Aller au contenu

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ap wete chapo l byen ba nan moman sa a devan tout kamarad, tout zanmi ak senpatizan ki pandan plizyè okazyon pote kole ak li nan batay kont lavichè a.

Kèk jou anvan Kolektif la te lanse premye sitin li devan Ministè Lavi chè, Kolektif la ap kontinye di mas yo, etidyan yo, elèv lekòl yo, maman ak papa pitit leve kanpe kont lavichè a k ap kokobe yo. Kolektif la ap di yo mwa avril la, se mwa pou genyen yon diplis nan mobilizasyon kont lavichè a.


Kolektif la konstate soti mwa avril 2005 pou rive jounen jodi a, li grandi anpil. Konsa tou, gen lòt done ki rantre nan batay la, gen lòt done ki rantre nan konjonkti an, tankou keksyon PETROKARIBE a.

Kolektif la rete kwè si Ayiti rantre nan PETROCARIBE a ak avantaj li ofri epi si avantaj sa yo jere nan enterè popilasyon an, patikilyèman, mas yo, gen posiblite pou pwa lavichè ta diminye sou kou manman ak papa pitit nan peyi a.

Batay kont lavichè a, batay pou Ayiti ka vin manm PETROKARIBE, pèmèt Kolektif la dekouvri yon lòt fwa ankò kouman mizè mas yo, grangou, pwoblèm tout kalte y ap konfwonte pa janm vle di anyen ni pou enstitisyon entènsayonal yo (FMI, Bank Mondyal, PNUD), ni pou boujwazi a, ni pou dirijan leta yo. Okontrè, yo bezwen mizè mas yo kòm machandiz pou yo fè plis lajan nan tout sans : okipasyon, fè koutye pwojè, kreye baz politik pou eleksyon ak pou jwenn djòb nan leta a, pete mas yo ak pwomès, elatriye

Men tou, apre yon lane batay, òganizasyon ki nan Kolektif la rann yo kont gen anpil lòt òganizasyon ki di yo pwogresis nan peyi a, anpil lòt sektè sosyal k ap koukouman anba lavi chè a, anpil moun nan mitan mas yo ki pa konprann ni sans batay yo a, ni enterè ak avantaj yo ta genyen pou Ayiti ta vin manm PETROCARIBE.

Kolektif la pa gen okenn pretansyon pou kont pa l, pou l mennen batay kont lavi chè a tankou tout lòt batay ki gen kòm objektif amelyore kondisyon lavi moun nan peyi a, desitire sistèm peze souse a. Okontrè, batay kont lavichè a ki makonnen ak batay pou rezoud pwoblèm enèji nan peyi a nan enterè tout popilasyon an, patikilyèman mas yo, dwe mennen nan yon veritab Platfòm nasyonal.

Pou Kolektif la:

Yves BARTHELEMY

Makenton CIVILMA