Aller au contenu

Komisyon ankèt entènasyonal sou Ayiti – Soti 16 pou rive 19 sektanm 2009

Nan dat 12 ak 13 desanm 2008, plizyè òganizasyon nasyonal kou entènasyonal te tanmen nan pòtoprens, yon konferans entènasyonal sou dwa granmoun peyi d Ayiti. Konferans sa a te fèt sou tèm: “Defann Ayiti, se defann pwòp tèt nou”. Nan kad konferans entènasyonal sa a, òganizasyon yo te lanse lide pou tabli yon komisyon ankèt entènasyonal sou sitiyasyon peyi d Ayiti a, an patikilye sou okipasyon an, pwoblèm dèt la, ak sitiyasyon dominasyon/eksplwatasyon travayè/èz yo ap viv nan peyi a.

Depi lè sa a yo mete kanpe yon komite suivi ki fòme ak plizyè òganizasyon nan peyi a, pou prepare travay komisyon ankèt entènasyonal la, k ap gen pou fèt nan semèn 16 pou rive 19 sektanm 2009 nan Hotel Le Plaza. Nan kad travay li, komisyon suivi a pran divès kalite kontak ak divès òganizasyon nan peyi a, kou lòtbò dlo epi li deja rasanble yon seri dokiman ekri, foto ak videyo, sou zak MINISTA poze nan peyi a.

Jounen jodi a, nou nan kalfou pou komisyon ankèt la rive ateri pou li vin fè travay final la. Se pou sa, nou kwè li enpòtan pou nou di w angwo sa ki montre nesesite komisyon ankèt entènasyonal sou Ayiti a, diferan aktivite k ap gen pou fèt nan kad travay komisyon ankèt la epi ki delegasyon k ap prezan nan peyi a, nan kokennchenn evennman sa a.


Nou ka konstate, peyi d Ayiti ap viv jounen jodi a, yon sitiyasyon grenn kraze. Kriz ap pete tribò babò nan peyi a, tout enstitisyon nan leta a tonbe nan degraba, kòripsyon fè depousenk nan tout administrasyon leta a epi lamizè kenbe mas popilè yo nan gagann. Pandan tan sa a, ti klik moun ki gen pifò richès peyi a nan men yo, ap byen mennen epi yo kontinye ap ranfòse dominasyon yo sou travayè yo ak sou mas popilè yo anjeneral. Menm libète pou moun fè sendika pa egziste nan peyi a, nan sektè piblik kou nan sektè prive. Sitiyasyon pouriti sa a ap devlope anba kontwòl yon fòs okipasyon miltinasyonal ki gen nan tèt li peyi Brezil, epi ki nan peyi a depi 2004. Fòk nou raple, fòs okipasyon sa a rive nan moman kote peyi a t ap selebre 200 lane endepandans li. Kidonk, okipasyon sa a se yon souflèt pou tout moun k ap batay pou yon peyi ki granmoun tèt li ak pou zansèt nou yo ki te mouri pou bannou peyi sa a.

Sou baz sa a, komisyon ankèt entènasyonal la gen pou li:

1)Ankete sou sitiyasyon peyi d Ayiti ap viv la, espesyalman sou reyalite ki gen nan milye ouvriye a ak zak MINISTA ap poze nan peyi a
2)Pwodui yon rapò sou sitiyasyon sa a epi denonse li, nan nivo nasyonal ak entènasyonal
3)Kontinye montre MINISTA se yon fòs okipasyon ki dwe kite peyi a san pèdi tan

Aktivite ki gen pou fèt nan kad travay komisyon ankèt la

Pou komisyon ankèt entènasyonal la rive pwodui yon rapò sou sitiyasyon peyi d Ayiti a, l ap chita travay li a sou divès kalite aktivite tankou:

Lekti dokiman ki gen rapò ak sitiyasyon peyi a, zak minista ap poze nan peyi a, vyolans ak represyon k ap fèt sou fanm, sou militan elatriye
Oganize espas pou òganizasyon dwa moun yo epi viktim yo, vin pale, fè temwayaj sou zak yo sibi yo
Pwojeksyon dokimantè sou sèten nan zak ki fèt yo
Vizit teren nan katye popilè ak nan pak endistriyèl la
Rankont ak otorite yo elatriye…