Aller au contenu

Ayiti-Salè minimum : Òganizasyon nan sektè peyizan an apiye mouvman etidyan yo, Yo pran pozisyon tou sou plizyè lòt pwen nan konjonkti a

P-au-P, 19 juin 08 Alterpresse – Kominike Kòdinasyon Nasyonal 4 G Kontre (MPP, Tèt Kole, KROS, MPNKP)

Nou menm manb Kòdinasyon Nasyonal 4 G Kontre (MPP, Tèt Kole, KROS, MPNKP) apre yon analiz nou fè sou sitiyasyon peyi a, me sa nou dekouvri :

Sitiyasyon mas popilè yo an jeneral, sitiyasyon mas peyizan yo an patikilye vin pi grav chak jou. Apre sechrès te fin frape anpil rejyon nan peyi a, se inondasyon ki kòmanse frape anpil kote. Anviwònman peyi a fin detri. Nou pa wè okenn volonte Leta pou pote kole ak òganizasyon peyizan yo pou refè anviwònman peyi a.

Ane sa a, majorite peyizan yo pa plante paske yo pa te gen mwayen pou achte semans. Sa vle di, pi ta pral pi tris. Peyi a pral vin pi restavèk nan zafè manje. Nou pwofite okazyon sa a pou nou fikse pozisyon nou sou yon seri pwoblèm, sou yon seri koze kap brase nan konjonkti nasyonal la.

1 – Nou apiye mouvman etidyan yo nan Inivèsite Leta a kap reklame :

a) Piblikasyon lwa sou salè minimòm lan. Nou kwè 200 goud la se vrèman minimòm minimòm pou travayè ak travayèz yo kap bay san yo nan antrepriz prive yo. 200 goud la pa negosyab.

b) Lage tout moun lapolis te arete nan kad manifestasyon etidyan yo kit se etidyan, kit se lòt moun ki tap pote kole ak yo oubyen ki tap pase sou wout yo.

c) Amelyore kondisyon etid etidyan yo nan fakilte medsin ak tout lòt fakilte yo pou yo jwenn bon jan fòmasyon ki kapab fè yo tounen bon pwofesyonèl pou sèvi peyi a.

d) Se pou Leta bay Inivèsite a mwayen ki nesesè pou li vin otonòm tout bon.

2 – Nou kondane :

a) konpòtman lapolis ak MINISTA ki simaye gaz lakrimojèn tribò babò, fè represyon sou etidyan yo kap defann yon seri kòz ki jis.

b) Nou kondane konpòtman prezidan peyi a ak tout gouvènman an ki pran pòz soud devan revandikasyon etidyan yo.

c) Nou kondane enfiltrasyon move je nan manifestasyon etidyan yo. Nou mande etidyan yo pou yo veyatif paske yap dyabolize lit yap mennen an.

3 – Sou zafè nominasyon ansyen prezidan Clinton lan

Nou tande anpil koze kap pale sou nominasyon sa a. Nou pa kwè se nominasyon okenn etranje ki vin ranfòse okipasyon maske peyi a kap vin fè anyen pou nou. Nou kwè prezans MINISTA, nominasyon lòt emisè pou ogmante titèl peyi a, se yon wont pou nou apre plis pase 200 ane endepandans, se prèv fayit klas dirijant peyi a, se prèv Leta fè fyasko.

Nou mande pou pèp ayisyen an ranmase karaktè li. Nou dwe konnen se nou menm ki dwe aktè prensipal pwòp devlòpman nou, yon devlòpman dirab ki dwe soti nan plan kolektif nou mete kanpe.

Nou mande Prezidan Preval ak Gouvènman an pou kominike nasyon an yon plan dezokipasyon peyi a pou sispann tout rimè kap kouri sou do tè Desalin lan ak lòt zansèt nou yo.

4 – Sou zafè eleksyon yo

Nou kondane tout jwèt kache kap jwe depi nan monte KEP la jis rive nan monte BV yo. Nou kondane pati politik yo ki pa jennen enskri bandi tout plim tout plimay pou voye nan sena a al defann enterè pèsonèl ak enterè klan.

Nou kondane pwosesis elektoral la ki chita sou jwèt kòken, sou vyolans, sou kòmando ki tap mache plen bwat pou kandida. Se klè tankou dlo kokoye, pa te genyen menm 2% moun ki te ale vote nan peyi a paske yo te déjà konnen Prezidan Preval se chanpyon nan òganize eleksyon kòken.

Nou mande pou lajistis arete, jije tout swadizan palmantè, tout kòmando ame kandida yo ou pati politik yo angaje kap kraponnen moun, maltrete moun, touye moun nan eleksyon bankal sa yo. Fòk eleksyon kòken fini nan peyi a. Pou sa kapab fèt, fòk koupab yo pini kèlkeswa pouvwa yo genyen.

5 – Sou zafè konstitisyon an

Nou santi gen yon konplo kap manniganse pou kraze espas demokratik, kraze espas patisipasyon konstitisyon an louvri pou mas peyizan yo. Nou mande Prezidan Preval pou mete klè devan nasyon an amandman li ta gen lide fè yo e nou ekzije pou prezidan an respekte pwosedi ki trase pou sa nan konstitisyon an. Nou mande pèp la rete veyatif pou bare tout konplo kont konstitisyon 1987 la.

6 – Pwodiksyon Jatrofa

Nou konnen gen yon gwo konplo pou fè dappiyanp sou ti kras tè peyi a genyen pou li ta pwodwi manje pou mete yo anba dezè vèt jatrofa pou pwodwi agwo kabiran sou pretèks tè majinal. Nou lanse yon apèl bay peyizan yo pou yo pa pran nan okenn pyèj fo pwomès pou yo bay tè yo oubyen vann tè yo paske pwojè sa a pral fè yo tounen esklav.

Nou mande gouvènman peyi a, palman peyi a pou pa antre nan okenn konplo kont pwodiksyon manje natif natal nan bay ti kras tè nou genyen yo pou pwodwi gwo mestiyen. 4 G kontre prè pou diskite ak tout sektè ki gen bòn volonte yo sou pwojè sa a pou tout manti kaba.

An nou makònen fòs nou pou bati yon Ayiti ki bay tout pitit li LAVI.