Aller au contenu

Rankont bayè yo nan Waschinton: yon lòt rankont pwomès blòf, manti ak fo espwa

Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

Chak fwa rankont bayè yo ap fèt, je anpil moun brake sou kantite lajan kominote entènasyonal la di li pral bay swadizan pou devlope peyi a. Se toujou ak anpil plezi otorite ayisyen yo ranmase tout resèt FMI ak Bank Mondyal yo pou mete nan dyakout yo pou al diskite ak menm enstitisyon sa yo. Malgre sa, apre rankont sa yo, peyi a toujou plonje pirèd nan dezespwa, mizè, chomaj ak depandans.


Anjeneral, se apeprè 30 pou san nan lajan sa yo ki debloke. Epi, pifò nan lajan ki debloke yo, se nan men ONG entènasyonal yo pase. Lajan sa a plis sèvi pou divize kan pèp la, olye li sèvi pou pèmèt nou vanse nan chimen pwogrè. Tikal lajan ki pase nan men leta a, plis al dodomeya nan pòch konwonpi ki andedan leta a. Malgre dikte bòn gouvènans tèt anba kominote entènasyonal la ap bay dirijan ayisyen yo, kòripsyon fè de pou senk, nan tout administrasyon piblik ak prive nan peyi a.

Anplis tout pwoblèm nou sot siyale la yo, kondisyon ki makonnen ak « èd » kominote entènasyonal la, se yon seri kondisyon mare senti ki pa janm pale nan laprès. Se anba gwo kout tanbou yo anonse kantite lajan ki pral debloke yo. Men, anyen pa di sou kondisyon ki bay tankou privatizasyon antrepriz leta yo, ranfòsman mache lib la ak anpil lòt kondisyon ki vize koupe trip mas yo anba grangou ak lavichè. Medikaman fyèl pete FMI yo kreye kondisyon pou plis moun kite travay latè, pou al bourike nan faktori pou yon ti kraze monnen. Se sa ki fè, gouvènman an ak tout boujwazi a refize dakò ak salè minimòm 200 goud la. Se pou sa tou, y ap fè presyon sou sena a, epi gen anpil senatè ki pito mache nan lojik boujwazi a olye yo vote 200 goud la pou soulaje travayè yo. Jounen jodi a, pandan otorite nou yo ap bat bravo pou « èd » ki makonnen ak medikaman FMI yo, anpil gwo peyi rich anba soukous medikam FMI yo k ap mache donnen kriz nan tout gwo ekonomi kapitalis yo. Sa ki fè, anpil dirijan leta nan peyi sa yo, blije ap mete sou kote, sèten nan remèd FMI, OMC, Bank Mondyal yo, pou eseye bloke degrengolad sistèm nan. Men anreyalite, pwoblèm nan pa rezoud, paske mezi k ap pran yo pa manyen veritab kòz pwoblèm yo. Malgre sa, otorite nou yo refize tire leson, se menm medikaman an, yo kontinye ap ranmase nan men enstitisyon finansye entènasyonal yo.

Yon ti kout je sou kèk rankont bayè yo ak pwomès yo fè deja

Tankou pwovèb la di li, twou manti pa janm fon. Yon ti kout je tou kout sou divès rankont ki fèt deja ak kantite pwomès ki fèt, kapab konfime pwovèb sa a. N ap konstate tou, si pwomès te ka devlope Ayiti, tout ayisyen pòv yo t ap deja soti nan lamizè. Pou montre jistès pwovèb sa a, n ap pran kèk rankont ki fèt sou Ayiti, soti 2004 rive jounen jodi a. Se nan mwa jiyè 2004, premye konferans entènasyonal bayè yo te fèt sou Ayiti. Nan konferans sa a ki te fèt 19 ak 20 jiyè bayè yo te pwomèt pou bay Ayiti plis pase yon milya dola vèt. Dapre sa yo te di, Ayiti te jwenn plis pwomès pase sa li te al mande nan konferans lan. Ayiti te al chache 924 milyon dola, yo ba li pou plis pase yon milya dola pwomès. Pwomès sa yo te rantre nan kad pwogram CCI a. Fòk nou di, pat gen pyès dat ki te bay sou lè pou lajan sa a te debloke. Sekretè Deta annapre pou trezò nan peyi Etazini nan moman an ki te John B. Taylor te bay garanti lajan an pap pran tan pou li debloke. Men, jouk jounen jodi a, anpil moun nan popilasyon an poko janm wè ki kote pwomès sa yo pase. Malgre sa, konferans blòf sou Ayiti yo, pa janm sispann miltipliye.

Nan mwa jen 2005, kominote entènasyonal la te pwomèt ayiti yon bourad 30 milyon dola vèt, nan yon konferans sou do Ayiti, ki te fèt Monreyal, nan dat 16 ak 17 jen. Bayè yo te pwomèt lajan sa a pou kreye travay, distribisyon kouran epi pou kore polis nasyonal la. Blakawout ki gen nan kapital la ak nan rès peyi a sifi pou nou konprann ki rezilta pwomès sa yo bay. Nan dat 20 ak 21 oktòb 2005, se peyi Bèljik ki te resevwa rankont bayè yo. Rankont sa a te chita sitou sou kèk pwojè ki andedan pwogram CCI a. Se te yon rankont pou ranfòse pwomès ki te deja fèt nan kad CCI a. Nan dat 24-25 jiyè 2006, konferans entènasyonal sou ayiti a te fèt nan pòtoprens. Nan rankont sa a, gouvènman Preval-Alexis a te prezante yon plan pou 5 lane ki te koute anviwon 7 milya dola. Yon bon pati nan lajan sa a se te pou pwogram apezman sosyal la. Nan rankont sa a, kominote entènasyonal la te pwomèt pou li bay 750 milyon dola pou 15 mwa.

Nou pran kèk rankont ki abitwe fèt pou n montre pwomès bayè entènasyonal yo anjeneral pa kanpe sou anyen. Nan sans sa a, MODEP kwè, rankont bayè yo pral fè nan Waschington nan dat 14 avril la, pap pote okenn solisyon pou pwoblèm mas popilè yo ap viv jounen jodi a. Jan sa abitwe fèt, se sèlman boujwazi a, dirijan konwonpi yo, MINUSTAH ak ONG entènasyonal yo k ap benefisye ponya k ap bay yo, menm lè se mas yo k ap peye dèt yo ak enterè sou dèt yo. Pout tout rezon sa yo, MODEP mande pou mas popilè yo, militan pwogresis yo, rete ak je yo byen kale pou kontinye batay kont grangou, mizè, chomaj, dèt, okipasyon peyi a ak politik neyoliberal yo, k ap fin koupe trip nou epi k ap fin kraze anviwonnman an.

Pou MODEP :
Guy NUMA
Boumba NIXON
Théagène Joseph DAUPHIN

modepayiti@yahoo.fr