Aller au contenu

Pòtoprens jou ki 24 Me 2006 : Chak krim ki fet pat dwe janm fet ! enpinite dwe kaba !

Chak krim ki fèt pat dwe janm fèt si te gen lajistis.

Chak krim ki fèt pat dwe janm fèt si pat gen zam k ap sikile agogo nan peyi a san okenn kontwòl.

Chak krim ki fèt pat dwe janm fèt si pat gen politisyen rat do kale ki t ap bay pèp la zàm pandan y ap fè kapital politik yo sou iyorans li.

Chak krim ki fèt pat dwe janm fèt si tout sitwayèn ak sitwayen kase chenn laperèz pou denonse atoufè epi rele chalbari dèyè enpinite.


Se pou sa nou menm nan SOFA, nou estomake lè nou tande kijan Madan Lucienne Heurtelou Estimé, tonbe anba bal senk (5) ansasen, jou kite 19 me 2006 la, nan Riyèl Difò, Bwa Vèna. Yon jou apre 18 Me, fèt Drapo nou, senbòl lapè ak linyon andedan peyi a.

Kriminèl yo ansasinen yon ansyèn Premye Dam ki te jwe wòl sa a nan peyi a sòti 1946 pou rive 1950. Nap sonje se yon koudeta militè ki te voye Prezidan Estime, mari Madam Lucienne Heurtelou nan kanpe lwen nan peyi etranje kote li te mouri.

Nan SOFA, se san k ap bouyi nan venn nou lè nou wè kouman klima vyolans, laperèz ak enpinite ki kontinye layite kò l nan peyi a, lakòz fanm ap tonbe tankou poul anba zàm sanginè.

Yon lòt fwa ankò, epi kòmsi se te yon aza, VIKTIM VYOLANS LAN SE YON FANM : Yon fanm 87 lane ki te chwazi viv lakay li an Ayiti alòske li te gen posibilite rete viv andeyò peyi a ;

Yon Peyi kote, rive viv nan laj 87 lane se yon rekò; paske limit laj mwayen yon Fanm rive viv nan peyi Dayiti se 58 lane. Yon fanm 87 lane sa vle di yon fanm pèsonaj, yon kategori moun Leta meprize andedan peyi a, yon kategori moun Leta pa janm fè anyen pou soulaje yo, ni demontre yo, yo rekonèt kontribisyon yo pòte nan travay pou peyi a vanse.

Eske lè nou di « Mourir est beau » nan peyi a se kalite lanmò sa yo nap pale? kote bandi ak zàm kontinye san kè sote, ap ansasinen sitwayèn ak sitwayen, kidnape, vyole fanm, vyole jenfi ak timoun?

Nan SOFA, zak sasinay Madan Lucienne Heurtelou Estimé a, fè nou poze tèt nou kesyon : eske se yon krim vòlò ansasen, oswa se pratik sasinay politik la kap kontinye jan yo te touye Pè Ti Jean Pierre-Louis, Jean Dominique, Danielle Lustin ak anpil lòt ankò. Eske se yon avètisman pou bay yon pinga?

Nou pa konnen repons kesyon sa yo, sa nou konnen, toutotan LAJISTIS pa mare kòd nan kou kriminèl sa yo, toutan responsab leta yo pa desitire gang ame, enpinite ak laperèz ap kontinye gaye nan peyi a.

SI PA GEN SITIRÈ PA GEN KRIMINÈL ! Atansyon tout enstans nan pouvwa a ki gen wòl pwoteje lavi ak byen nan peyi a, si yo pa pran bonjan dispozisyon pou fèmen vàn k ap ponpe ensekirite a yo se sitirè kriminèl. Pèp ayisyen fanm kou gason, pa vle wè LAPÈ nan rèv, nou pa vle tande LAPÈ nan bèl diskou. Nou vle viv nan LAPÈ, san kè sote. Nou pap bay asasen legen.

Chak Krim ki fèt pat dwe janm fèt. Tout krim, fèt pou pini jan Lalwa mande sa!

Nan SOFA, tan nap pataje lapèn ak soufrans pitit, fanmi ak zanmi viktim nan, n ap mande : JISTIS POU MADAN LUCIENNE HEURTELOU ESTIME.

TWOP SE TWOP !!!

LETA, PRAN RESPONSABLITE W

LAJISTIS DWE FÈ TRAVAY LI EPI SISPANN SEVI ZOUTI POU REGLE KÒZ KRIMINEL K AP TOUYE MOUN AK LOT K AP SOUSE BYEN PEYI A.

ABA ENPINITE

LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PEP LA !!!

Marie Eveline Larrieux

Kòdonatris Jeneral SOFA