Aller au contenu

Nòt pou ranvwaye sitin ki te prevwa sou plas kanapevè a

BATAY OUVRIYE, CTSP, CHANDÈL, SAJ/VEYE YO, MODEP, ROZO, STAIA, ANTÈN OUVRIYE – Noumenm divès òganizasyon ki te lanse sitin pou vandredi 5 jen sou plas kanapevè a, nou anonse tout moun, sitin sa a pap fèt ankò. Nou pran desizyon sa a apre anpil diskisyon ak lapolis pandan jounen 4 jen an. Finalman nan fen jounen an, DDO ekri nou fòmèlman pou li entèdi manifestasyon an.


Nou blije pran yon ti tan pou nou replanifye mobilizasyon an. Paske, batay pou fòse prezidan Preval pibliye lwa sou salè minimòm nan, pap kanpe nan wout, batay la dwe kontinye.

Nou pwofite okazyon sa a pou nou denonse ak tout fòs nou, zak britalite lapolis fè sou manifestan yo, nan jounen 4 jen an. Plizyè etidyan blese anba kout baton, kout wòch ak bal lapolis ak MINISTA. Youn nan etidyan yo pran yon bal nan tèt epi 4 lòt anba men lapolis. Nou mande liberasyon san pèdi tan epi san kondisyon tout manifestan lapolis arete yo.

Nou mande manm nou yo ak mas popilè yo anjeneral, pou yo pote kole nan tout mobilizasyon k ap fèt pou fòse pouvwa antipèp Preval-Pyèlui a, pibliye lwa sou salè minimòm nan.

Pise gaye pa kimen!
Ann gonfle fòs nou, pou fòse prezidan Preval pibliye lwa a!

Dukens Raphael
Guy Numa