Aller au contenu

POZISYON MOUVMAN DEMOKRATIK POPILÈ SOU VIZIT CHANGO BIZISMAN KLINTON YO NAN PEYI A

Pòtoprens, jou lendi 12 oktòb 2009 – MOUVMAN DEMOKRATIK POPILÈ kwè yon fwa ankò akèy gouvèlman an ak entelektyèl ayisyen bay vizit Klinton epi eskandal medyatik k ap fèt sou visit sa a, montre aklè kouman nou nan yon sosyete k ap depafini, kote tout kapasite jijman, tout bon sans pase akote pou defann enterè pòch ak kèk grenn kapitalis. Anpil moun nan sosyete a bliye si tout plan piyajè kominote entènasyonal la gen pou Ayiti, pa janm bay okenn rezilta. Yo bliye plan meriken pou Ayiti, yo bliye Inisyativ pou basen karayib la nan lane 1980 yo, yo bliye rezilta pwogram ajisteman estriktirèl yo, yo bliye pi pre yo rezilta Kad Koperasyon Enterimè (CCI) a, yon seri plan lanmò ki te mennen nan gwo leve kanpe avril 2008 la. Malgre tout bagay otorite nou yo ak entèlektyèl nou yo sonje nan gwo liv vann peyi a, yo gen memwa yo kout, si yo ta bliye dega pwojè enperyalis la, FMI, Bank Mondyal fè nan peyi a. Konsa jounen Jodi a, apre rapò Pòl Kolye ki ranfòse dominasyon kominote entenasyonal la sou peyi a, se ak mouche Klinton LONI ap sèvi pou depafini nèt ak mas yo epi ak tirès richès peyi a.


Klinton se yon bizisman tankou tout lòt bizisman men
ki pote yon mask papa bon kè

Gen anpil moun nan sosyete a ki vle fè mas yo pran kaka poul pou bè. Yo prezante ekip bizisman Klinton yo kòm moun ki pra l sove Ayiti. Se yon ekip papa bon kè ki pap vin eksplwate fòs travay ouvriye pou yon kraze monnen. Ou ta di ekip bizisman sa a pap chèche ditou fè plis pwofi posib sou do travayè yo. Pandanstan, otorite yo bay bizisman ayisyen ak etranje (sitou etranje) tout avantaj bab ak moustache, 10 lane pou yo pa peye senkòb taks epi kote yo gen dwa enpòte ak ekspòte jan yo vle. Sa ki pi rèd la gouvèlman an gen kouraj li rezeve nan bidjè nasyonal la plizyè milyon goud pou fè biwo Klintonn mache. Kidonk, padan inivesite leta, pwofesè lekòl leta yo pa ka touche, pandan travayè lameri yo pa ka touche, pandan viktim privatizasyon teleko yo toujou nan lari, gouvèlman an jwenn lajan pou l bay biwo Klinton ki vin regle biznis li nan peyi a. Konsa plan Klintonn nan klè, dèyè tout bèl diskou, tout bèl pwomès sou swadizan devlòpman, plan Klintonn pou peyi se kontinite plan lanmò a, plan pou piye peyi a. Men Klintonn pa pou kòl.

Clinton Global Initiative se zouti plan Clinton, plizyè gwo kapitalis ak antrepriz transnasyonal

Sa kap pase jounen jodi a nan peyi a ak Plan Klintonn, jan nou t ap di l nan koumansman pozisyon nou an, montre kalte dirijan, entelektyèl ak laprès ki genyen nan peyi. Sa montre kouman moun sa yo pi fasil pou mete yo bò kote boujwazi a olye yo kanpe bò kote mas yo. Paske si se pa parès entelektyèl, li sifi pou yon pwofesyonèl ale sou sit gwo ONG (www.clintonglobalinitiative.org) ki dèyè Plan Klintonn nan pou konprann plan sa a ak kalite dirijan politik, anganman sa yo pi byen. Nou menm nan MODEP lè n konnen nan ONG Klinton nan genyen yon seri gwo miltinasyonal tankou Coca Cola, Général Electric, Wal-Mart Stores ak Renault-Nissan, pou n site sa yo sèlman, lè n konnen nan ONG sa a, gen yon seri gwo medya ki dèyè l tankou CNN, Fox News Channel ak The New York Times, lè n konnen prezidan Preval menm ak Prezidan dominiken an, se manm ONG Clinton nan, nou menm nan MODEP nou oblije ap poze tèt nou keksyon sou vrè sans misyon Clinton nan peyi a ak nan lemond sitou nan peyi ki anba dominasyon emperyalis la. Se nan sans sa a pou n konprann apui je fèmen kominote entènasyonal la ap bay tout demach politik foure men pran tout, prezidan Preval ap aplike nan peyi a. Li klè sa ki kache dèyè Plan Clinton ak akolit li yo, kidonk, plan enperyalis la, pa sèlman pou Ayiti, li pou Sendomeng tou, li pou ansanm peyi amerik latin nan ak peyi Afrik yo. ONG Klitonn nan se youn nan pakèt lòt, men petèt nan moman, se pi gwo ONG ki ap chèche mwayen pou trennen mas travayè peyi tyèmond lan nan labou sistèm kapitalis la, anba dominasyon boujwazi entènasyonal la sou yon kouvèti papa bon kè k ap fè zèv sosyal.

Bon jan oganizasyon popilè ak politik nan mitan mas yo se sèl chimen pou amelyore kondisyon lavi mas popilè yo ak popilasyon anjenerel nan peyi a.

MODEP pa janm sispann di l epi batay nan liy sa a, solisyon pwoblèm grangou, mizè, malsite, kòripsyon nan leta a ak nan rès sosyete a, pwoblèm levasyon, pwoblèm tè ak ankadreman pou ti peyizan yo, pwoblèm move kondisyon lavi moun nan peyi a nan tout nivo, solisyon tout pwoblèm sa yo pa ka soti lakay menm enstitisyon, menm moun k ap fè mas yo monte masuife a. Ki vle di kalite leta ki mare sosis li ak gwo chabrak lokal ak entènasyonal yo, enstitisyon entènasyonal k ap fè kanpay pou kokobe mas yo pi plis anba plan lanmò politik neyoliberal yo, pa ka vin rezoud pwoblèm mas yo.

MODEP vle di klè pou tout jenn fanm ak jenn gason k ap batay pou chanjman nan peyi sa a konprann solisyon an se òganize tèt nou chak jou pi plis. Solisyon an se kanpe bon jan òganizasyon nan tout nivo nan tout sektè yon jan pou ofiramezi, revandikasyon mas yo ka satisfè jouk mas yo ka rive jwenn bout leta piyajè a ak sistèm peze souse a.

VIV batay mas yo! Aba tout solisyon chango! Viv lit travayè yo!

Pou MODEP

Nixon BOUMBA

Guy NUMA

Déclaration MODEP (PDF)