Aller au contenu

Se pa dan k ap griyen

Un poème de Stephen Phelps sur l’assassinat de Carlo Merilus le 2 Mai en République Dominicaine.

Tèks sa a te li devan palè nasyonal bò 2 zè nan apremidi , nan finisman mach pwotestasyon GARR ak POHDH te òganize pou pwoteste kont egzekisyon « barbare » konpatriyòt nou, frè nou Carlo Merilus (20 lane) yon seri Dominiken te fè jou ki te 2 me 2009 la nan Santo Domingo.


Se pa dan k ap griyen

Nan peyi Dominikani
yon jèn Ayisyen
k al chache lavi
k al fè 2 kout tiwèl
pou 2 peso
mouri kou yon poul

20 lane
Kalo Merilus te gen 20 lane

Se pa dan k ap griyen
se tèt k ap koupe
ak rach
se pa tèt kochon
se tèt Ayisyen
ti moun ap fè foto
granmoun ap aplodi
tout sa, gwo lajounen
nan yon kapital lougawou
nan Santo Domingo
Tout sa deske lakay
tounen yon lanfè
pou malere
lakay tounen yon savann san dirijan
sou bitasyon an
pa gen lekòl
pa gen travay
grangou a rèd

Nan banbòch dezespwa
nou janbe anba fil
pou n al bouske lavi

Kay vwazen nou se mò an vakans
men ki lanmò pou n chwazi?
lanmò grangou klowòks dezespwa lakay
oswa lanmò tèt koupe , tèt rache an Dominikani?

Toudejan nou pran
ret zonbi lakay etan gwo zotobre
ap gagote richès peyi nou
egal asid batri dezespwa garanti
janbe fwontyè Dominikani
pou al bouske lavi
se al pote fal nou bay yon kolonn lougawou
ki mande bwè san Ayisyen gwo lajounen

Anverite
nou bezwen yon peyi nouvo
kote nan chak seksyon
sou chak bitasyon
gen lekòl, gen travay
gen manje, jistis ak sekirite

peyizan bezwen tè pou l travay

Anverite Ayiti an danje
Li twò ta pou n pran kaka poul pou bè
Sitiyasyon an twò grav pou n pran nan bèl pawòl
Gade m nan je ma gade w nan je, wayan !
nou pa bezwen yon leta delala tèt anba
nou pa bezwen yon lelit tilolit
ki se kòkòt ak figawo ak rasis Dominiken
k ap rache masakre frè n ak sè n nan batey
k ap souse san yo nan zòn franch
Nou bouke ak politisyen popetwèl malpouwont
k ap gagote kès pansyonè ONA
k ap gagote bidjè peyi a an ijans
nou pa deside kontinye vire won
sou chimen dezespwa

Men eske pa gen lòt chimen nou ka pran?
Eske lè a pa rive pou n mache kontre pou n rebati Ayiti ?

Nou bezwen yon Leta k ap bay sèvis
Yon Leta ki ka defann tout sitwayen Ayisyen

Nou pa bezwen anbasadè
ki konn ap fè koutay nan anbochay

Nou bouke pran imilyasyon kay vwazen
Nou bezwen yon peyi kote
tout Ayisyen, tout Ayisyèn
ka viv nan Diyite

Atansyon pa kapon
Dezyèm Masak la deja kòmanse
sou Pèp Ayisyen an
Grangou klowòks dezespwa andedan
tèt rache an Dominikani
se yon sistèm mafya lougawou
nasyonal entènasyonal ki ap opere
yon pè zo byen monte

Aba tout kriminèl ki ap bwè san Pèp Ayisyen lakay
Aba tout politik rasis ki ap ankouraje kriminèl dominiken
fè san frè nou ak sè nou koule

Sitwayen Ayisyen, fanm kou gason
An nou pran Responsabilite nou
Nanpwen fè bak ankò
Se pa dan k ap griyen
Se tèt k ap rache
Eske nou tande ?
Se tèt Ayisyen parèy nou
k ap koupe ak rach gwo midi
nan Santo Domingo

LaPatri andanje, nou dwe pote Lamenfòt
men nan mitan n
nou pa bezwen ni trèt, ni patripòch
An nou repran Chimen Batay
An nou marande fòs nou
pou n fè Ayiti repran Dwa Granmoun li

Viv yon Ayiti kote gen travay nan Diyite, manje ak Libète
pou tout pitit peyi a

Lè a rive pou Ayisyen sispann nan nesesite
al pran imilyasyon kay Dominiken
sa fè 205 lane mezanmi , 205 lane

Twòp se twòp atò
Sonje se pa dan k ap griyen
Se tèt k ap koupe

Aba esklavaj lakay
Aba esklavaj an Dominikani
Libète ou lanmò

8 me 2009, Stephen William PHELPS