Aller au contenu

Deklarasyon Batay Ouvriye

Le Secrétariat Exécutif de la PAPDA appuie tous les secteurs qui réclament à juste titre une urgente augmentation du salaire minimum fixé actuellement à 70 gourdes par jour depuis plus de 4 ans. Les calculs les plus conservateurs montrent, qu’en tenant compte de l’inflation et de l’évolution du marché des produits de première nécessité, le salaire minimum devrait être au moins de 300 à 400 gourdes par jour. Nous publions ici une note récente de la Confédération syndicale Batay Ouvriye. (Camille Chalmers)


BATAY OUVRIYE

SOU AJISTEMAN 200 GOUD SALÈ MINIMÒM LA

Lò, nan mwa avril 2003, Leta ayisyen te mete salè a 70 goud, nou te deja ap montre kouman li pa t manke alawotè:

“…Si nou kalkile pa rapò a lavichè a ki depi 1995 pa janm sispann monte, salè a ta dwe omwen 7.5 fwa lavalè 36 goud la, egal 270 goud. Si, koulye a, nou mete sou li valè goud la ki kontinye ap degrenngole devan sila dola a, salè minimòm lan ta dwe 300 goud pou pi piti. E, lè sa a, 300 goud sila a, se ta sèlman yon ajisteman salè minimòm lan, pa menm yon ogmantasyon! Si nou kalkile, atò, ke klas ouvriyè a, an patikilye, vin deplizanpli espesyalize e ke li an dwa egzije de salè pi wo, se ta 350 a 400 goud, an ogmantasyon lè sa a, ki ta dwe montan salè minimòm nou!” Entèvansyon BO, 26 me 2003

Kalkil sa yo koresponn tou a atik 137 Kòd Travay la ki egzije pou salè travayè yo ajiste pwopòsyonèlman chak fwa enflasyon an depase 10% (dis pou san) nan yon ane. E, se te san konsidere lefèt, poutèt malsite ki bay piplis maladi, elajisman vil la ki egal piplis transpò pou ale nan travay, elatriye… travayè yo vin gen piplis bezwen: bagay ki ta mande, lè sa a, yon reyèl ogmantasyon salè.

Jounen jodi a, depite Stivenn Benwa pwopoze yon pwojè lwa kote salè minimòm lan ta dwe vin egal 200 goud e pwojè lwa sa a ap tou chache regilarize ajisteman peryodik ki ta dwe egziste konsènan salè minimòm lan. Nan entèvansyon nan laprès, depite a montre kouman se a pati kalkil minimòm tout moun ka konprann trè fasilman li baze pwopozisyon l lan.

Sou pwojè lwa sa a, n ap di tou dabò 2 bagay: youn, atik 137 Kòd Travay la deja di klèman kouman pou salè minimòm lan ajiste, men li pa ditou initil mete de règlemantasyon anplis ki pou vin kore atik sa a ki pa janm respekte (bagay ki mete ni Leta, ni boujwazi a konplètman …ilegal! – men, konsènan ouvriye yo sitou, nou te konn sa deja). Answit, jan nou montre l klèman, ajisteman 200 goud la, ankò yon fwa, pa sifi, men li pa ditou fèt pou rejete. Se sa k fè nou mande tout travayè pou yo mobilize depi kounye a pou fè li pase. Sa va yon soulajman nan soufrans n ap sibi anba lesplwatasyon ak dominasyon boujwa yo ki prezante lamizè nou kòm “avantaj konparatif” ki ta sanse vin sove “peyi a”! Mobilize pou fè salè 200 goud la pase men tou : la pou la, kontinye goumen pou PIPLIS, nan fòm ki koresponn a chak antrepriz.

Devan pwopozisyon depite Benwa a, boujwa ak reprezantan boujwa déjà ap voye pye, kòmkwa : yon ajisteman salè ap vin bay enflasyon! Natirèlman, se san yo pa fè wè fòs travay ouvriye yo, nan sistèm yo a, se yon machandiz li ye tou e se paske, presizeman, pri tout lòt machandiz yo monte, pou pri fòs travay la, kidonk salè a, dwe monte tou.

Nan sèten kote nan peyi a, ouvriye yo deja ap touche piplis pase 70 goud la. Se ka jounalye Mànye Lapostòl yo, nan zòn Okap, ki, gras a BATAY pèmanan sendika yo a, SOML-BO (Sendika Ouvriye Mànye Lapostòl – Batay Ouvriye ), ane apre ane, toujou fòse konpayi a ajiste salè yo e, jounen jodi a, y ap touche 345 goud pa jou! Kidonk: LI POSIB! Li posib, gras a batay nou men li posib tou nan montre nou yon konpayi kapab peye salè sa a pandan li toujou ap fè benefis li nan sosyete sa a. Se vre, pou rive la, batay la te gen pou egzije efasman frè Zefi yo nan negosyasyon yo. Boujwa ayisyen sila yo, ki se jeran konpayi a nan peyi isit, te kanpe an kwa, t ap pretann “konpayi a pral fè fayit”, pandan pwopriyetè konpayi etranje sa a li menm te dispoze ajiste salè a. Depi lè a, vreman vre, sa vin reyalize, menm si se te responsabilite ouvriye yo pou yo te mobilize e egzije negosye dirèkteman ak kapitalis etranje yo pou bagay yo te ka regle. Konsa, sitiyasyon an vin debloke. Anplis ajisteman peryodik salè a, jouk pou nòmalman rive 345 goud jounen jodi a, ouvriye SOML-BO yo vin genyen bonis jan lalwa mande l, konje maladi, konje matènite, kafeterya pwòp, twalèt ak douch, dispansè pou premye swen, ak tout medikaman, ak tout mis, machin aladispozisyon, pou si yon aksidan travay ta rive pi grav mennen yo lopital, dlo fre, trete, pou bwè, e, sitou, de rapò travay ki soti nan imilyasyon lawont ouvriye ouvriyèz an jeneral toujou ap sibi anba patwon ak sipèvizè.

Kidonk, ankò yon fwa: LI POSIB! E se pa pwopagann politisyen rabi, ni pawòl ‘ekonomis’ sousou boujwa, ki pou fè n kwè lekontrè. Nan pa janm vle aplike atik 137 Kòd Travay la e voye pye chak fwa gen yon ajisteman, menm si li pa sifi, ki pale sou kesyon salè travayè a, non sèlman nou vin wè ki wotè karaktè anti popilè, anti nasyonal laboujwazi sa a rive jounen jodi a, men nou vin konprann tou trè klè sou do kiyès e kouman “ pwojè devlopman peyi ” yo a pral chita… ! SE BATAY NOU SÈL KI POU ANPECHE SA YO VLE A RIVE!

Se sou baz tou sa, non sèlman nou egzije ajisteman 200 goud ki pwopoze a reyalize, men, anplis, fòk gen lòt mezi ki akonpaye l:

• Fòk Leta mete yon kontwòl estrtik pou pa kite pri lòt pwodyi yo, espesyalman pri pwodyi premye nesesite yo, monte;
• Fòk, menm jan an tou, li kontwole fo devalyasyon goud la pou sila ki touche an dola yo e peye nou an goud pa jwenn yon lòt jan pou fè piplis benefis sou do nou;
• Fòk tout travayè ki te deja ap touche plis pase 70 goud la kalkile konbyen, pwopòsyonèlman, nouvo salè yo dwe ye;
• Fòk Ministè Afè Sosyal mete yon estrikti espesyal ki pou kontwole touswit touswit respè ajisteman salè a lè l ap antre an vigè (se pa 2 batay nou te blije batay pou fè respekte 70 goud la lè li te fikse!);
• E, n ap repete l ankò: nan kad lit global mobilizasyon pasyèl sa yo egzije, fòk tout travayè travayèz kontinye mobilize pou fè yon sèl nan lit kont lesplwatasyon san limit enpeyalis yo, klas dominan yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a soti pou fè sou do nou jounen jodi a!

BATAY LA FENK KÒMANSE !
ANN RANTRE LADAN LI 2 PYE FÈM !
BATAY OUVRIYE, Oktòb 2007