Aller au contenu

Vle pa vle, fòk lwa sou salè minimòm nan pibliye

BATAY OUVRIYE, CTSP, CHANDÈL, SAJ/VEYE YO, MODEP, ROZO, STAIA, ANTÈN OUVRIYE – Depi senatè yo fin vote lwa sou salè minimòm nan, boujwazi a pa janm sispann miltipliye kontak ak presyon pou anpeche lwa a pibliye. Tolalito boujwazi a ap fè pou bloke lwa a, fè nou sonje karavàn boujwazi a te konn fè nan gwoup 184 la pou foure yon lòt kontra sosyal boujwa nan gòj pèp la.


Se menm boujwazi sa a ki te vle siyen yon lòt kontra sosyal ak pèp la, ki pa vle peye pèp la 200 goud pou yon jounen travay. Sa ki fè n ap poze tèt nou kesyon: eske kontra sosyal boujwazi a t ap pale a, se te yon kontra pou fè travayè yo travay tankou esklav pou yon ti kraze monnen?

Sa ki pi grav, prezidan repiblik la asosye li ak boujwazi a epi ranmase menm chantaj boujwa yo pou li pa pibliye lwa a. Devan konpòtman sinik boujwazi a ak chèf leta a, noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou envite tout travayè, sendika ki pa gen koulè jòn, ti machann, elèv, etidyan konsekan, fanm ak gason vanyan nan katye popilè yo, nan yon sitin k ap fèt vandredi 5 jen 10zè tapan sou plas kanapevè, anfas kay prezidan repiblik la.

Pise gaye ka kimen!

Ann gonfle fòs nou, pou fòse prezidan Preval pibliye lwa a!