 20 desanm 2009

Lise-Marie Déjean
Kòdonatris Jeneral SOFA