Aller au contenu

Bare !!!!!!!!!! Vin pote kole nan sit-in kont APE, grangou ak lamizè devan Palè Nasyonal

Nan dat 10 sektanm 2008 la, pèp ayisyen an pote yon kokenn chenn viktwa nan batay kont Akò Patenarya Ekonomik yo ki gen pou ti non jwèt APE, ki se yon remèd chwal Inyon ewopeyèn vle foure nan gòj peyi Afrik, Karayib ak Pasifik yo, an patikilye Ayiti. Akòz mobilizasyon Kowalisyon Bare APE fè deja yo, gouvènman an pa siyen akò a nan rankont CARIFORUM 10 sektanm 2008 la.

Depi lè sa a, Inyon Ewopeyèn ak CARICOM pa sispann fè presyon pou fòse otorite yo siyen akò kòd lan kou sa a. Nan dat 15 Oktòb, CARIFORUM ap rankontre yon lòt fwa pou fòse peyi ki poko vle yo siyen. Kowalisyon an di non, gouvènman an, Inyon Ewopeyèn ak CARIFORUM pap pase kòd sa a nan kou pèp la. Siyen APE, se siyen plis grangou, chomaj ak plis ensekirite. Siyen APE, se siyen pou fin detwi anviwonnman peyi a.

Sitwayen, sitwayèn ki sa n ap fè ? Vin kontinye mobilize ak nou nan yon sit-in devan Palè nasyonal jou k ap mèkredi 15 oktòb la 10zè tapan, pou nou di gouvènman an, peyi a pap vale remèd chwal sa a. Nou fout di non !

BARE APE ! BARE MIZÈ ! BARE CHOMAJ
AK DESTRIKSYON ANVIWONNMAN AN

Kowalisyon Bare APE:

PAPDA – MODEP – CHANDEL – TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN – SOFA – RAJES – SAKS – RNDDH – KOPWONÒ