Aller au contenu

Deklarasyon final nan okazyon rasanbleman ak mach pasifik MOREPLA ak plantè diri nan vale Latibonit

Nou menm fanm ak gason andedan komin Tirivyè Latibonit, Machan Desalin, Senmak, Pon Sondé, dedin ak fanm ak gason ki sòti nan plizyè òganizasyon ki sòti nan tout rès komin ki gen nan depatman-an, ak sipò MOREPLA ki se Mouvman Revandikasyon Peyizan Latibonit, jou 7 novanm 2006 la nan Kafou-Pèy, Tirivyè Latibonit pou’n denonse politik Neyoliberal (plan lanmò) kap aplike nan sektè agrikòl la depi nan gouvènman pase yo jiskounye a.


Gouvèman jodia fin tounen abolotcho, li lage popilasyon vale Latibonit la patikilyèman komin Tirivyè Desalin ak Senmak, nan monte yon maswife pado. Kote kanal riv-dwat la sou Ti mango gen anviwon yon mwa ak 15 jou depi li kraze, jiska kounyè a anyen pa fèt, sèlman nou wè yon maskarad ki fèt ki agrave sitiyasyon an.

Neglijans gouvèlman an avèk ODVA lakòz genyen 6750 ekta (ha) tè ki ap pèdi rekòt la ki evalye a anviwon 30.000.000.000 goud kòm pèt dirèk sa vle di anpil pitit plantè yo ap sèlman wè yo paka ale lekòl pou ane pwochèn nan epi plantè yo riske pèdi yon lòt rekòt paske yo pap gen lajan apre yo fin pèdi kanpay la.

Nou kòmanse leve kanpe sa-a pou defann plantasyon pwodiksyon diri nan vale a, paske nou wè se yon malè pandye pou chak grenn Ayisyen lè gen yon katastròf konsa.

Sitiyasyon agrikilti nan Latibonit jounen jodia se yon veritab katastròf, pi plis pase 3 lane, travay netwayaj kanal prensipal, segondè pa prèske fèt, dren yo non plis pa netwaye, nou pa bezwen pale bon enfrastrikti wout agrikòl yo. Zòn ki pa gen irigasyon yo fin tounen dezè paske se pye bwa peyizan yo ap koupe, swa nan fè chabon osinon fè planch ak lòt materyo konstriksyon. Nan zòn ki pa irige yo se pye bwa ki te rete kòm resous pou antre lajan nan pòch yo, bwa sa yo fin disparèt. Nan ka zòn irige yo leta-a lage mache angrè-a bay boujwazi, bodmè yo, sa fè pri yon sak angrè varye ant 1000 a 1200 goud, pri sa yo depan ki moman, pandan leta ayisyen louvri baryè pou diri Ameriken ki jwenn sibvansyon leta Ameriken rantre san taks pou fini ak diri nasyonal la. An menm tan pwodwi premyè nesesite yo ap vann tèt nèg sa vle di gouvènman Preval la pran premye pri nan aplike plan lanmò-a, li fin kraze osinon vann sa Delatou ak Gera Latòti pat vann oubyen kraze.

MOREPLA konstate sektè agrikòl la imilye andedan CCI ( Pwogram yo rele kad kooperasyon Enterimè-a ) Agrikilti ak pwodiksyon nasyonal la se pa yon priyorite nan plan sa-a ki ranmase tout oryantasyon plan lanmò-a.

Desizyon gwo ponyèt gouvènman nou yo toujou ap pran pou siyen kontra degrenn gòch yo lage anviwon 125 mil moun nan la mizè andan depatman-an, kote ke ge anviwon 60 mil plantè diri an, 28 mil ouvriye agrikòl, 8 mil machann diri ak 400 propriyete moulen diri nan Latibonit san konte yon bann lòt moun nan peyi-a sa fè gen plis moun ki ale nan bidonvil oubyen ki al fè braseròs an Dominikani poun pa di esklavaj.

Nou konstate gouvènman an ap aplike plan lanmò-a tankou yon robo pwograme se sak fè gen akò tankou akò T & Rice-SA se yon akò ilegal kap akselere mizè-a plis nan mitan mas peyizan nan milye riral yo kote ke jounen jodi-a 82% popilasyon kap viv nan mòn yo ap viv anba lento pòt povrete yap viv ak pi piti pase yon dola Ameriken kòm revni yo chak jou. Revni sa-a pa pèmèt peyizan yo satisfè pi piti bezwen elemantè.

Konsomasyon sereyal ap ogmante nan kad chanjman kiltirèl pèp la. Abitid manje popilasyon-an chanje. Chanjman sa yo favorize konsomasyon ble, nan manje pen ki ranplase kasav, diri ki sou bit ranplase mayi ak pitimi, popilasyon an ap manje mwens viv ak rasin tankou : (yanm, patat, tayo eks.) sa lakòz konsomasyon diri a pase a 416.000 tòn metrik nan lane 2003, men Latibonit kite konn pwodwi 134.000 tòn metrik. Jodi-a se sèlman anviwon 76.000 tòn li bay, sa vle di plis pase 300 milyon dola vèt ki ap kite peyi-a chak lane sou baz enpòtasyon, lajan sa a ale nan men kòmèsan ayisyen ak biznisman etranje pou achte manje.

Pou MOREPLA

  1. Lè nou konsidere de jou an jou vant popilasyon vin pi plis nan men boujwazi reyaksyonè nasyonal ak transnasyonal ( bò isit ak bò lòt bò ).
  2. Lè nou konsidere plènn Latibonit sèlman kapab pwodwi plis pase 200.000 tòn diri ki ta reprezante pi fò nan kantite diri moun nan peyi-a bezwen pou konsome chak lane
  3. Lè nou konsidere leta-a demisyone nan wòl li ki se asire sèvis popilasyon-an, li pito ap pran kèk gwo desizyon pou pase anba pye agrikilti ak anviwonman peyi-a ki lakòz peyizan yo ak ouvriye agrikòl yo aplike zòn ki pi rekile yo pou ale tabli yo andan bidonvil nan gwo vil ak nan peyi Dominikani.
  4. Lè nou konsidere leta ayisyen ki mete dakò ak boujwazi nasyonal ak trans nasyonal yo pou kraze pwodiksyon nasyonal la epi blayi mizè nan mitan mas pèp la.

Nou menm fanm ak gason nan 4 kwen Latibonit ki prezan nan gwo manifestasyon sa a 7 novanm 2006 nan Kafou Pèy- la, nan non MOREPLA, nap mande prese prese :

– Pou gouvènman- n pote solisyon bay plantè Tirivyè yo sou pwoblèm kanal riv-dwat Timango a ki kraze depi anviwon 45 jou konsa pou yo fè sak nesesè ki se kire kanal la

– Pou Ministè Agrikilti li bay akonpayman ak ankadreman pou plantè yo, pou yo ranfòse ODVA pou rezoud kriz peyizan malere Tirivyè Latibonit yo.

– Pou leta pran responsabilite l’ nan pote sekou bay popilasyon vale Latibonit yo patikilyèman Tirivyè ak Desalinn , epi pran bon jan mezi pou repare defisi ak pèt plantè yo.

– Pou leta mete mwayen nan dispozisyon ODVA, epi fòk òganizasyon peyizan yo bay dizon yo nan nouvo estrikti ODVA a, paske se yo ki premye konsène.

– Pou Leta Ayisyen pran bon jan mezi pou retabli anviwonman peyi-a sinon zansèt yo tankou Desalinn ak Chalemagne Peralt ka vanje yo.

– Pou leta Ayisyen kanpe plan lanmò-a, sispann masakre vant pèp la nan aplike plan lanmò-a, sa vle di nasyonalize moulen Dayiti, kanpe la vant teleko a epi ranfòse tout lòt enstitisyon leta.

– MOREPLA di li pa dakò ak plan pou pase sistèm edikasyon an bay sektè prive-a.

– Pou leta pran bon jan mezi pou desann pri lavi-a ki trò chè epi fòk yo sibvansyone pwodiksyon nasyonal la espesyalman sektè agrikilti ak elvaj.

Pou tout rezon sa yo : nou menm fanm ak gason, peyizan nan MOREPLA ouvriye, òganizasyon etidyan, ak tout lòt sektè andan depatman-an map mare fòs nou ansanm nou pote soutyen bay peyizan plantè Tirivyè yo ak nan tout vale-a.

MOREPLA mande pou tout peyizan ak ouvriye tou pa tou, isit kon lòt bò dlo, pote kole ak rèl peyizan plantè Latibonit yo.

Viv pwodiksyon nasyonal!!

Viv diri Latibonit!!

Viv òganizasyon peyizan plantè yo!!

Aba okipasyon!!

Aba MINISTA!!

Aba plan lanmò!!

Nou pa dwe, nou pap peye oken dèt!!

Nou mènm pèp, nou la se lafòs lè nou òganize nou!!

Moun ki siyen nòt sa a se :

Jacques Assancio, Kòdonatè MOREPLA

Derisier Jean Veny, Trezorye

Mesadieu Raymond, Konseye