Aller au contenu

Rasanbleman òganizasyon peyizan nan Kafou Pèy madi 23 desanm 2008 pou egzije Leta relanse Refòm Agrè a

Madi 23 desanm 2008, nan Kafou Pèy nan latibonit, yon latriye òganizasyon peyizan makonnen fòs yo ansanm pou lanse yon batay pou yon Refòm Agrè ki ap nan enterè ti peyizan yo epi pou denonse jesyon lajan pou Fon-Dijans la.

Batay pou peyizan yo jwenn tè pou yo fè agrikilti toujou rete youn nan pi gwo revandikasyon nou menm peyizan. Boujwa, grandon, gwo zotobre politisyen toujou òganize yo pou kanpe an kwa devan batay peyizan pou jwenn tè pou yo travay, nou pa p janm bliye asasinay Lanperè Jan Jak Desalin, masak 139 ti peyizan nan nòdwès, elatriye…


Jounen jodi a degradasyon anviwònman an vinn montre ankò nesesite pou Leta ayisyen ta pran dispozisyon pou pawòl refòm agrè a tounen yon reyalite tout bon vre.

Se pou rezon sa yo, MOREPLA, KOREDEPLA, SOFA, MITPA nan latibonit, Tèt kole ti peyizan nan Nòdwès, APWOLIM nan limonad, nan kolaborasyon ak PAPDA ap reyalize yon gwo rasanbleman jou k ap madi 23 desanm 2008 la nan Kafou Pèy nan lide pou fòse Leta Ayisyen mete kanpe yon plan pou akouche yon bon jan Refòm Agrè ki chita sou entèrè agrikilti peyizan yo ki se prensipal mote ekonomi peyi a.

– Fòk peyizan k ap travay latè jwen tè pou yo fè agrikilti
– Fòk peyizan k ap travay latè jwenn bon kredi san kout ponya nan men Leta pou yo envesti
– Fòk peyizan k ap travay latè jwenn bon zouti, semans ak angrè natirèl nan boutik Leta

Se pou rezon sa yo, youn di lòt, bouch an bouch, piskèt sou sadin, pase pran m m ap pase chache w pou n al pote kole nan gwo mobilizasyon ak mach pasifik sa a pou nou menm peyizan jwenn yon bon jan Refòm Agrè nan enterè moun k ap travay tè.
Pa bliye randevou kase madi 23 desanm 2008 depi 10zè nan maten nan kafou pèy.

MOREPLA
TET KOLE
KOREDEPLA
SOFA
APWOLIM
MITPA
PAPDA