Nan dat 24 ak 25 jiyè k ap vini la a, plizyè peyi ki di yo se zanmi Ayiti ak enstitisyon entènasyonal ap rankontre nan « Karibe Convention Center ». Rankont sa a ap fèt selon sa yo pou chita ak otorite Ayiti yo pou defini priyorite peyi a epi pou gade kouman bay Ayiti bourad lajan. Apre rankont bayè yo te fè nan Waschinton nan dat 18 ak19 jiyè 2004, yo te pwomèt gouvènman tranzisyon an, plis pase yon milya dola. Anviwon 964 milyon dola deja depanse nan lajan sa a. Men, pifò lajan an pase anba ponyèt MINISTA. Sa vle di, èd kominote entènasyonal la plis sèvi pou li finanse pwòp tèt li. Yon pati nan lajan sa a pase tou nan men ti boujwa ak enstitisyon k ap kolabore ak fòs okipasyon an. Alòske, se lajan taks pèp la, lajan leta pran sou gaz la k ap gen pou peye dèt sa yo.
Nan moman gouvènman an ap prepare rankont sa a, nan moman anpil je brake sou Ayiti, nan moman kote dèt peyi Dayiti a ap ogmante chak jou pirèd, Kolektif la kwè se yon nesesite pou nou reflechi epi mobilize sou kesyon dèt la.
II- Kouman pwoblèm dèt la poze nan peyi a
Premye dèt Ayiti kòmanse peye, se dèt endepandans lan. Sou gouvènman Bwaye a, Lafrans te fòse Ayiti peye 150 milyon fran (30 milyon dola meriken), pou frekan li te fè lò li te pran endepandans li nan ane 1804. Dèt sa a te vin peze lou sou do peyi a pandan tout 19e ak 20e syèk la pou jou jounen jodi a.
Nan ane 1980 yo, sitiyasyon peyi amerik latin yo te difisil anpil. Enstitisyon entènasyonal yo ak enperyalis meriken te enpoze ti peyi yo politik neyoliberal yo kòm solisyon. Se nan moman sa a, politik neyoliberal yo kòmanse fè chimen yo nan kontinan an. Nan peyi Dayiti, gouvènman Divalye yo te kòmanse kolabore ak enstitisyon k ap bay Ayiti ponya yo. Konsa, vin gen yon seri peyi rich ak FMI epi Bank Mondyal k ap prete Ayiti lajan swadizan pou ede l devlope. Men nou ka konstate, Ayiti kontinye ap vlope pirèd nan mizè ak soudevlopman.
Tout gouvènman militè ki vin apre 1986 yo te rantre nan lojik sa a tèt bese. Pandanstan, dèt la t ap ogmante. Men, kesyon dèt la vin pran vitès siperyè li toutbon apre retou Aristid nan peyi a. Nan mwa janvye 1995, gouvènman Ayisyen an te siyen yon akò ak bayè yo pou 2 milya 500 milyon dola vèt sou yon peryòd 5 lane. Nan lajan sa a, 1 milya 500 milyon dola se te lajan ponya. Se depi lè sa a Ayiti kòmanse peye plis lajan enterè sou dèt. Yon bon pati nan bidjè repiblik la vin konsakre nan kesyon peye dèt. Selon chif ki sou sit entènèt PAPDA yo, nan ane 1995-1996, Ayiti te rive peye 800 milyon goud kòm enterè sou dèt. Alòske, se sèlman 120 milyon gouvènman an te depanse nan kesyon agrikilti. Kidonk, kesyon dèt FMI ak BANK MONDYAL yo pi enpòtan pou gouvènman neyoliberal yo pase kesyon sante, edikasyon, agrikilti elatriye.
Selon yon enfòmasyon nou jwenn sou sit PAPDA (https://www.papda.org), nan dat 4 janvye 2005, gouvènman Bonifas/Latòti a peye BANK MONDYAL 52 milyon 600 mil dola vèt (sa ki fè 1 milya 946 milyon 200 mil goud) apeprè 2 milya goud pou dèt yo di Ayiti te dwe Bank sa a. Apre gouvènman Latòti a te fin peye dèt sa a, BANK MONDYAL te soti yon kominike nan dat 8 janvye (4 jou apre) pou di yo debloke 73 milyon dola pou Ayiti. Men nan lajan sa a, 61 milyon te la pou kesyon gouvènans ekonomik ki gen ladan tou kesyon privatizasyon antrepriz piblik yo. Nan akò a, BANK MONDYAL te di aklè fòk gouvènman an anplwaye (rekrite) yon seri “ekspè” entènasyonal ki espesyalize nan zafè pasasyon mache (espesyalis nan zafè likide antrepriz leta). Gouvènman an te pran angajman bò kote bayè yo pou li anplwaye yon seri kabinè entènasyonal pou fè etid finansye yon seri enstitisyon tankou : CAMEP, AAN, APN, EDH ak TELEKO anvan yon privatize yo. Sa pa gen lontan nou te tande Prezidan Preval ki te di nan peyi Kanada, li pral privatize antrepriz leta yo jan li te deja kòmanse fè sa pandan premye manda li a. Sa ta vle di, Preval pata gen twòp pwoblèm pou li respekte angajman gouvènman Bonifas/Latòti a te pran ak bayè yo.
Sa ki fè jounen jodi a, ak lajan prete sa yo, Ayiti rive dwe jounen jodi a, anviwon 1 milya 300 milyon dola vèt. Ayiti ap peye apeprè 60 milyon dola vèt chak ane kòm enterè sou dèt li dwe enstitisyon ak peyi ki di y ap ede l yo. Sa vle chak mwa, nou peye apeprè 5 milyon dola vèt pandan malere ak malerèz paka manje, paka jwenn sante epi paka voye pitit yo lekòl.
Si n gade byen, malgre tout « èd » yo bay Ayiti, sitiyasyon peyi a vin pi malouk. Diferan gouvènman ki pase yo kole tèt yo ansanm ak boujwazi a pou souse san pèp la. Si nou pran egzanp gaz la, nan ane 1980 yo, leta te konn mete kèk santim sou li lè li monte nan nivo entènasyonal. Men, depi ane 1990 yo, nou ka konstate, chak lè gaz la monte nan nivo entènasyonal, gouvènman yo mete anviwon 20-25 goud sou galon an yon mannyè pou yo ka rantre plis kòb pou peye dèt. Yon moun k ap analize reyalite dèt la nan ti lèt fen, gendwa di se noumenm k ap ede peyi rich yo ak enstitisyon k ap bay ponya yo olye se yo ki ede nou.
III- Nou pa manje pwa, nou pap bay lapire
Jan nou deja disa piwo a, pifò lajan ki rantre nan peyi a pa sèvi nan enterè peyi a. Pifò lajan sa yo toujou tounen nan peyi yo, nan peye ekspè etranje, nan achte bèl machin epi nan pòch vòlè nasyonal ak entènasyonal. Kidonk, lajan ponya yo pap janm ede nou soti nan sitiyasyon malouk n ap viv jounen jodi a. Lajan ponya FMI ak BANK MONDYAL yo, se lajan chango, y ap rantre nou pifon nan twou si nou pa defini pwòp politik nasyonal pa nou epi konte sou resous pa nou dabò ak koperasyon san fòs kote ak peyi ki sanble ak nou sitou peyi sid yo.
Se vre bò lakay pa nou, kochon an pa gra. Men gen kichòy nou ka jwenn. Chak ane, Ayiti ap pèdi anviwon 150 milyon dola nan kontrebann boujwa yo ap fè nan peyi a. Si nou rive mete fen nan zafè kontrebann nan, lajan sa a kapab sèvi pou itil peyi a. Nan ane ki sot pase yo, gouvènman tranzisyon an bay yon pil gwo komèsan avantaj pou yo pa peye taks sou pwodui y ap rantre nan peyi a (franchiz). Konsa, sa lakòz peyi a pèdi yon bann lajan ki kapab sèvi pou amelyore kondisyon lavi malere ak malerèz nan peyi a. Si otorite yo fòse boujwa yo peye taks yo dwe leta, gen yon pil ak yon pakèt lajan k ap rantre nan kès leta a ki kapab plis itil peyi a pase lajan ponya FMI ak BANK MONDYAL yo.
Nou pap bliye tou kantite lajan Ayiti ap pèdi nan zafè richès ki anba lanmè nou yo. Nou sonje gwo eskandal ki sot pete sou kesyon sa a kote Ayiti ap pèdi plizyè milyon dola vèt. Lajan sa yo ka sèvi pou rezoud anpil pwoblèm nan peyi a. Kòripsyon ap fè kenken nan administrasyon piblik la, si nou frennen kòripsyon an epi arete, jije vòlè ak kòl yo, kès leta a ap gen plis lajan pou reponn ak bezwen peyi a.
Dènye bagay n ap siyale se kesyon dèt endepandans lan. Ayiti merite jistis ak reparasyon pou dèt endepandans lan epi pou move tretman kolon fransè yo te bay zansèt nou yo pandan tan esklavaj la. Sou kesyon sa a, Kolektif la kwè gouvènman an dwe angaje yon batay bò kote entènasyonal la pou jwenn jistis ak reparasyon bò kote lafrans.
Pou fini n ap di Kolektif la kwè gouvènman an dwe sispann peye dèt Ayiti a. Nou egzije kominote entènasyonal la pou li elimine nèt al kole dèt Ayiti a san kondisyon. Se sèl jan pou yo montre volonte pou yo ede Ayiti tout bon.