Se pa premye fwa Ayiti twouve l nan sitiyasyon kote li parèt « chanpyon » nan koze kòripsyon. Okenn moun ki gen bon sans paka di pa gen kòripsyon nan peyi a. Koze kòripsyon an gaye nan tout administrasyon piblik la, li gaye nan diferan sektè piblik kou prive. Menm sistèm edikatif nou an tounen yon laboratwa k ap prepare moun konwonpi, moun ki pare pou aksepte nenpòt bagay, olye li prepare sitwayen/èn k ap panse enterè peyi yo. Sa ki pi grav, pouvwa anplas yo pa janm manifeste okenn volonte pou mete fren nan koze kòripsyon an. Gen anpil eskandal ki pete nan leta a sou koze kòripsyon. Nan lajistis, nan lapolis, nan meri yo, kòripsyon toujou fè kennen. Anjeneral, chak fwa eskandal sa yo pete, otorite nan leta a plis fè demach pou fè koken yo antann yo olye se kòd lajistis ki pase nan kou yo. Menm nan ka kote gen ankèt ki pwouve gen kòripsyon, otorite yo pa janm fè suivi sou dosye sa yo. Kidonk, nou annafè ak yon leta k ap ankouraje kòripsyon. Men, eske reyalite sa a ka fè nou pran rapò Transparancy International la pou « pawòl levanjil » ?
Refleksyon kritik sou dènye rapò Transparency International la
Se pa premye fwa Ayiti twouve l nan sitiyasyon kote li parèt « chanpyon » nan koze kòripsyon. Okenn moun ki gen bon sans paka di pa gen kòripsyon nan peyi a. Koze kòripsyon an gaye nan tout administrasyon piblik la, li gaye nan diferan sektè piblik kou prive. Menm sistèm edikatif nou an tounen yon laboratwa k ap prepare moun konwonpi, moun ki pare pou aksepte nenpòt bagay, olye li prepare sitwayen/èn k ap panse enterè peyi yo. Sa ki pi grav, pouvwa anplas yo pa janm manifeste okenn volonte pou mete fren nan koze kòripsyon an. Gen anpil eskandal ki pete nan leta a sou koze kòripsyon. Nan lajistis, nan lapolis, nan meri yo, kòripsyon toujou fè kennen. Anjeneral, chak fwa eskandal sa yo pete, otorite nan leta a plis fè demach pou fè koken yo antann yo olye se kòd lajistis ki pase nan kou yo. Menm nan ka kote gen ankèt ki pwouve gen kòripsyon, otorite yo pa janm fè suivi sou dosye sa yo. Kidonk, nou annafè ak yon leta k ap ankouraje kòripsyon. Men, eske reyalite sa a ka fè nou pran rapò Transparancy International la pou « pawòl levanjil » ?
Kisa ki di nan rapò Transparency International la?
Nan rapò sa a ki soti nan dat 6 novanm 2006, nan peyi Almay, ONG Britanik Transparency International klase Ayiti nan premye plas nan kesyon kòripsyon. Selon rapò a, gen 3 peyi ki pi konwonpi sou 163 peyi yo konsidere nan rapò a. Peyi sa yo se Birmanie, Irak ak Ayiti.
Nan rapò a, gen 3 peyi ki nan tèt lis la kòm peyi ki gen mwens kòripsyon. Peyi sa yo se: Fenland, Island ak Nouvèl Zeland. Plizyè peyi tankou: Brezil, Izrayèl, Tinizi ak Etazini pa gen bon nòt selon rapò a. Menm Kiba nan lis peyi ki pa gen bon nòt yo tou. Eske sa ta vle di ONG a mete Kiba nan menm sak ak peyi kapitalis nou sot site la vo nan koze kòripsyon ? Kite m ri non mesyedam.
Kèk kòmantè sou rapò a
Tankou nou di li deja, nou paka kache reyalite kòripsyon ki gen lakay nou an. Nou pa gen enterè kache li tou. Nou dwe okontrè goumen kont li. Men, nou paka vale tout enfòmasyon enstitisyon entènasyonal yo ban nou menm jan ak lè n ap bwè dlo. Nou dwe poze kesyon sou sous enfòmasyon sa yo ak tout sa ki kapab kache dèyè yo. Se pou sa n ap fè konsiderasyon sa yo sou rapò a :
1) Premye konsiderasyon n ap fè nan rapò a, se nan nivo metodolojik. Nou estime manke transparans nan demach metodolojik ki aplike pou rapò sa a. Nan entèvansyon li fè sou radyo metwopòl nan dat 7 novanm 2006, responsab Transparency International la nan peyi Dayiti fè konnen, enfòmasyon ki pèmèt yo drese rapò a soti nan 3 OGN entènasyonal li di ki « endepandan ». Enstitisyon sa yo se :
– The World Bank’s Research Unit
– The World Bank’s Multilateral Investment Guarantee Agency (MIG)
– The World Bank’s Country Policy and Institutional Assessment (CPIA)
Nan sans sa a, enstitisyon an kontakte yon seri “Ekspè” ki bay opinion yo sou kesyon an. Sa ki fè, nou ta ka poze tèt nou kesyon sou “validite” enfòmasyon ekspè sa yo ak enterè osinon pwojè y ap defann. Eske ekspè say o konnen byen reyalite peyi a?
2) Rapò sa a rive nan yon moman kote imaj Ayiti nan nivo entènasyonal pa bon ditou. Si yon moun suiv yon seri enfòmasyon k ap sikile nan lòt peyi sou Ayiti san ou pa konnen reyalite reyèl peyi a, ou ka menm panse se yon bann sovaj, se bandi, se vòlè sèlman k ap viv nan peyi a. Anpil enstitisyon entènasyonal ak nasyonal patisipe nan bannou move imaj sa a. Yo menm konsidere Ayisyen tankou moun ki paka dirije tèt yo. Kidonk, pou yo, fòk nou toujou gen lòt moun k ap ede nou dirije. Se nan sans sa a nou chaje ak ekspè tout kalite ki prezan nan pifò enstitisyon nan leta a. Nan lopolis, nan konsèy elektoral, nan lajistis, nan ministè yo, ekspè yo prezan toupatou. Sa pa gen lontan, sèten moun nan kominote entènasyonal la te menm swete pou se jij etranje ki vin bay lajistis pou nou. Nan semèn ki sot pase yo, yon ekspè LONI te mande pou kominote entènasyonal la, anpatikilye Dominikani pran Ayiti anchaj. Sa k pi grav, nou toujou gen yon seri Ayisyen k ap travay kont peyi a ki dakò ak lide sa yo epi k ap kolabore nan sans sa a. Sa ki fè nou blije poze tèt nou kesyon sa a : eske rapò TI a pa vini pou l ranfòse move imaj k ap sikile sou peyi a?
3) Rapò a mete nan dèyè kamyonèt la 2 peyi ki anba okipasyon etranje ak yon peyi ki anba yon diktati militè grenn kraze. Tankou nou tout konnen li, peyi Dayiti ak Irak se 2 peyi ki okipe. Men, malgre prezans okipan yo, peyi sa yo pami peyi ki gen plis kòripsyon. Eske sa vle di veritab pwofesè yo se okipan yo ?. Nan ka Birmanie an, peyi sa a anba yon diktati militè grenn kraze depi koudeta militè 1988 la. Nan moman koudeta a, militè yo rive touye plis pase 10.000 moun. Militè yo enstale yon sitiyasyon latèrè nan tout peyi a. Menm laprès ak sektè edikasyon an anba konprès. Kidonk, se yon peyi ki okipe ak yon lame ki fòme ak moun ki nan menm peyi a. La ankò, li ta bon pou nou poze tèt nou yon lòt kesyon : eske kòripsyon an pa mache ak okipasyon kelkeswa fòm li pran an ?
4) Yon dènye konsiderasyon ki enpòtan pou n fè se sou dikte FMI ak Bank Mondyal ap bay dirijan peyi ki anba kontwòl yo. Kesyon bòn gouvènans lan, se youn nan egzijans enstitisyon k ap bay ponya yo toujou fè peyi pòv yo. Pou sa, yo toujou voye yon seri « ekspè » k ap bay dikte nan kesyon bòn gouvènans. Men sa pa anpeche kòripsyon fè kenken nan peyi sa yo malgre tout leson pwofesè « onèt » enstitisyon entènasyonal yo ap bay nan peyi Dayiti ak nan Irak. Enstitisyon sa yo anjeneral pa gen pwoblèm ak kòripsyon an paske, lajan ponya a ap fini pi vit. Konsa, peyi sa yo ap toujou bezwen lajan ponya nan men enstitisyon entènasyonal yo. Se pou sa yo toujou pwoteje anpil diktatè ak piyajè ki pase nan tèt peyi pòv yo. Sa ki fè enstitisyon sa yo vin patitipe nan apovri ti peyi yo, rann yo pi frajil epi kreye plis kondisyon pou gen plis kòripsyon ladan yo.
Mwen kwè li enpòtan pou n konprann, kesyon kòripsyon an se pitit vant sistèm kapitalis la. Li makònen ak branch trip sistèm nan menm ki pa ka fonksyonne san li. Se pou sa sistèn nan toujou sèvi ak dra enpinite a pou kouvri konwonpi yo. Se vre nan sèten peyi a, gen sèten kad legal ki tabli pou kontwole kesyon kòripsyon an. Men, nan peyi sa yo, kisa ki di si se pa ka ki pi vizib yo ki rive devan tribinal ? Eske si Transparency entènasyonal te pi serye, se peyi sa yo ki t ap nan tèt kòripsyon an ?
Guy Numa
(guynuma2001@yahoo.fr)
Militant