Aller au contenu

VIV CHE GUEVARA!!

Chapo ba pou Che!

9 oktòb 1967-9 oktòb 2006 fè ekzakteman 39 lane depi Che Guevara tonbe. Konplo CIA ak lame Bolivi etenn souf yon kokenn chenn mapou ki t ap batay kont awogans ak dominasyon enperyalis meriken sou Amerik la ak sou rès mond lan. Che te chwazi batay tou kont eksplwatasyon moun rich yo ap fè sou moun yo rann pòv yo. Se kokenn chenn rèv sa a ki ta pral lakoz kriminèl CIA ak lame Bolivi a touye Che.

CHE GUEVARA: YON MODÈL MILITAN OKENN PWOGRESIS
PA DWE JANM BLIYE

Chapo ba pou Che!

9 oktòb 1967-9 oktòb 2006 fè ekzakteman 39 lane depi Che Guevara tonbe. Konplo CIA ak lame Bolivi etenn souf yon kokenn chenn mapou ki t ap batay kont awogans ak dominasyon enperyalis meriken sou Amerik la ak sou rès mond lan. Che te chwazi batay tou kont eksplwatasyon moun rich yo ap fè sou moun yo rann pòv yo. Se kokenn chenn rèv sa a ki ta pral lakoz kriminèl CIA ak lame Bolivi a touye Che.

Che mouri, rèv li yo pa mouri

Rèv Che yo ap boujounen nan batay mas pèp nan divès peyi sou latè kontinye ap mennen kont dominasyon ak eksplwatasyon, kont lagè nan peyi Irak ak kont mondyalizasyon neyoliberal la.

Rèv Che yo kontinye ap donnen nan pwogrè revolisyon sosyalis la ap fè nan Kiba ak nan batay pèp Venezwela ak Bolivi ap mennen pou tabli lakay yo yon lòt kalite sosyete.

Nan peyi Dayiti, 39è anivèsè lanmò Che Guevara vin jwenn nou anba grif ak bòt militè peyi etranje, yon okipasyon ki vle manch long, k ap deplòtonnen anba chapo LONI. 39è anivèsè sa a rive tou nan yon moman konfizyon kote pwogresis, machann peyi ak atoufè ap prepare pou selebre desanzan asasina Desalin ki pase nan yon sikonstans ki pa janm klè.

Nan sans sa a MODEP kwè gen di mil rezon pou tout pwogresis ki vle goumen nan peyi a mete ansanm ak mas yo pou kontinye suiv chimen Desalin, Che Guevara, Chalmay Peralt, Akawo ak Benwa Batravil te trase kite pou nou. Sou baz sa a MODEP kwè tout moun kap kolabore ak MINISTA jounen jodi a, se trèt tankou Konze k ap simen pikan sou chimen konbatan sa yo te trase a. Tout pwogresis konsekan dwe kontinye goumen ansanm ak mas yo pou wete peyi a anba okipasyon fòs LONI yo epi tabli yon lòt kalte sosyete kote tout moun gen dwa viv tankou moun.

VIV RÈV CHE YO! VIV YON PEYI GRANMOUN!
ABA TOUT TRÈT KI KONTINYE AP TOUYE DESALIN AK CHE!

Pou MODEP:


_________ ____________ _________ ___
Guy Numa Nixon Boumba