Le vendredi 16 octobre, journée mondiale pour la souveraineté alimentaire, une importante marche de 500 délégués paysans venant de toutes les régions du pays s’est déroulée dans les rues de Port-au-Prince. Cette marche s’est achevée par la remise aux Parlementaires haïtiens d’une importante déclaration contre l’implantation des agrocombustibles qui menace la production de l’alimentation.
Les manifestants ont également remis une pétition signé par 30.000 personnes qui se prononcent contre l’implantation de l’agrocarburant dans le pays. La coalition mobilisante contre le Jatropha déclare entre autres que plusieures études ont démontré que l’implantation est seulement rentable si la plante est planté dans des terres fertiles, menaçant ainsi la production alimentaire.
Retrouvez la déclaration pour les parlementaires et le communiqué de presse en Kreyol.
KONFERANS PRÈS 4 G KONTRE AK PATNÈ LI YO NAN LIT POU KONBAT PWODIKSYON AGWOKABIRAN AK PLEDWAYE POU SOUVRENNTE ALIMANTÈ.
16 Oktòb 2009
Se nan Kongrè 35yèm anivèsè MPP a, aprè analiz delege MPP , MPNKP, Tèt Kole, KROS, RENASA ak anpil lòt envite te fè sou zafè souvrennte alimantè, agrikilti peyizan ak anviwònman an ; aprè enfòmasyon ki te bay sou reyinyon prezidan Bush te fè le 26 mas 2007 ak direktè 3 pi gwo konpayi otomobil yo Ozetazini : General Motors, Ford Motors ak Chrysler koteli mande yo ogmante kantite machin ki sèvi ak agwo kabiran alòske te déjà ggenyen plis pase 6 milyon.
Apre li te envite prezidan Brezil la Luis Inacio Lula Dasilva pou pale sou pwojè a, li envite prezidan Rene Preval pou mande li pote kole nan pwojè sa lipral mete kanpe nan rejyon Karayib la. Yon pwojè ki pral bon pou peyi li. Li dwe pote kole ak peyi Brezil ki gen eksperyans nan zafè sa. San fè gwo bri sou sa, Prezidan Preval rantre epi li kòmanse travay sou dosye a. Li ankouraje majistra yo pou pouse pwodiksyon jatrofa nan komin yo nan yon reyinyon nan Palè a.
Pawòl la pran lari nan peyi Dayiti, gen pwomotè ki leve kanpe pou fè lide Bush la tounen reyalite paske se yon zafè 500 milya dola ki disponib pou pwodiksyon agwo kabiran nan BID. Pawòl la pale nan nouvèlis nan nimewo ki soti nan dat 25 Oktòb sou tit : Biocarburants planche de salut pour Haïti ? Se nan nimewo sa, yo prezante yon fondasyon ki rele Fondasyon Jatrofa. Moun kap dirije fondasyon sa se yon ameriken ki rele Warren Jackman kòm prezidan, Johanna mandelson Forman, pwomotè ameriken pwojè a, Mike Lu prezidan asosyasyon brezilyen jatrofa ou gwo mestiyen. Genyen non yon ayisyen ki rele Pierre Brisson ki figire nan lis manb fondasyon an.
Jedi 25 Oktòb 2007 te gen gwoup envestisè entènasyonal ki te reyini nan Otèl Montana ak palmantè, manb gouvènman, manb sektè prive. Koze a tap pale nan anpil radyo. Nou te tande kritik sou deklarayon nou te fè kont jatrofa. Yo di se paske nou pa gen enfòmasyon sou yon bon bagay konsa kap vin wete peyizan nan mizè. Nou raple bagay sa yo pou noukapab konprann kote pwojè sa soti ak ki objektif li.
Orijin pwojè sa montre klè se yon zafè biznis, se yon zafè gwo zotobre kap chèche kote pou envesti gwo lajan pou kapab fè gwo kòb. Se yon zafè agwobiznis ki pa gen anyen pou wè ak ede peyizan soti nan mizè.
Nan mwa Jen an, genyen yon gwo rankont ki fèt nan Pòtoprens ak tout gwoup ki déjà angaje nan zafè lantasyon jatrofa nan peyi a. Yo fè konnen jatrofa pral pwoteje anviwònman, jatrofa pral fè peyizan fè kòb. Jatrofa pral fè no pa depanse lajan pou gaz. Jatrofa pral pèmèt nou fè savon. Epi sa ki pi bèl la, jatrofa pa bezwen bon tè pou li pouse. Moun nan ministè agrikilti pale de tè majinal. Tout bagay sa yo, ou prèske tout se manti, se blòf.
Yon gwoup peyizan te vin fè yon siting devan Otèl la pou di atansyon. Depi kilè koukou te renmen frize konsa pou li fè pitit li, li rele l Frizelia ? A la renmen kapitalis ameriken yo renmen peyizan ayisyen ? Pouku sa se konnya yo renmen yo konsa ? se yon seri kesyon ki dwe poze.
Selon tout etid ki fèt sou jatrofa nan peyi afriken yo, nan peyi Azi yo, jatrofa se yon katastròf pou peyizan yo, katastròf pou anviwònman an, katastròf pou envestisè ki te konprann jatrofa tapral bay randman nan tè pòv. Se vre, jatrofa pouse nan tè pòv men li pa bay lwil. Randman an prèske nil. Gen gwo sant rechèch peyi Angletè, peyi Oland ki montre sa klè. Nan peyi End, yo kòmanse abandone yon seri plantasyon paske yo pa rantab. Se menm bagay nan peyi Mali ak lòt ankò. Nan end gen konpayi kap chèche envestisè.
Pi gwo manti a pou Ayiti se zafè se nan vye tè yo pral pwodwi jatrofa. Dominiken antre plante nan tè Wouze nan Sèka Lasous. Nan Plato Santral, nan Marmon ak Tomond kote ki gen bon tè, jatrofa kòmanse antre. Nan Nò, nan Nòdès, nan Nòdwès plantasyon kòmanse. Yo tout se nan bon tè. Men bon tè pa sifi, jatrofa bezwen anpil dlo.
Inivèsite Twente nan peyi Oland, fè yon rechèch sou kantite dlo ki antre nan pwodiksyon agwo kabiran, chèchè yo dekouvri :
– Pwodiksyon yon lit agwo kabiran ak sòya ou kòlza konsome 14 000 lit dlo nan tout pwosesis la.
– Pwodiksyon yon lit ak bètrav 1400 lit dlo.
– Yon lit ak kann 2500 lit dlo.
– Yon lit ak jatrofa 20 000 lit dlo.
Pwojè pwodiksyon agwo kabiran an se yon pwojè konplètman fou onivo mondyal paske Etazini sèlman, pou li atenn objektif li pou 2022, ta bezwen 136 milya lit swa 35 milya galon agwokabiran. Selon kalkil Fidel Castro fè apre Prezidan Bush te mete pwojè li a deyò, pwojè sa, si li ta reyalize tap yon jenosid pou plis pase 3 milya moun sou tè a.
Reyèlman vre, sa ta yon jenosid pou tout klas peyizan yo sou tout planèt la lè nou kalkile nan meyè kondisyon posib, yon ekta tè kapab pwodwi ant 1000 ak 2000 lit lwil jatrofa swa ant 264.55 galon ak 529. Gen etid ki bay Mali pwodwi anviron 600 lit/ekta. Si nou baze sou chif sa, tout tè Ayiti ta pwodwi 436,507’500 galon pa ane. Nan ka sa pa tap gen ni vil, ni wout, ni kay sou tèritwa a. Ki sa ti gout lwil jatrofa sa ta reprezante nan 35 milya galon pou yon sèl peyi ?
Pou Ayiti se yon pwojè lanmò peyi a kareman. Nou pa gen ni tè ni dlo pou pote yon pwojè konsa. Se yon pwojè kap detri klas peyizan an, kap fini nèt an anviwònman peyi a, kap fini nèt ak pwodiksyon manje, kap fè nou pi restavèk. Li inakseptab tou senpleman, kareman.
Nan peyi Brezil déjà genyen 30 milyon ekta tè nan men etranje. Pou satisfè 5% nan demand mondyal la, Brezil ta vle mete 100 milyon ekta anba plantasyon. Yon gwo danje pou tout planèt la, lè nou konnen amazòn se poumon planèt la.
Lide peyi rich yo pou ta ranplase petwòl ak agwo kabiran an, non sèlman li fou men li ireyalizab paske sa ta pran tout tè agrikòl ki genyen sou planèt la. Li tap konsome tout dlo dous ki genyen sou tè a.
Pwodiksyon agwokabiran antre an konpetisyon dirèk ak pwodiksyon manje. Tout gwo enstitisyon entènasyonal yo tankou FAO, FMI, Bank Mondyal rekonèt wòl agwo kabiran jwen nan kriz alimantè ki te frape lemond an 2008 la.
Gen yon konpayi nan Miami ki rele Haitian American Agro industries ki di li déjà genyen 21 mil ekta an Ayiti. Li di li deja plante 100 ekta. Se kòmansman ladoulè. Se kòmansman pwojè lanmò a. Yon pwojè peyizan ayisyen pa kapab aksepte bra kwaze.
Ant 2004 ak 2007, onivo entènasyonal genyen 4.5 milyon ekta ki tonbe anba agwo kabiran. An 2004 sèlman, genyen 2 500 000 ekta ki tonbe anba plantasyon pou agwo kabiran nan peyi Etiopi, Gana, Madagaska, Soudan ak Mali.
Nan peyi Kolonbi ki tou pre nou la a, ant 2001 ak 2005, yo chase 263 000 fanmiy sou 2 600 000 ekta. Se pratikman gwosè Ayiti.
Gen yon seri gwo peyi ki gen anpil tè tankou Brezil, End, Indonezi ki gen pwojè plantasyon. Yap chase anpil peyizan. Se yon ofansiv mondyal kont planèt tè a. Se yon pwojè aloufa miltinasyonal agwobiznis yo genyen pou milya sou milya nan agwokabiran olye yo envesti nan rechèch pou jwenn mòd enèji kid we ranplase petwòl.
Se vre yap fè anpil milya men remèd la ap touye malad la. Se pou sa òganizasyon peyizan yo onivo mondyal di non a pwojè lanmò sa.
An Ayiti, nou menm òganizasyon yo ki siyen petisyon an, sonnen lanbi rasanbleman, frape tanbou pou atire atansyon nasyon an sou pwojè lanmò sa. Petisyon an, se yon pa nan petèt 100 pa nou gen pou fè.
Premye gwo travay la, travay ki pi enpòtan an se yon travay edikasyon. Edikasyon peyizan yo, edikasyon mas popilè, sansibilizasyon tout sosyete a pou tout moun pran konsyans sou nesesite bare pwojè lanmò sa pou peyizan yo, pou tout moun.
Let pou Palmen an
Pòtoprens 16 Oktòb 2009
Doktè Kelly Bastien
Prezidan Sena Ayisyen an
Mesye Levaillant Louisjeune
Prezidan chanm Depite a,
Nou menm òganizasyon yo ki siyen lèt sa, nou salye nou nan non Patri a zansèt nou yo te bay san yo pou yo te kapab kreye li pou nou. Yo te bay san yo pou ban nou yon Ayiti lib ak endepandan. Lonnè respè pou yo !
Jounen jodya, peyi zansèt yo te kite pou nou an pèdi souvrennte li sou tout fòm. Nou anba okipasyon etranje, nou pèdi dwa grandèt majè nou sou plan politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl. Nan zafè manje, nou tounen restavèk nèt ak pwodwi pèpè kap taye banda nan plenn tankou nan mòn.
Sitiyasyon sa, se konsekans yon Leta ki pa bay peyizan yo ankadreman ki nesesè pou yo kapab pwodwi, se konsekans aplikasyon politik neyoliberal la ki louvri baryè peyi a bay peyi rich yo pou vin touye pwodiksyon agrikòl nasyonal la. Jounen jodya, se apèn si Ayiti pwodwi 40 % nan manje popilasyon an bezwen pou viv. Nou prèske pa pwodwi anyen pou ekspòte ankò tankou kafe, kakao elatriye.
Ayiti se yon ti peyi toupiti ak 27 750 km2. Plis pase mwatye nan tè peyi a deja tounen zokokolo ki pa kapab pwodwi anyen. Nou genyen mwens pase 2% kouvèti vejetal. Plis pase 75% moun kap viv lavil yo genyen chabon kòm sous enèji pou fè manje. Peyizan blije koupe pye bwa pou yo viv epi pèmèt moun lavil yo viv. Dò mòn yo kale nèt. Sa lakòz siklòn ak inondasyon toujou fè anpil dega. Leta pa gen okenn pwogram serye pou sove anviwònman peyi a.
Peyizan yo ap travay sou ti mouchwa tè paske majorite eksplwatasyon agrikòl yo pa rive nan yon ekta tè. Genyen anpil peyizan ki pa gen yon ti kras tè ditou. Majorite peyizan yo pa gen okenn sekirite sou tè yap travay yo akòz tit pwopriyete yo pa genyen oubyen ki frajil. Yap travay nan ensekirite.
Nan dènye tan yo, genyen yon ofansiv dyabolik miltinasyonal agwo biznis yo ak gouvènman peyi rich yo pou fè dappiyanp sou tè nan peyi Afrik yo, Azi ak Amerik latin lan pou pwodwi agwo kabiran. Yo itilize 2 pretèks : Konbat chanjman klimatik ak diminye konsomasyon petwòl, yon pwodwi ki pap pran twò lontan pou disparèt si peyi rich yo kontinye gaspiyaj resous planèt la jan yap fè sa jodya, si yo konsome jan yap konsome jodya.
Miltinasyonal yo, gouvènman peyi rich yo ak gouvènman kèk peyi yo rele peyi emèjan yo ap chèche akapare tout tè yo kapab pou pwodwi ‘manje’ pou machin alòske moun ki grangou yo sou planèt tè a, pa janm sispann ogmante malgre objektif milinè yo ki te prevwa yon diminisyon moun grangou ap touye sou planèt la. Jounen jodya, kantite moun ki anba grangou yo soti nan 840 milyon FAO te bay anvan kriz yo rele kriz alimantè a pou rive nan plis pase yon milya jounen jodya.
Yonn nan kòz grangou a, tout gwo enstitisyon entènasyonal yo blije rekonèt, se itilizasyon manje moun kapab manje pou pwodwi agwokabiran. Konnya, tè ki te konn pwodwi manje yo ap tonbe anba plantasyon pye bwa ki kapab pwodwi agwodiezèl tankou jatrofa yo rele gwo mestiyen an Ayiti, tankou palmis afriken.
Prezidan Bush, yonn nan gwo pwomotè agwo kabiran akòz estrateji li genyen pou Etazini bese konsomasyon petwòl lakay li de 20% nan 10 ane kap vini yo, monte yon plan pou pwodwi agwokabiran nan kontinan an. Yonn nan peyi li chwazi pou sa, se Ayiti. Li te envite Prezidan Loula ak Prezidan Preval pou pale sou pwojè sa yo dwe travay sou li ansanm. Apre sa, gen Fondasyon jatrofa ki kreye ak bizismann Ameriken, Brezilyen ak Ayisyen.
Ofansiv pou mete Ayiti anba plantasyon jatrofa déjà kòmanse. Lap vale teren. Anpil bon tè kòmanse tonbe anba plantasyon. Se yon gwo konplo entènasyonal ki kòmanse aplike nan peyi a. Koze a ap pale pi fò chak jou. Gen gwo kapitalis, gen gwo bank ki vle envesti nan agwo kabiran nan peyi a. Pwodiksyon agwokabiran an Ayiti, se yonn nan objektif Bill Klintonn ak prezidan Bank Entèameriken kit e vini ak yon gwoup bizismann nan peyi a.
Moun kap tronpe moun ak moun ki pa konnen ap di se sou tè majinal jatrofa pouse, jatrofa pral retire peyizan yo nan mizè, jatrofa pral pwoteje anviwònman, jatrofa pral ranplase petwòl, yo di se yon plant mirak. Nap di palmantè yo, tout koze sa yo se gwo manti, se gwo blòf. Gen anpil etid syantifik ki montre :
– Jatrofa pa bay lwil nan tè ki pa rich, nan tè ki pa wouze. Se nan tè wouze jatrofa bay randman. Gen syantifik ki montre, ou bezwen 20 mil lit dlo pou pwodwi yon lit lwil jatrofa pou mete nan vant machin.
– Jatrofa kapab pouse nan tè pòv men li pap bay randman ki fè li rantab pou miltinasyonal yo. Gen etid sou plantasyon jatrofa an Afrik ak Azi ki montre sa klè.
– Majorite varyete jatrofa yo se pwodwi toksik ki kapab touye bèt yo.
– Jatrofa atire mouch blanch ki atake mango nou kapab ekspòte.
Anplis pwoblèm sa yo, sa ki grav pase aksan grav la, jatrofa pral fè peyizan yo tounen esklav nan plantasyon tankou nan tan lakoloni. Yo pral pran tè yo ak fo pwomès nan yon premye tan, ak fòs nan yon dezyèm tan jan sa fèt nan peyi tankou kolonbi.
Nou menm òganizasyon yo ki siyen lèt sa, nou pote yon petisyon ki deja ramase plis pase 30 000 siyati ki montre klè ki moun ki siyen paske gen siyati ou anprent chak moun. Genyen nimewo Kat Idantite nayonal siyatè yo, seksyon kominal, komin ak depatman kote moun yo ye. Nou vin depoze petisyon sa nan Palman an pou mande palmantè yo :
– Bare tout lwa, tout akò ki ta gen rapò ak itilizasyon ti moso tè Desalin te kite pou nou an pou mete kanpe plantasyon jatrofa yo rele gwo mestiyen ou tout lòt plant pou pwodwi agwokabiran pou machin pandan grangou ap koupe trip majorite pèp ayisyen an. Tè peyi Dayiti dwe sèvi pou pwodwi manje natif natal, pou plante pye bwa ki bay fwi, pou devlope forè kap pwoteje byodivèsite. Nou pa vle plantasyon dezè vèt nan peyi Dayiti.
– Vote lwa ki pwoteje tè peyi Dayiti kont apeti miltinasyonal yo agwo biznis yo, apeti gouvènman etranje ki gen plan pou elimine agrikilti peyizan, agrikilti familyal nan tabli gwo plantasyon Jatrofa ou gwo mestiyen pou pwodwi manje pou vant machin kont pwodiksyon manje natif natal. Nou pa vle peyizan ayisyen tounen esklav ankò nan plantasyon dezè vèt n i nan okenn plantasyon kap fè agrikilti endistriyèl kap rechofe planèt la.
– Pote kole ak sektè peyizan òganize a pou mete kanpe yon veritab refòm agrè, yon refòm agrè entegral ki dwe pèmèt Ayiti reprann souvrennte alimantè li ak souvrennte nasyonal la an jeneral. Annatandan refòm agrè total kapital la, nou mande pou peyizan yo gen sekirite sou tout tè Leta yo okipe, yap travay. Pa kapab gen souvrennte nasyonal san sourennte alimantè.
– Mete 30 % nan bidè nasyonal la nan rebati anviwònman peyi a ak nan pwodiksyon manje natif natal. Si nou pa sove anviwònman an, nou tout ap peri. Anviwònman ak agrikilti peyizan dwe tounen priyorite nimewo 1 nan peyi Dayiti. Òganizasyon peyizan yo pare pou pote kole nan sove tout varyete bwa natif natal yo pou refè byodivèsite peyi Dayiti ki fin disparèt. Nou pare pou pote kole nan yon yon pwogram rebwazman ki plante pye bwa ki bay fwi tankou mango, zaboka, zoranj, chadèk, sitwon, kowosòl, kachiman, lamveritab, labapen, gwayav, tonmaren, kaymit ; Nou vle pote kole nan sove pye bwa kap refè fètilite sòl nou yo, plant kap nouri bèt nou yo ; nou vle plante pye bwa pou fè kay, pou fè mèb, pye bwa pou fè pilon, pou fè manch, pou fè atizana. Òganizasyon peyizan yo pare pou pote kole nan pwodwi ak plante 100 mil pye bwa nan chak seksyon kominal chak ane. Sa ta bay 57 milyon pye bwa chak ane nan 570 seksyon kominal nou yo. Nou pare pou pote kole nan tout pwogram konsèvasyon sòl ak dlo nan peyi a.
– Monte yon komisyon bikameral pou travay ak òganizasyon peyizan yo sou pwoblèm agwokabiran an, sou zafè kaba grangou kap vale teren nan peyi a, sou sa ki dwe fèt pou nou retounen nan yon Ayiti granmoun nan zafè manje, manje ki sen, manje ki pwoteje lavi moun. Nou dwe rive pwoteje semans natif natal nou yo. Nou dwe pwoteje peyi a kont apeti miltinasyonal agwobiznis yo tankou Monsanto, Cargill, Sygenta, Nestle, Walt Mart kap detri agrikilti peyizan yo, pwonnen semans ak pwodwi OGM ( Òganis Jenetikman Modifye), kap pwonnen agrilkilti endistriyèl ki jwe yon wòl kle nan rechòfman klima a. Agrikilti ekolojik, agrikilti peyizan kapab refwodi planèt la. Agrikilti peyizan kapab nouri abitan planèt la ak pwodwi ki sen, pwodwi ki bay lasante, ki pwoteje lasante.
Nou konte sou kolaborasyon palman ayisyen an pou bare pwojè lanmò sa. Yon pwojè ki pral lage peyizan nan si yo te konnen. Men si m te konnen toujou twò ta.
Nou di aba jatrofa sou tè peyi Dayiti ! Nou di aba miltinasyonal kap kraze agrikilti peyizan yo, nou di aba miltinasyonal yo kap detri planèt la !
Nou di fòk grangou kaba nan peyi a, se peyizan malere yo, se òganizasyon peyizan yo ki kapab fè grangou disparèt. Se agrikilti peyizan yo ki kapab kaba grangou tout bon, yon fason dirab.
Nou menm òganizasyon peyizan yo, nou envite tout sektè nan lavi nasyonal la vin pote kole ak nou nan defans tè peyi Dayiti, nan defans agrikilti peyizan yo, nan defans anviwònman an, nan devans dwa grandèt majè peyi Dayiti an jeneral, nan dwa souvrennte alimantè an patikilye.
Nou di viv refòm agrè ! viv souvrennte alimantè ! Viv Agrikilti Peyizan ! Viv tout ayisyen kap pote kole ak peyizan yo pou sove tèritwa peyi a anba grif malfini tout plim tout plimay.
Nap globalize lit la, nap globalize solidarite nou, nap globalize esperans nou nan yon Ayiti gran moun.
Òganizasyon ki siyen petisyon an se :
Mouvman Peyizan Papay ( MPP) Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen (TK), Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès (KROS), Rezo Nasyonal Ayisyen pou Sekrite ak Souvrennte Alimantè (RENASA) Mouvman Peyizan Nayonal Kongrè Papay ( MPNKP), Konfederasyon Nasyonal Fanm Peyizan yo ( KONAFAP)
Enstitisyon kap sipòte lit la se : Aksyon Aid, PAPDA, ICKL, FONDAMA, LA VÍA CAMPESINA entènasyonal.