Aller au contenu

Revandikasyon mas yo ak Plan neyoliberal la se lèt ak sitwon

7 fevriye 2006, mas yo chwazi Rene Preval pou mennen bak peyi a. Mas yo bay Preval yon manda pou l atake pwoblèm chomaj, mizè, lavichè, pwoblèm sante, edikasyon, lwaye kay elatriye. Men malerezman, prezidan eli a vle pran wout dezespwa a lè l chwazi plan neyoliberal la pou bousòl li.Nan tout peyi kote plan sa a pase, li pote lavichè, chomaj, ensekirite ak destriksyon pwodiksyon nasyonal la. Kolektif la konstate plizyè espesyalis neyoliberal deja pran plas yo nan kamyon Espwa a pou al pote dezespwa nan mitan mas yo.


Pandan premye manda Preval la, plan neyoliberal la te deja nan pwogram li. Se nan moman sa a prezidan an ak OPL privatize minotri ak siman dayiti epi yo voye nan chomaj plizyè santèn anplwaye nan administrasyon piblik la ak pwogram depa volontè a. Plizyè antrepriz tankou : BNC, TELEKO, APN, EDH ak Ayewopò te gentan sou lis pou vann. Politik privatizasyon ak depa volontè sa a lakòz jounen jodi a malere ak malerèz paka achete siman pou fè kay epi farin ak pen monte disèt. Anplis sa, plis travayè vin lage de bra balanse nan lari a, nan chomaj.

Ane sa a ankò, nouvo prezidan an anonse nan peyi Kanada, li pral privatize antrepriz piblik yo. Plizyè gwo potanta ki kache dèyè do Preval ak sa ki te konn voye toya sou li, deja pare pou yo achte antrepriz Leta yo pou po patat. Ak ki lajan Prezidan an pral rezoud pwoblèm mizè nan katye popilè yo, pwoblèm sante, edikasyon nan peyi a si li privatize antrepriz Leta yo ? Nan kad politik sa a, pwodiksyon nasyonal la pral kontinye pran souflèt anba men pwodui pèpè epi dèt ekstèn peyi a pral ranfòse. Sa ki pral ranfòse tou depandans peyi a vizavi peyi rich yo.

Eske nouvo prezidan an ap kapab sèvi 2 mèt anmenmtan ?

Nan plizyè deklarasyon li fè, nouvo prezidan an fè konnen li pral atake pwoblèm sante, edikasyon ak divès lòt pwoblèm k ap brase bil popilasyon an. Men, anmenmtan, nouvo prezidan an dakò pou li kontinye bay pèp la bwè lòk FMI ak Bank Mondyal yo. Nan moman n ap pale la a, ekip Espwa a deja ap diskite posiblite pou li rekondui pwogram CCI a ki fèt ak resèt neyoliberal yo. Alòske pwogram sa a pa pote anyen pou ouvriye, peyizan, timachann ak kouch moun ki pi pòv nan katye popilè yo. Deklarasyon Prezidan an nan Kanada fè nou kwè li vle pran premye minis li pral genyen an ak palmantè yo pou poupe twèl. Kolektif la kwè, palman an ak òganizasyon ki nan sosyete a gen mo pa yo pou yo di sou kesyon sa yo. Pou noumenm, sa ki klè, revandikasyon mas yo jounen jodi a, se rezoud pwoblèm mizè, lavichè, travay, desann pri manje, pri gaz, kontwole pri lekòl ak pri kay epi bay peyizan yo tè pou yo travay nan kad yon bonjan refòm agrè. Politik neyoliberal la ak revandikasyon sa yo se lèt ak sitwon.

Ki wout pou nou pran ?

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè kwè Prezidan eli a dwe chwazi tande FMI oubyen mas yo ki te vote l. Wout neyoliberal la se wout echèk. Pou evite wout echèk la, Kolektif la mande moun ki nan katye popilè yo, militan ak òganizasyon konsekan kale je yo pou leve kanpe kont tout politik ki kont enterè mas yo. Batay la jounen jodi a se pou nou fòse nouvo pouvwa a :

  1. Desann pri gaz la, nan sans sa a fòk PetroKaribe a jere nan enterè mas yo
  2. Desann pri tout pwodui premye nesesite yo
  3. Tabli magazen Leta nan katye popilè yo ak nan tout komin nan peyi a
  4. Elimine franchiz pouvwa defakto a te bay boujwa yo
  5. Kontwole kantite benefis komèsan yo ap fè sou gaz la ak sou tout pwodui ak sèvis premye nesesite yo
  6. Tanmen yon bonjan refòm agrè pou peyizan yo jwenn tè ak ankadreman pou yo travay tè a.

Kolektif la mande tout palmantè ki toujou mare sosis yo ak kòz pèp la, pou yo akonpaye mas yo nan wout sa a. Paske, wout neyoliberal la ap mennen nou nan dezespwa.

Aba privatizasyon antrepriz Leta yo ! Aba Lavichè !

Viv yon pèp granmoun nan yon peyi granmoun !

Pou Kolektif la :

Makenton Civilma

Yves Barthélemy

Guy Numa